Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

YON MONN TÈT ANBA

1 | Pwoteje sante w

1 | Pwoteje sante w

POUKISA SA ENPÒTAN?

Yon kriz oswa yon dezas ka gen move efè sou sante moun yo diferan fason.

  • Lè moun ap fè fas ak pwoblèm, sa ka lakòz yo strese, e yon strès ki dire lontan fè li pi fasil pou yo malad.

  • Nan moman kriz yo, sistèm medikal la ka rive nan limit li e li ka difisil pou moun jwenn swen medikal.

  • Kalamite yo afekte moun yo nan domèn finansye, sa ki lakòz yo pa gen mwayen pou yo peye pou bagay ki esansyèl tankou manje ki bon pou yo ak swen sante.

Sa w ta dwe konnen

  • Gwo maladi ak strès nan domèn mantal ka afekte jijman w, sa ki ka fè w neglije abitid ki bon pou sante w. E kòm rezilta, ou ka vin malad plis toujou.

  • Si w pa trete pwoblèm sante w yo, yo ka vin anpire e yo ka menm konplike lavi w.

  • Plis ou an sante, se plis w ap pi byen prepare pou w pran bonjan desizyon nan mitan tètchaje yo.

  • Kèlkeswa sitiyasyon ekonomik ou, ou ka fè kèk bagay pou w pwoteje sante w.

Sa w ka fè kounye a

Depi sa posib, yon moun ki saj pran an konsiderasyon danje ki genyen e li fè kèk bagay alavans pou l evite yo. Se menm bagay la nan domèn sante tou. Souvan, nou ka redui risk pou nou pran maladi oswa pou nou vin pi grav lè nou kenbe tèt nou ak lakay nou pwòp. Evite miyò pase mande padon!

“Lè nou kenbe tèt nou ak kote n ap viv la pwòp, sa vrèman ka ede nou fè ekonomi nan kesyon al kay doktè ak achte medikaman.” — Andreas. *

^ Nan peryodik sa a gen kèk non yo chanje.