Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 154

Lanmou fidèl

Lanmou fidèl

(1 Korentyen 13:8)

  1. 1. Gade bò kote’n,

    N’ap wè jèn kou granmoun,

    Yo tout gen lanmou. Ala bèl!

    Lanmou sa’ pwouve

    Y’ap sèvi vrè Dye a,

    Yo kite monn sa’ ki rebèl.

    (ANVAN REFREN)

    Lanmou pa gendwa fayi,

    L’ap toujou andire.

    (REFREN)

    Wi, lanmou fidèl.

    Se sa Jewova bay.

    Se sa Li ye.

    Wi, lanmou fidèl.

    Se sa’n bezwen pou’n viv.

    Jodi a, li avè’n.

    Nou swete’l ret nan kè’n!

    Lanmou fidèl.

  2. 2. Menm lè sa rive

    Tètchaje lavi a

    Mete anpil presyon sou nou,

    Nou kontan lè’n bay

    Bon nouvèl Bondye a.

    Jewova pran ka’n ak lanmou.

    (ANVAN REFREN)

    Lanmou pa gendwa fayi,

    L’ap toujou andire.

    (REFREN)

    Wi, lanmou fidèl.

    Se sa Jewova bay.

    Se sa Li ye.

    Wi, lanmou fidèl.

    Se sa’n bezwen pou’n viv.

    Jodi a, li avè’n.

    Nou swete’l ret nan kè’n!

    (REFREN)

    Wi, lanmou fidèl.

    Se sa Jewova bay.

    Se sa Li ye.

    Wi, lanmou fidèl.

    Se sa’n bezwen pou’n viv.

    Jodi a, li avè’n.

    Nou swete’l ret nan kè’n!

    Lanmou fidèl,

    Lanmou fidèl,

    Lanmou fidèl.