Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 136

Jewova ap byen rekonpanse w

Jewova ap byen rekonpanse w

(Rit 2:12)

  1. 1. Jewova fidèl e li konnen nou byen,

    Li konnen tout moun k’ap sèvi’l.

    Li konnen, pafwa, atachman yo pou li

    Konn lakòz yo soufri anpil.

    Si’w te kite kay, fanmi oswa zanmi,

    Gen konfyans, Bondye wè tousa.

    Li ba’w frè ak sè nan kongregasyon’l lan,

    E l’ap fè’w jwenn vrè lavi a.

    (REFREN)

    Jewova apresye’w pou tout sa’w fè,

    Ou mèt gen konfyans l’ap rekonpanse’w.

    Se pou’w pran refij anba zèl li.

    Jewova Dye fidèl. Li pap bay manti.

  2. 2. Pafwa’w ka santi lavi a tèlman di,

    Ou prèske pa ka sipòte.

    Ou ka menm panse sa’w gen pou’w fè chak jou

    Twòp pou ou, e’w dekouraje.

    Pa bliye Jewova konnen sa’w bezwen,

    L’ap koute’w e l’ap konsole’w.

    L’ap sèvi ak Pawòl li avèk zanmi’w

    Pou’l fè’w sonje jan’l apresye’w.

    (REFREN)

    Jewova apresye’w pou tout sa’w fè,

    Ou mèt gen konfyans l’ap rekonpanse’w.

    Se pou’w pran refij anba zèl li.

    Jewova Dye fidèl. Li pap bay manti.