Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 74

Vin chante chan Wayòm nan!

Vin chante chan Wayòm nan!

(Sòm 98:1)

  1. 1. Gen yon chante, yon chan viktwa ki trè bèl,

    Li glorifye Sila’ ki souvren an.

    Pawòl li yo ankouraje’n ret fidèl.

    Se pou nou tout chante chan Wayòm nan.

    (REFREN)

    ‘Vin pwostène devan Bondye.

    Pitit li Wa, se pou’n chante!

    Se pou nou tout vin aprann chan Wayòm nan,

    Se pou nou tout onore Jewova.’

  2. 2. Avèk chan sa’, nou pwoklame Wayòm nan.

    Kris ap reye, tèritwa’l se latè.

    Gen yon nouvo nasyon ki vin egziste,

    Y’ap suiv Jezi k’ap fè yo jwenn byenfè.

    (REFREN)

    ‘Vin pwostène devan Bondye.

    Pitit li Wa, se pou’n chante!

    Se pou nou tout vin aprann chan Wayòm nan,

    Se pou nou tout onore Jewova.’

  3. 3. Imilite pèmèt moun aprann chan sa’.

    Pawòl yo klè, yo bèl, yo itil nou.

    Sou tout tè a, anpil moun byen konnen li,

    Yo envite lòt moun vin chante’l tou:

    (REFREN)

    ‘Vin pwostène devan Bondye.

    Pitit li Wa, se pou’n chante!

    Se pou nou tout vin aprann chan Wayòm nan,

    Se pou nou tout onore Jewova.’