Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 65

Kontinye pwogrese!

Kontinye pwogrese!

(Ebre 6:1)

  1. 1. Pwogrese, pwogrese nan matirite!

    Ede moun yo wè klè, fè yo konn laverite.

    Ministè nou an, nou dwe amelyore,

    E n’ap jwenn benediksyon.

    Chak moun gen plas yo nan sèvis la.

    Jezi Kris te konn fè travay sa’.

    Ann konte sou Bondye pou’n pa janm faya,

    Ann toujou fè bèl aksyon.

  2. 2. Pwogrese, pwogrese, ann preche ak zèl!

    Ann fè tout moun tande yon bon nouvèl etènèl.

    Ann louwe Jewova, nou tout ki fidèl,

    Lè nou preche pòt an pòt.

    Opozan yo dèyè fè nou pè.

    Pa fè bak, men se pou’n di byen klè:

    Talè, Wayòm Bondye a pral pot lapè.

    Annou travay kòtakòt.

  3. 3. Pwogrese, pwogrese, pinga’n ralanti!

    Chèche gen plis ladrès, travay la poko fini.

    Kite lespri Bondye ede’n pot bon fwi,

    Bondye ap ban nou lajwa.

    Lè nou jwenn moun ki tankou mouton,

    Nou tounen pou’n ba yo fòmasyon.

    Grasa laverite, y’ap chanje toutbon.

    Ansanm, n’ap bay Bondye glwa.