Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 153

Fè m gen kouraj!

Fè m gen kouraj!

(2 Wa 6:16)

  1. 1. Laperèz toutotou’m,

    Mwen pa wè klè ditou.

    Se sou ou’m konte pou’w gide’m,

    M’konnen’w toupre’m chak jou.

    Lavi a pa fasil,

    Li plen avèk traka,

    Men’w toujou montre ou fidèl.

    W’ap pwoteje’m, Papa.

    (REFREN)

    Jewova, ban mwen plis lafwa

    Pou’m ka toujou konprann

    Moun k’avè’m yo plis pase sa’m wè.

    Ak kouraj, m’ap ret tann.

    Kouraj! Fè’m gen kouraj!

    L’ap ede’m andire.

    Jewova, fè’m gen kouraj!

    Laviktwa w’ap pote.

  2. 2. Poukont mwen m’santi’m pè,

    Mwen fèb e m’ap tranble.

    Ou se refij mwen, fòtrès mwen,

    Se sou fòs ou m’konte.

    Tanpri, fè’m gen kouraj,

    Pou’m pa pran nan presyon.

    M’ap fè fas ak nenpòt pwoblèm,

    Mwen fè’w konfyans toutbon.

    (REFREN)

    Jewova, ban mwen plis lafwa

    Pou’m ka toujou konprann

    Moun k’avè’m yo plis pase sa’m wè.

    Ak kouraj, m’ap ret tann.

    Kouraj! Fè’m gen kouraj!

    L’ap ede’m andire.

    Jewova, fè’m gen kouraj!

    Laviktwa w’ap pote.

    (REFREN)

    Jewova, ban mwen plis lafwa

    Pou’m ka toujou konprann

    Moun k’avè’m yo plis pase sa’m wè.

    Ak kouraj, m’ap ret tann.

    Kouraj! Fè’m gen kouraj!

    L’ap ede’m andire.

    Jewova, fè’m gen kouraj!

    Laviktwa w’ap pote.

    Jewova, fè’m gen kouraj!

    Laviktwa w’ap pote.