Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Montre w gen lanmou

Montre w gen lanmou

Pwoblèm nan

Prejije nou gen lakay nou pap disparèt rapid. Menm jan sa mande tan ak efò pou n debarase n ak yon viris, konsa tou, sa mande tan ak efò pou n retire prejije lakay nou. Ki sa w kapab fè pou w retire prejije lakay ou?

Prensip Bib la bay

“Abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” — KOLOSYEN 3:14.

Sa sa vle di? Lè moun fè bon aksyon pou lòt moun, sa fè yo gen tèt ansanm. Plis ou aprann montre w gen lanmou pou lòt moun, se plis w ap diminye prejije ou genyen. Plis ou gen lanmou, se plis ou pap kite plas pou lahèn oswa mepri nan kè w.

Men sa w ka fè

Reflechi sou kèk bagay byen presi w kapab fè pou w montre lanmou ou genyen pou yon moun ki soti nan yon gwoup moun ou te ka mal wè. Aksyon sa yo pa oblije gwo. Eseye fè youn oubyen plis nan aksyon ki annapre yo:

Chak fwa w fè yon ti aksyon ki montre w gen lanmou, w ap retire prejije lakay ou

  • Montre konsiderasyon pou moun nan gwoup sa a lè w kenbe yon pòt pou youn ladan yo ka pase oubyen lè w ba l plas ou nan tranpò piblik.

  • Eseye kòmanse ti konvèsasyon avè yo, menmsi yo pa byen konn pale lang ou an.

  • Se pou w gen pasyans lè yo aji yon fason w pa fin konprann.

  • Chèche konprann yo si y ap rakonte w pwoblèm yo.