Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 141

Lavi se yon mirak

Lavi se yon mirak

(Sòm 36:9)

  1. 1. Chak timoun ki fèt, chak ti gout lapli,

    Chak reyon solèy nou wè, chak flè, chak fwi...

    Tout sa se kado Jewova ban nou.

    Se mirak Bondye ki fè nou vivan chak jou.

    (REFREN)

    Yon gwo kado konsa, sa n’ap fè avè’l?

    N’ap renmen Sila’ ki fè’n nan, kalite’l yo bèl.

    Nou pa ka fè anyen pou’n merite lavi.

    Lavi se yon kado... Lavi se yon mirak.

  2. 2. Gen moun ki panse lavi a twò di.

    Pafwa yo sispann lite, yo vle mouri.

    Nou pap fè menm jan’. N’ap bay Bondye glwa,

    N’ap di’l mèsi pou chak moman nan lavi a.

    (REFREN)

    Yon gwo kado konsa, sa n’ap fè avè’l?

    N’ap renmen frè’n avèk sè’n yo, kalite yo bèl.

    Nou pa ka fè anyen pou’n merite lavi.

    Lavi se yon kado... Lavi se yon mirak.