Kolosyen 1​:​1-29

  • Salitasyon (1, 2)

  • Pòl di Bondye mèsi pou lafwa frè nan Kolòs yo genyen (3-8)

  • Pòl priye pou yo vin gen konesans egzak sou volonte Bondye (9-12)

  • Wòl trèzenpòtan Kris jwe (13-23)

  • Pòl travay di pou kongregasyon an (24-29)

1  Mwen menm, Pòl, yon apot Kris Jezi grasa volonte Bondye, ak Timote+, frè nou an,  m ap ekri moun ki sen yo ak frè ki fidèl ann inyon ak Kris nan Kolòs yo: Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.  Nou toujou di Bondye, Papa Jezi Kris, Seyè nou an, mèsi lè n ap priye pou nou,  piske nou tande pale de lafwa nou nan Kris Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki sen yo,  poutèt esperans ki rezève pou nou nan syèl la+. Esperans sa a, nou te tande pale de li anvan, lè yo te preche nou verite a, sètadi bon nouvèl la  ki te rive jwenn nou. Menm jan l ap pote fwi e l ap grandi nan lemonnantye+, se konsa tou sa ap fèt lakay nou, depi jou nou te tande pale de favè san parèy Bondye a, jou nou te rive konnen l egzakteman, jan l ye vre a.  Se sa nou te aprann nan men Epafras+, esklav menm jan avèk nou, byenneme nou, ki la nan plas nou antanke yon sèvitè Kris ki fidèl.  Se li menm tou ki te fè nou konnen lanmou nou vin genyen grasa lespri Bondye*.  Se poutèt sa tou, depi jou nou te tande pale de sa, nou pa janm sispann priye pou nou+ e nou pa janm sispann mande Bondye pou l ranpli nou ak konesans egzak+ sou volonte l, nan tout sajès ak nan tout konpreyansyon lespri Bondye bay+. 10  Konsa, n ap mache yon fason ki diy devan Jewova*, yon fason pou nou fè l plezi nèt. Anmenmtan, n ap kontinye pote fwi nan tout bon travay n ap fè, e n ap kontinye grandi nan konesans egzak sou Bondye+. 11  Mwen swete pou nou vin pisan e pou nou gen tout fòs nou bezwen grasa pisans li genyen ki gen glwa+, yon fason pou nou andire nèt e pou nou pran pasyans ak kè kontan, 12  toutpandan n ap di Papa a mèsi, li menm ki kalifye nou pou nou patisipe nan eritaj moun ki sen yo genyen an+, yo menm ki nan limyè. 13  Li delivre nou anba pouvwa fènwa a+ epi li transfere nou nan wayòm Pitit Gason l li renmen an, 14  e grasa Pitit sa a, nou jwenn liberasyon nou grasa ranson an, wi, nou jwenn padon pou peche nou+. 15  Li se pòtre Bondye envizib la+, se li ki fèt an premye nan tout kreyasyon an+. 16  Paske, se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a, bagay ki vizib ak bagay ki envizib+, kit se twòn, otorite, gouvènman oswa pouvwa. Bondye te itilize l pou l kreye tout lòt bagay yo+, e se pou li li te kreye yo. 17  Epitou, li la anvan tout lòt bagay yo+, e se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay yo. 18  Li se tèt kò a, anpalan de kongregasyon an+. Li se kòmansman an, li se premye pitit ki sot nan lanmò+, pou l ka vin premye nan tout bagay, 19  paske Bondye te pran plezi pou l fè tout bagay nèt abite nan li+, 20  e li sèvi avè l pou l rekonsilye tout lòt bagay yo+ avèk li menm, kit se bagay ki sou tè a, kit se bagay ki nan syèl la, lè l fè lapè grasa san+ Kris ki te koule sou poto soufrans* lan. 21  Wi, nou menm yon lè ki te lwen Bondye e ki te ènmi l paske lespri nou te fikse sou zèv ki pa bon, 22  kounye a, li rekonsilye nou avèk li grasa kò sila a ki te mouri a, dekwa pou l prezante nou sen e san defo devan Bondye, e pou nou pa bay bò pou okenn akizasyon+. 23  Nòmalman, sa ap fèt akondisyon nou pèsevere nan lafwa+, nou byen chita sou fondasyon an+, nou rete fèm+, san nou pa devye kite esperans ki gen rapò ak bon nouvèl sa a nou te tande a, bon nouvèl yo preche tout kote* anba syèl la+. Mwen menm Pòl, mwen vin yon sèvitè pou m preche bon nouvèl sa a+. 24  Kounye a, mwen rejwi dèske m ap soufri pou nou+, e mwen santi mwen poko fin soufri nan chè mwen pou Kris an favè kò li+, anpalan de kongregasyon an+. 25  Mwen vin yon sèvitè pou kongregasyon sa a, selon responsablite+ Bondye ban mwen nan enterè nou, pou m preche pawòl li a nèt, 26  sekrè sakre a ki te kache+ depi nan sistèm ki pase yo*+ e depi nan jenerasyon ki pase yo. Men kounye a, li parèt klè pou moun pa l yo ki sen+, 27  yo menm Bondye te vle fè konnen richès ak glwa ki gen nan sekrè sakre sa a pami nasyon yo+. Sekrè sakre a se Kris ki ann inyon avèk nou, sa vle di nou espere jwenn glwa ansanm avè l+. 28  Se li menm n ap anonse, se konsènan li menm n ap avèti tout moun e n ap anseye tout moun avèk tout sajès, pou nou ka prezante tout moun bay Bondye antanke disip Kris ki gen matirite+. 29  Wi, se pou sa m ap travay di e m ap lite grasa pisans li k ap aji avèk anpil fòs nan mwen+.

Nòt anba paj

Lit.: “nou vin genyen nan lespri”.
Lit.: “nan tout kreyasyon”.
Oswa: “nan tan ki pase yo”. Gade Lis mo yo esplike yo.