Sòm 34​:​1-22

  • Jewova delivre sèvitè l yo

    • “Annou fè louwanj pou non li ansanm” (3)

    • Zanj Jewova bay pwoteksyon (7)

    • “Goute e n a wè jan Jewova bon” (8)

    • ‘Pa gen youn nan zo l yo ki kase’ (20)

Yon chante David te ekri. Li gen rapò ak lè li te pran pòz moun fou l+ devan Abimelèk la. Abimelèk te fè yo met David deyò e David t al fè wout li. א [Alèf] 34  M ap toujou louwe Jewova,M ap toujou fè louwanj pou li ak bouch mwen. ב [Bèt]   Se nan Jewova m ap vante tèt mwen+.Moun ki gen imilite a ap tande sa e kè l ap kontan. ג [Gimèl]   Mete ansanm avè m pou nou bay Jewova glwa+,Annou fè louwanj pou non li ansanm. ד [Dalèt]   Mwen te rele Jewova e li te reponn mwen+,Li te delivre m anba tout sa ki t ap fè m pè yo+. ה [He]   Moun ki met konfyans yo nan li yo gen kè kontan,Yo pap janm wont. ז [Zayin]   Malere a rele Jewova e Li koute l.Li sove l anba tout kalamite l yo+. ח [Hèt]   Zanj Jewova a pwoteje* moun ki gen lakrentif pou Bondye yo+E li sove yo+. ט [Tèt]   Goute e n a wè jan Jewova bon+.Byennere moun ki pran refij nan li. י [Yòd]   Nou tout ki apa pou Jewova, se pou n gen lakrentif pou li,Paske moun ki gen lakrentif pou li yo pa manke anyen+. כ [Kaf] 10  Menm jenn lyon ki gen fòs* yo konn nan grangou,Men, moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon+. ל [Lamèd] 11  Vini, pitit mwen yo, koute sa m ap di nou,M ap aprann nou sa lakrentif pou Jewova ye+. מ [Mèm] 12  Kiyès nan nou ki renmen lavi,Ki ta renmen viv lontan ak kè kontan+? נ [Noun] 13  Se pou l veye pou l pa mal sèvi ak lang li+E pou l pa bay manti ak bouch li+. ס [Samèk] 14  Se pou l vire do bay sa ki mal, e se pou l fè sa ki byen+.Se pou l chèche lapè e se pou l fè tout sa l kapab pou l jwenn li+. ע [Ayin] 15  Je Jewova sou moun ki jis yo+,E zòrèy li ap koute lè y ap mande l pou l ede yo+. פ [Pe] 16  Men, Jewova vire do bay moun k ap fè sa ki mal yo,Pou l ka detwi yo sou tè a e pou pèsonn pa sonje yo+. צ [Tsade] 17  Lè moun ki jis yo rele Jewova, li tande yo+.Li delivre yo anba tout malè ki tonbe sou yo+. ק [Kòf] 18  Jewova toupre moun kè yo ap fann+,Li sove moun ki gen lespri yo kraze*+. ר [Rèch] 19  Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm*+,Men, Jewova delivre l anba yo tout+. ש [Chin] 20  Li pwoteje tout zo l.Pa gen youn nan yo ki kase+. ת [Taw] 21  Gen yon malè k ap tonbe sou mechan an k ap touye l.Moun ki rayi moun ki jis yo gen pou yo peye poutèt yo koupab. 22  Jewova ap sove lavi* sèvitè l yo.Moun ki pran refij nan li yo, yo pap deklare yo koupab+.

Nòt anba paj

Oswa: “tabli yon kan toutotou”.
Oswa: “jenn lyon ki gen krinyè”.
Oswa: “ki dekouraje yo”.
Oswa: “kalamite”.
Oswa: “nanm”.