Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon fi ki gen sajès gen respè pou konsyans li.

DAPRE LABIB

Jete pitit

Jete pitit

Chak ane, gen plizyè milyon tibebe ki pa fèt, paske yo chwazi jete yo, e kantite tibebe sa yo depase popilasyon anpil peyi.

Èske se yon desizyon pèsonèl oswa sa gen rapò ak sa ki byen ak sa ki mal?

SA MOUN YO DI

 

Fi ki jete pitit yo fè sa pou plizyè rezon, pa egzanp, akoz pwoblèm lajan, pwoblèm nan relasyon yo ak papa pitit la, paske yo vle lib pou yo kontinye fè lòt etid oswa pou yo fè yon karyè, oubyen paske yo pa vle leve pitit yo poukont yo. Sepandan, gen lòt moun ki konsidere jete pitit kòm yon bagay ki mal, sa vle di fi ansent lan vyole konfyans yo te fè l lè yo te ba l posiblite pou l pote yon tibebe nan vant li.

MEN SA BIB LA DI

 

Nan je Bondye, lavi se yon bagay ki sakre, sitou lavi moun (Jenèz 9:6; Sòm 36:9). Prensip sa a aplike pou yon tibebe k ap devlope nan vant manman l, yon kote Bondye te chwazi pou timoun k ap devlope a jwenn sekirite ak pwoteksyon. Gen yon moun ki te patisipe nan ekri Bib la ki te di: “Ou te pwoteje m nan vant manman m.” Epi, li te di tou: “Ou te wè m ak je w lè m te nan vant. Tout pati m yo te ekri nan liv ou a. Ou te ekri enfòmasyon anrapò ak jou yo te fèt yo depi menm anvan youn nan yo te egziste.” — Sòm 139:13, 16.

Fason Bondye konsidere lavi yon timoun ki nan vant parèt tou nan Lwa li te bay nasyon Izrayèl la ak nan konsyans li mete nan nou an. Nan Lwa Bondye te bay la, li te di si yon moun frape yon fi ansent e li touye tibebe ki nan vant li a, yo ta dwe touye moun nan tou, se ak lavi moun nan pou l peye pou lavi li te retire a (Egzòd 21:22, 23). Pa gen dout nan sa, jij yo te gen pou yo chèche egzamine sa k te pouse moun nan fè sa ak sitiyasyon an. — Nonb 35:22-24, 31.

Mete sou sa, Bondye bay lèzòm yon konsyans. Lè yon fi koute konsyans li, ki tankou yon vwa k ap pale anndan l, lè l respekte lavi pitit li gen nan vant li a, konsyans li ap fè l santi l byen *. Si l pase sou sa konsyans li di l, konsyans lan ka ba l pwoblèm oswa li ka menm kondane l (Women 2:14, 15). Vrèmanvre, gen kèk rechèch yo fè ki montre fi ki jete pitit yo gen plis posiblite pou lespri yo toumante e pou yo fè depresyon.

Men, ki sa pou yo fè si leve yon timoun sanble pa fasil pou yo, sitou si yo pa t planifye pou yo fè timoun nan? Men yon pwomès Bondye fè ki ankourajan pou moun ki fidèl ak prensip li yo: “Ou fidèl ak moun ki fidèl. Ou aji yon fason ki san repwòch ak moun ki san repwòch.” (Sòm 18:25). Men sa Bib la di tou: “Jewova renmen jistis e li pap lage moun ki fidèl ak li yo.” — Sòm 37:28.

“Konsyans yo ap rann temwayaj ansanm avèk yo e, nan pwòp panse yo, yo santi konsyans yo akize yo oswa li dakò avèk yo.” — Women 2:15.

Ki sa pou w fè si w te deja jete pitit?

SA MOUN YO DI

 

Ruth, yon manman k ap leve pitit li poukont li, di: “Mwen te deja gen twa timoun, e m pa t santi m te ka pran swen kat timoun. Epoutan, apre m te fin jete pitit la, mwen te santi m te fè yon bagay mal. *” Men, èske Bondye pap padone l pou sa l te fè a?

MEN SA BIB LA DI

 

Jezi Kris te montre sa ki nan lespri Bondye sou kesyon sa a lè l te di: “Mwen pa vin rele moun ki jis pou yo repanti, men se moun k ap pratike peche mwen vin rele pou yo repanti.” (Lik 5:32). Se sèten, lè nou gen remò toutbon pou yon bagay mal nou te fè e nou repanti, epi nou mande Bondye pou l padone nou, Bondye dispoze padone n, menmsi se yon peche grav nou te fè (Ezayi 1:18). Men sa Sòm 51:17 di: “O Bondye, ou pap rejte yon kè k ap fann.”

Bondye ap bay moun ki te gen kè l ap fann nan yon konsyans ki pwòp ak lapè nan lespri l, lè moun nan ouvri kè l ba li pou l priye l avèk imilite. Men sa Filipyen 4:6, 7 di: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou. *” Lè Ruth te etidye Labib e li te ouvri kè l bay Bondye, li te vin gen lapè sa a nan li. Li te aprann Bondye konn “padone moun toutbon”. — Sòm 130:4.

“[Bondye] pa trete nou dapre peche nou fè, ni li pa fè nou sibi sa nou merite pou erè nou yo.” — Sòm 103:10.

^ § 10 Si ta gen risk pou manman an oswa pou timoun nan gen yon pwoblèm sante, sa pa ba l rezon pou l jete pitit la. Si pandan yon akouchman, lavi ni manman an ni pitit la an danje, e yo dwe chwazi swa lavi manman an, swa lavi timoun nan, se mari a ak madanm nan ki pou deside. Sepandan, nan anpil peyi, grasa pwogrè ki fèt nan domèn lamedsin, ka sa yo pa rive souvan.

^ § 15 Yo chanje non moun nan.

^ § 18 Esperans rezirèksyon an ka ede yon moun ki gen kè l ap fann jwenn lapè nan lespri l tou. Gade “Kesyon lektè yo poze” nan Toudegad 15 avril 2009, kote yo pale sou kèk prensip nan Bib la ki gen rapò ak posiblite ki genyen pou yon timoun ki te mouri nan vant resisite.