Ezayi 40​:​1-31

  • Konsolasyon pou pèp Bondye a (1-11)

    • Yon vwa nan dezè a (3-5)

  • Bondye gran anpil (12-31)

    • Nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit (15)

    • Bondye abite anlè “boul tè a” (22)

    • Tout zetwal yo gen non yo (26)

    • Bondye pa janm fatige (28)

    • Moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs (29-31)

40  Men sa Bondye nou an di: “Konsole pèp mwen an, konsole l+.   Pale yon fason pou w touche kè* moun Jerizalèm yo.Fè yo konnen travay yo t ap fòse yo fè a fini.Yo fin peye pou sa yo fè+.Se nan men Jewova yo resevwa tout pinisyon* pou tout peche yo fè yo+.”   Gen vwa yon moun k ap di byen fò nan dezè a:“Prepare wout la pou Jewova+!Fè yon gwo wout byen dwat+ nan dezè a pou Bondye nou an+.   Se pou yo leve tout vale met byen wo,E se pou yo fè tout gwo mòn ak tout ti mòn vin byen ba.Tè ki gen douk la dwe vin swa,E tè ki gen bit la dwe vin yon plèn ki byen plat+.   Moun ap fè konnen glwa Jewova+,E tout moun ansanm ap wè glwa l+.Paske, se Jewova ki di sa ak bouch li.”   Koute! Gen yon moun k ap di: “Rele!”Gen yon lòt ki mande: “Ki sa pou m rele a?”“Tout moun tankou zèb vèt.Tout lanmou fidèl yo genyen an tankou flè ki nan savann+.   Zèb vèt yo vin sèch,Flè yo fennen+,Paske Jewova soufle sou yo ak souf* li+.Vrèmanvre, se zèb vèt moun yo ye.   Zèb vèt yo vin sèch,Flè yo fennen,Men, pawòl Bondye nou an la pou toutan+.”   Monte sou yon tèt mòn ki wo,Ou menm fi k ap pote bon nouvèl pou Siyon+.Pale byen fò,Ou menm fi k ap pote bon nouvèl pou Jerizalèm.Pale fò, pinga w pè.Di moun ki nan vil Jida yo: “Men Bondye nou an+!” 10  Gade! Jewova, Seyè ki Souvren an, ap vini avèk pisans.Li pral dirije avèk men l+.Gade! L ap vin ak tout rekonpans li,E rekonpans l ap bay la devan l+. 11  L ap pran swen twoupo l la menm jan ak yon bèje+.L ap rasanble ti mouton yo ak bra l,E l ap pote yo sou lestomak li.L ap pran swen sa ki gen pitit nan tete yo avèk tandrès+. 12  Kiyès ki rive kenbe tout dlo ki nan lanmè nan men l+?E kiyès ki pran mezi syèl la ak lajè men l*?Kiyès ki rasanble pousyè ki sou tè a met nan yon mezi+?Oswa kiyès ki peze mòn yo nan balans?E kiyès ki peze ti mòn yo nan balans? 13  Kiyès ki mezire* lespri Jewova?E kiyès ki ka aprann li yon bagay e ki ka ba l konsèy+? 14  Ak kiyès li te pale pou l ka gen bon konprann?Oubyen kiyès ki montre l mache nan chemen ki dwat la?Oubyen kiyès ki fè l gen konesans?Oubyen kiyès ki montre l wout ki mennen nan bon konprann toutbon+? 15  Gade! Nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit,E li wè yo tankou kouch pousyè sou balans+.Gade! Li leve zile yo tankou yon ti pousyè. 16  Menmsi yo ta koupe tout pyebwa ki nan Liban yo pou boule yo sou yon lotèl,E menmsi yo ta boule tout bèt bwa ki nan Liban yo nèt kòm sakrifis, yo pap ase pou li. 17  Tout nasyon yo tankou yon bagay ki pa egziste devan l+.Li konsidere yo pa anyen, yo tankou bagay ki pa gen okenn valè+. 18  Ak kiyès nou ka konpare Bondye+?Kiyès nou ka di ki sanble avè l+? 19  Atizan an fè yon zidòl*,Òfèv la kouvri l ak lò+,E li fè chèn ajan pou dekore l. 20  Li chwazi yon pyebwa pou l bay kòm ofrann+,Yon pyebwa ki pap pouri.Li chèche yon atizan ki konn travay byenPou ba l fè yon zidòl ki pap tonbe+. 21  Èske se konnen nou pa konnen?Èske se tande nou pa tande?Èske se di yo pa t di nou sa depi nan kòmansman?Èske se konprann nou pa t konprann sa depi lè yo t ap fè fondasyon tè a+? 22  Gen yon Bondye ki abite anlè boul* tè a+,E moun ki abite sou tè a tankou krikèt.Li ouvè syèl la tankou yon twal fen,E li ouvè l tankou yon tant pou l abite+. 23  Li retire pouvwa moun ki nan gwo pozisyon yo,E li fè jij* yo sou tè a pa gen okenn valè. 24  Yo poko menm fin plante yo,Yo poko menm fin simen yo,Rasin yo poko menm fin pran nan tè,Yo soufle sou yo e yo seche,Epi, van pote yo ale tankou pay+. 25  Men sa Bondye ki sen an di: “Ak kiyès nou ka konpare m pou n fè m egal avè l? 26  Leve je nou nan syèl la epi gade.Kiyès ki kreye bagay sa yo+?Se Sila a ki dirije yo tankou yon lame, selon kantite yo ye.Li rele yo tout nan non yo+.Grasa pakèt fòs li genyen ak pisans li genyen ki fè moun gen lakrentif pou li+,Pa gen youn ladan yo ki manke. 27  O Jakòb, poukisa w di sa a? O Izrayèl, poukisa w deklare:‘Jewova pa wè wout mwen,E Bondye pa fè m jwenn jistis+’? 28  Èske se konnen nou pa konnen? Èske se tande nou pa tande?Jewova, Kreyatè tout kote ki sou tè a, se Bondye pou tout tan gen tan+.Li pa janm fatige, ni li pa janm faya+.Pèsonn pa ka rive konnen* bagay li konprann yo+. 29  Moun ki fatige yo, li ba yo fòs,E moun ki manke fòs yo*, li fè yo gen tout fòs yo+. 30  Tigason yo ap fatige e y ap vin faya,Jèn gason yo ap bite e y ap tonbe, 31  Men, moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs.Y ap vole byen wo kòmsi yo te gen zèl tankou èg+.Y ap kouri, men yo pap faya.Y ap mache, men yo pap fatige+.”

Nòt anba paj

Oswa: “Pale yon fason pou konsole”.
Oswa: “resevwa de fwa lavalè”.
Oswa: “espri”.
Distans ki gen ant pwent gwo pous ak ti dwèt la lè men yon moun ouvè. Gade Apendis B14.
Se kapab tou: “konprann”.
Oswa: “yon estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “wonn”.
Oswa: “chèf”.
Oswa: “pa ka rive konprann”.
Oswa: “manke enèji k ap travay nan yo”.