1 Pyè 2​:​1-25

  • Se pou nou gen yon gwo anvi pou pawòl la (1-3)

  • Yon kay lespri Bondye bati ak wòch ki vivan (4-10)

  • Se pou nou viv antanke etranje nan monn nan (11, 12)

  • Bonjan soumisyon (13-25)

    • Kris se yon modèl pou nou (21)

2  Se poutèt sa, rejte tout mechanste+, tout riz ak tout ipokrizi. Sispann anvye sò moun. Rejte tout kalite medizans.  Menm jan ak tibebe ki fèk fèt+, se pou nou gen yon gwo anvi pou lèt san melanj ki nan pawòl la, dekwa pou nou ka grandi grasa li pou delivrans lan+,  paske nou goute* e nou wè jan Seyè a bon.  Li se yon wòch vivan, yon wòch lèzòm voye jete+, se vre, men yon wòch Bondye chwazi e ki gen anpil valè pou li+. Lè nou vin jwenn li,  nou menm tou, antanke wòch vivan, nou se yon kay lespri Bondye ap bati*+ pou nou vin yon klas prèt ki sen, pou nou ofri sakrifis pa mwayen Jezi Kris, sakrifis lespri Bondye pouse nou fè*+ e ki akseptab nan je Bondye+.  Paske, men sa nou jwenn nan Ekriti a: “Gade! M ap poze yon wòch nan Siyon, yon wòch mwen chwazi, yon wòch ki nan kwen fondasyon an e ki gen anpil valè. Pa gen moun ki demontre yo gen lafwa nan li k ap janm pran desepsyon*+.”  Donk, se pou nou menm li gen anpil valè, paske nou kwè. Men, pou moun ki pa kwè yo, “wòch moun k ap bati yo te jete a+, se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an*+”,  “yon wòch k ap fè moun bite, yon mas wòch k ap fè moun tonbe+”. Moun sa yo ap bite paske yo dezobeyi pawòl la. Se pou sa menm yo te la.  Men nou menm, nou se “yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen+, yon pèp ki vin yon byen espesyal+, dekwa pou nou fè konnen kalite estrawòdinè*+” Sila a ki te rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la+. 10  Paske, te gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a, nou se pèp Bondye+. Te gen yon lè yo pa t fè nou mizèrikòd, men kounye a, yo fè nou mizèrikòd+. 11  Byenneme, m ap mande nou, antanke etranje e antanke moun ki depasaj+, pou nou kontinye evite dezi lachè yo+ k ap fè lagè ak nou*+. 12  Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo+. Konsa, lè y ap akize nou pou di nou se moun k ap fè sa ki mal, y ap wè bèl aksyon nou fè ak je yo+, e konsa, y ap ka bay Bondye glwa nan jou enspeksyon l lan. 13  Poutèt Seyè a, soumèt nou devan tout otorite* lèzòm etabli+: kit se devan yon wa+ antanke siperyè, 14  kit se devan gouvènè yo antanke moun li voye pou yo pini moun k ap fè sa ki mal, men tou, pou yo fè lwanj pou moun k ap fè sa ki byen+. 15  Paske, volonte Bondye se pou nou fè sa ki byen, dekwa pou nou ka fè moun ki derezonab k ap pale sa yo pa konnen yo fèmen* bouch yo+. 16  Se pou nou tankou moun ki lib+. Men, pa pran libète nou genyen an pou fè l sèvi kouvèti* pou nou fè sa ki mal+, men, sèvi avè l antanke esklav Bondye+. 17  Onore tout kalite moun+, renmen tout frè nou yo+, gen lakrentif pou Bondye+, onore wa a+. 18  Se pou moun k ap travay kay moun yo soumèt devan mèt yo avèk tout lakrentif yo dwe yo+. Se pou yo soumèt nonsèlman devan mèt ki bon e ki rezonab yo, men tou, se pou yo soumèt devan mèt ki difisil yo. 19  Paske, se yon bèl bagay lè yon moun andire tribilasyon* e li soufri san l pa merite sa, poutèt konsyans li devan Bondye+. 20  Paske, ki valè sa genyen si yo bat nou poutèt yon peche nou fè, epi nou andire+? Men, si nou andire lè n ap soufri poutèt nou fè sa ki byen, se yon bagay ki fè Bondye plezi+. 21  Anfèt, se nan chemen sa a yo te rele nou, paske Kris li menm te soufri pou nou+, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye+. 22  Li pa t fè peche+, e yo pa t jwenn twonpri nan bouch li+. 23  Lè yo te joure l+, li pa t joure tou+. Lè li t ap soufri+, li pa t fè menas, men, li te remèt tèt li nan men Sila a ki jije+ avèk jistis la. 24  Li te pote peche nou yo+ nan pwòp kò li sou poto a*+, yon fason pou nou mouri anrapò ak* peche, e pou nou viv pou sa ki jis. E “grasa blese li yo, nou geri+”. 25  Paske, nou te tankou mouton ki pèdi wout yo+, men kounye a, nou retounen vin jwenn bèje+ k ap veye nanm* nou an.

Nòt anba paj

Oswa: “nou fè eksperyans”.
Lit.: “nou se yon kay espirityèl”.
Lit.: “sakrifis espirityèl”.
Lit.: “pran wont”.
Lit.: “ki vin tounen tèt kwen an”.
Lit.: “fè konnen bèl kalite”. Anpalan de kalite ak aksyon ki merite louwanj.
Oswa: “ak nanm nan”.
Oswa: “tout òganizasyon”.
Lit.: “moun k ap pale sa yo pa konnen yo met baboukèt nan”.
Oswa: “sèvi eskiz”.
Oswa: “andire anba tristès; andire anba lapenn”.
Oswa: “sou bwa a”.
Oswa: “pou nou fini ak”.
Oswa: “k ap veye lavi”.