Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 158

“Li pap anreta!”

“Li pap anreta!”

(Abakouk 2:3)

  1. 1. Tè a s’on bijou,

    sa fè nou rejwi.

    Ou te byen pran san’w

    pou’w fè tout sa’k sou li.

    Monn nan mèt chanje,

    ou rete menm jan’.

    Ou pral fè tè a

    vin jan’l te ye anvan’.

    (REFREN)

    Papa’w konnen n’anvi

    viv n’on bèl Paradi.

    Fè’n gen pasyans pou’n ret tann.

    Jou’w la vrèman toupre,

    nou sèten l’ap rive.

    Kèlkeswa tan li ta pran,

    “Li pap anreta!”

  2. 2. N’ap tann moun pa’n yo

    leve nan lanmò.

    Jewova, ou swaf pou’w

    fè yo viv ankò.

    Papa’w renmen yo,

    nou konn sa trè byen.

    Ede’n imite gwo pasyans ou genyen.

    (REFREN)

    Papa’w konnen n’anvi

    viv n’on bèl Paradi.

    Fè’n gen pasyans pou’n ret tann.

    Jou’w la vrèman toupre,

    nou sèten l’ap rive.

    Kèlkeswa tan li ta pran,

    “Li pap anreta!”

  3. 3. Ak anpil pasyans,

    w’ap chèche ede

    Moun ki gen bon kè

    pou yo kapab sove.

    N’ap preche ak zèl,

    n’ap travay avè’w.

    Nou vle byen sèvi ak tan’n

    pou’n rejwi kè’w.

    (REFREN)

    Papa’w konnen n’anvi

    viv n’on bèl Paradi.

    Fè’n gen pasyans pou’n ret tann.

    Jou’w la vrèman toupre,

    nou sèten l’ap rive.

    Kèlkeswa tan li ta pran,

    “Li pap anreta!”

    Papa, ban’n fòs pou’n ret tann!

(Gade tou Kol. 1:11.)