Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 135

“Pitit mwen, montre w saj”

“Pitit mwen, montre w saj”

(Pwovèb 27:11)

  1. 1. Nou menm jèn, mwen di nou tanpri,

    ban mwen kè nou.

    Ènmi’m nan ap moke’m, anfèt,

    li trè jalou.

    Li wè nou ban’m fòs nou ak vi’n

    san grate tèt.

    Nou montre tout moun se mwen nou

    chwazi kòm mèt.

    (REFREN)

    Pitit gason’m, ak pitit fi mwen,

    Montre’n saj pou’n fè kè’m kontan.

    Se pou nou sèvi’m ak tout kè nou.

    Se pou’n chwazi louwe’m toutan.

  2. 2. Nou mèt rejwi, pa pè ban mwen

    tout sa’n genyen.

    Menmsi nou ta bite,

    mwen la, m’ap ban’n lamen.

    Menmsi moun twonpe nou,

    menmsi yo ban’n manti,

    Nou dwe sonje nou se pitit

    mwen ancheri.

    (REFREN)

    Pitit gason’m, ak pitit fi mwen,

    Montre’n saj pou’n fè kè’m kontan.

    Se pou nou sèvi’m ak tout kè nou.

    Se pou’n chwazi louwe’m toutan.