Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Pwotèj foumi koulè ajan ki nan dezè Sahara a genyen an

Pwotèj foumi koulè ajan ki nan dezè Sahara a genyen an

FOUMI koulè ajan (Cataglyphis bombycina) ki nan dezè Sahara a se youn pami bèt ki ka pi sipòte chalè nan bèt k ap viv sou tè a moun konnen. Lè l midi nan dezè Sahara a, solèy la fòse lòt bèt k ap chèche manje foumi yo al dèyè lonbray, lè sa a, foumi yo konn fè yon ti soti nan nich yo pou y al chèche manje, sa vle di lòt ti bèt ki mouri akoz gwo chalè ki genyen an.

[50] μm

Fè yon ti reflechi: Bagay foumi koulè ajan an genyen ki ede l la se yon pwotèj ki kont chalè, ki fèt ak plim espesyal ki kouvri tèt li ak de bò kò l ansanm ak yon pati ki pa anba ki pa gen plim sou li. Plim yo, ki fè foumi yo klere tankou ajan an, se yon seri ti tiyo tou piti ki gen yon fòm triyang lè yo koupe yo. De fas pati ki parèt nan fas yo a gen yon seri ti kanal piti piti ki fè lè pase, alòske pati ki pa anndan tiyo a ki parèt la swa. Fason pati sa yo byen fèt la gen de travay yo fè. Premyèman, sa pèmèt plim yo fè reyon solèy la frape sou pati moun ka wè a, prèske tankou reyon enfrawouj yo. Dezyèmman, sa ede foumi yo gaye chalè kò yo te pran nan anviwònman yo a. Pandan tan sa a, pati ki pa anba foumi yo genyen an ki pa gen plim nan voye reyon ki mwatye enfrawouj e ki soti atè nan dezè a *.

[10] μm

Pwotèj sa a foumi ki nan dezè Sahara a genyen an, ki fòme ak plizyè bagay e ki pwoteje yo kont chalè a, ede yo kenbe tanperati kò yo pi ba pase 53.6 degre Sèlsiyis (128.5 degre Farennay), tanperati maksimòm yo kapab tolere a. Gen moun k ap fè rechèch ki gade sou ti foumi sa yo pou yo travay pou yo fè yon seri lenn, manto ak lòt bagay pou moun kouvri ki espesyal k ap fè yo yon ti jan fre, sa vle di san yo pa bezwen èd yon ti vantilatè oswa nenpòt lòt aparèy pou fè yo rete fre.

Ki sa w panse? Èske pwotèj foumi koulè ajan ki nan dezè Sahara a genyen an, ki fèt ak plizyè bagay e ki pwoteje l kont chalè a, egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?

^ § 4 Lòt bagay foumi yo genyen ki ede yo se pwoteyin espesyal ki nan kò yo a, yon pwoteyin gwo chalè pa ka fonn fasil, janm yo ki long ki pèmèt yo mache anlè sab la ki cho pou yo ka kouri byen rapid ak bèl kapasite yo genyen pou yo oryante tèt yo, sa ki ede yo jwenn wout ki pi rapid yo dwe fè pou yo rantre nan nich yo.