Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

YON MONN TÈT ANBA

3 | Pwoteje relasyon w genyen yo

3 | Pwoteje relasyon w genyen yo

POUKISA SA ENPÒTAN?

Pandan enkyetid ap ogmante nan monn tètchaje sa a, anpil moun kite relasyon yo gen ak lòt moun soufri san yo pa t swete sa.

  • Gen moun ki izole tèt yo parapò ak zanmi yo.

  • Konjwen yo vin pi an kòlè youn ak lòt.

  • Paran yo bay yon tikras oswa yo pa bay atansyon ditou ak enkyetid timoun yo genyen.

Sa w ta dwe konnen

  • Zanmi w yo enpòtan paske yo ka ede w rete an sante ni nan domèn fizik ni nan domèn emosyonèl, sitou nan moman difisil yo.

  • Strès monn tètchaje sa a lakòz ka reprezante yon eprèv pou lavi fanmi w kèk fason w pa t atann.

  • Nouvèl ki bay kè kase yo ka gen efè sou timoun ou yo plis pase jan w ta panse sa.

Sa w ka fè kounye a

Men sa Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

Panse ak yon moun ki ka soutni w e ki ka ba w bon konsèy. Lefètke w konnen gen yon moun ki gen sousi pou ou, sa sèlman ka ranfòse detèminasyon w pou w afwonte difikilte lavi a.