Ebre 10​:​1-39

  • Sakrifis bèt yo pa t efase peche vre (1-4)

    • Lalwa se yon lonbray (1)

  • Sakrifis Kris la fèt yon fwa pou tout (5-18)

  • Yon wout ki tounèf e ki mennen nan lavi (19-25)

    • Pa abandone reyinyon nou yo (24, 25)

  • Avètisman pou moun ki fè espre y ap fè peche (26-31)

  • Nou bezwen gen konfyans ak lafwa nan Bondye pou nou andire (32-39)

10  Piske Lalwa se sèlman lonbray+ bon bagay ki gen pou vini yo+, men se pa bagay yo vre, li* pap janm ka fè moun k ap pwoche bò kote Bondye yo vin pafè ak menm sakrifis yo kontinye ap ofri chak ane yo+.  Si l te ka fè sa, èske moun pa t ap sispann ofri sakrifis? Paske, yonfwa moun k ap bay sakrifis yo* ta pirifye, yo pa t ap santi yo koupab ankò pou peche yo.  Okontrè, sakrifis sa yo fè yo sonje peche yo ane apre ane+,  paske li pa posib pou san towo bèf ak san kabrit retire peche.  Se poutèt sa, lè Kris vini nan monn nan, li di: “‘Se pa sakrifis ak ofrann ou te vle, men ou te prepare yon kò pou mwen.  Ou pa t pran plezi nan sakrifis yo boule nèt ak nan sakrifis pou peche+.’  Apre sa, mwen di: ‘Gade! Mwen vini (se sa ki ekri nan woulo a* konsènan mwen) pou m fè volonte w, o Bondye+.’”  Toudabò, li di: “Ou pa t vle ni sakrifis, ni ofrann, ni sakrifis yo boule nèt, ni sakrifis pou peche, e ou pa t pran plezi nan sakrifis sa yo”, yon seri sakrifis yo bay selon Lalwa,  apre sa, li di: “Gade! Mwen vini pou m fè volonte w+.” Konsa, li elimine premye yo pou l ka tabli dezyèm nan. 10  Nou vin sen grasa “volonte” sa a+, paske Jezi Kris te bay kò l kòm ofrann yon fwa pou tout+. 11  Epitou, chak prèt al nan travay yo chak jou pou yo bay yon sèvis sakre*+ e pou yo fè menm sakrifis yo plizyè fwa+, piske sakrifis sa yo pap janm ka fin retire peche+. 12  Men, moun sa a te ofri yon sèl sakrifis pou peche, ki valab pou toutan, e li chita adwat Bondye+. 13  Depi lè sa a, l ap tann jiskaske Bondye mete ènmi l yo tankou yon ti ban anba pye l+. 14  Paske, moun l ap fè vin sen yo, se avèk yon sèl ofrann li bay kòm sakrifis l ap fè yo vin pafè+ pou toutan. 15  Anplis de sa, lespri sen ban nou temwayaj tou lè li di: 16  “‘Men alyans m ap fè avèk yo apre jou sa yo: M ap mete lwa m yo nan kè yo e m ap ekri yo nan lespri yo+.’ Se sa Jewova* di.” 17  Ansuit, li di: “Mwen pap sonje peche yo ak move aksyon yo fè yo ankò+.” 18  E lè bagay sa yo jwenn padon, pa bezwen gen ofrann pou peche ankò. 19  Kidonk, frè nou yo, piske nou gen yon konfyans total nan wout ki mennen nan Kote ki pi sen an+ grasa san Jezi, 20  wout li ouvri* pou nou tankou yon wout ki tounèf e ki mennen nan lavi ki pap janm fini an, wout ki pase nan rido a+, sètadi nan chè li, 21  e piske nou gen yon gran prèt ki alatèt kay Bondye a+, 22  annou pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou e avèk yon lafwa total, piske nou pirifye* kè nou ak move konsyans nou te genyen an+, e nou lave kò nou ak yon dlo ki pwòp+. 23  Annou kenbe fèm nan pwoklame esperans nou genyen an, san nou pa brannen+, paske sila a ki fè pwomès la fidèl. 24  Epi annou voye je youn sou lòt*, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon+, 25  san nou pa abandone reyinyon nou+, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt+, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche+. 26  Paske, si nou fè espre n ap pratike peche apre nou fin resevwa konesans egzak sou verite a+, pa rete okenn sakrifis ankò pou peche nou yo+, 27  men, gen yon jijman terib k ap tann nou, e gen yon endiyasyon ki tankou yon dife ki pral kankannen moun ki opoze yo+. 28  Si lè yon moun dezobeyi Lalwa Moyiz la, depi de moun oswa twa moun temwaye kont li, y ap touye l san pitye+, 29  nou pa bezwen mande ki pinisyon sevè yon moun merite poutèt li pase Pitit Bondye a anba pye, poutèt li konsidere san alyans+ ki te fè l vin sen an kòm yon bagay ki òdinè e poutèt li derespekte lespri Bondye ki bay favè san parèy la+! 30  Paske, nou konnen Sila a ki te di: “Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.” Epi li te di ankò: “Jewova* ap jije pèp li a+.” 31  Se yon bagay terib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an. 32  Sepandan, se pou nou toujou sonje jou ki pase yo paske, apre nou te fin jwenn limyè+, nou te mennen yon gwo konba malgre nou te soufri anpil. 33  Pafwa, yo te dezonore nou an piblik* e yo te lage nou nan tribilasyon, e pafwa nou te konn soufri ak* moun ki te nan sitiyasyon sa yo. 34  Paske, nou te demontre nou gen kè sansib pou frè ki nan prizon yo, e se ak kè kontan nou te aksepte yo piye sa nou te genyen+, paske nou konnen gen yon bagay nou menm nou posede ki pi bon e k ap la pou toutan+. 35  Kidonk, se pou n kontinye pale avèk kran*, piske sa ka fè nou jwenn yon gwo rekonpans+. 36  Paske, nou bezwen gen andirans+, yon fason pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou ka resevwa sa l te pwomèt la. 37  Paske, nan “yon tikras tan+” ankò, “sila a k ap vini an pral rive e li pap pran tan+”. 38  “Men, moun ki jis la ap kontinye viv grasa lafwa li genyen+”, e “si l fè bak, mwen* pap pran plezi nan li+”. 39  Dayè, nou pa moun k ap fè bak pou nou detwi+, men nou se moun ki gen lafwa pou nou ka pa pèdi lavi nou*.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “lèzòm”.
Lit.: “moun k ap fè sèvis sakre yo”.
Lit.: “nan woulo liv la”.
Oswa: “yon sèvis piblik”.
Lit.: “wout li inogire”.
Lit.: “nou wouze”, sètadi nou wouze avèk san Jezi.
Oswa: “annou gen sousi youn pou lòt”.
Lit.: “yo te ekspoze nou tankou se nan yon teyat”.
Oswa: “nou te konn kanpe bò kote”.
Lit.: “kontinye alèz pou n pale”.
Oswa: “nanm mwen”.
Oswa: “pèdi nanm nou”.