Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ap gen yon paradi sou tè a kote moun ki ret vivan apre dènye jou yo pral viv.

Ki sa Bib la di?

Ki sa Bib la di?

Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?

Èske w t ap di...

  • Wi?

  • Non?

  • Petèt?

Men sa Bib la di

“Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte.” (2 Timote 3:1). Pwofesi ki nan Bib la ansanm ak evènman k ap pase yo montre epòk nou an se “dènye jou yo”.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Pandan dènye jou yo, t ap gen lagè, grangou, tranblemanntè ak epidemi maladi k ap touye moun. — Matye 24:3, 7; Lik 21:11.

  • Nan dènye jou yo, limanite t ap gen gwo pwoblèm nan domèn moral e yo pa t ap gen bon relasyon ak Bondye. — 2 Timote 3:2-5.

Ki sa k ap tann limanite alavni?

Gen kèk moun ki kwè... dènye jou yo ap fini ak destriksyon tè a ansanm ak tout moun ki sou li, alòske gen lòt moun ki espere sitiyasyon an ap vin pi bon. Ki sa w panse?

Men sa Bib la di

“Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Dènye jou yo ap fini lè Bondye retire tout move bagay k ap fèt yo. — 1 Jan 2:17.

  • Latè pral tounen yon paradi. — Ezayi 35:1, 6.