Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye konn mete l nan plas moun?

Èske Bondye konn mete l nan plas moun?

SA KREYASYON AN APRANN NOU

Yon moun ki konn mete l nan plas moun gen “kapasite pou l konprann sa lòt moun santi oswa eseye imajine sa lòt moun ap viv pou l ka konprann sitiyasyon l”. Dr. Rick Hanson, yon espè nan zafè sante mantal fè konnen nou fèt ak kapasite pou n mete n nan plas lòt moun.

FÈ YON TI REFLECHI: Sa k fè moun gen kapasite pou yo mete yo nan plas lòt moun alòske lòt espès yo pa konsa? Bib la fè konnen Bondye te kreye lèzòm pòtre ak li (Jenèz 1:26). Nou fèt pòtre ak Bondye nan sans nou ka reflete pèsonalite l, e konsa nou ka demontre bèl kalite l yo nan yon sèten nivo. Kidonk, lè yon moun mete l nan plas lòt moun opwen sa pouse l ede yo paske li gen sousi pou yo, se imite l imite konpasyon Jewova Dye, Kreyatè nou an. — Pwovèb 14:31.

SA BIB LA APRANN NOU SOU JAN BONDYE KONN METE L NAN PLAS MOUN

Bondye konprann nou e li pa renmen wè n k ap soufri. Men sa Bib la di konsènan pèp Izrayèl tan lontan an ki te soufri anpil anba esklavaj e ki te pase 40 an ap viv nan yon dezè: “Pandan tout tan yo t ap soufri a, sa te fè l soufri.” (Ezayi 63:9). Èske w remake se pa annik gade Bondye te ret gade yo k ap soufri? Li te santi soufrans yo, li te di: “Mwen byen konnen jan y ap soufri.” (Egzòd 3:7). Bondye di tou: “Nenpòt moun ki manyen nou, se gla je m li manyen.” (Zakari 2:8). Lè yon moun fè n soufri, sa fè Bondye soufri tou.

Menmsi nou gendwa ap kondane tèt nou e nou santi nou pa merite pou Bondye mete l nan plas nou, Bib la ban nou asirans “Bondye pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay”. (1 Jan 3:19, 20.) Bondye konnen nou pi byen pase pwòp tèt nou. Li byen konnen tout ti detay nan lavi nou, sa k nan panse nou ak jan nou santi nou. Li mete l nan plas nou.

Nou kapab konte sou Bondye pou l ban nou rekonfò, sajès ak èd paske nou konnen li ede moun k ap soufri.

Men ki asirans nou jwenn nan Bib la

  • “N ap rele, Jewova ap reponn. N ap rele mande sekou, l ap di nou: ‘Men mwen!’” — EZAYI 58:9.

  • “‘Paske, mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa. Nou gen pou nou rele m, pou nou vin jwenn mwen e pou nou priye m, e mwen menm m ap koute nou.’” — JEREMI 29:11, 12.

  • “Se pou w mete tout dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la. Èske w pa ekri tout move bagay ki rive m yo nan liv ou a?” — SÒM 56:8.

BONDYE WÈ NOU, LI KONPRAN NOU E LI SANTI SA N SANTI

Lefètke nou konnen Bondye kapab mete l nan plas nou, èske sa kapab ede nou fè fas ak pwoblèm? Ann pran egzanp Maria:

“Se pa ti soufri m te soufri lè pitit gason m nan te mouri lè l te gen 18 an apre l te fin fè dezan ap goumen ak kansè. Sa te rèd anpil e m pa t ka aksepte sa. Mwen te fache kont Jewova poutèt li pa t fè anyen pou l te geri l!

“Sizan annapre, yon bon zanmi nan kongregasyon an ki te renmen m, te pran tan pou l koute m lè m t ap di l jan m santi Jewova pa renmen m. Apre li te fin fè plizyè èdtan ap koute m san l pa koupe m lapawòl, li te site yon vèsè ki te touche m anpil. Se te 1 Jan 3:19, 20 ki di: ‘Bondye pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay.’ Li te esplike m jan Jewova konprann soufrans nou.

“Aktout sa, li te difisil pou m te sispann an kòlè! Epi, mwen te li Sòm 94:19 ki di: ‘Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.’ Mwen te santi se pou mwen menm yo te ekri vèsè sa a! Rive yon lè, mwen te santi m vrèman soulaje lè m te vin ka pale ak Jewova konsènan soufrans mwen paske m te konnen l ap koute m e li konprann mwen.”

Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan pou yon moun konnen Bondye konprann li e li santi sa l santi! Men, poukisa menm gen tout soufrans sa yo? Èske se paske Bondye ap pini nou pou sa nou fè ki mal? Èske Bondye pral aji pou l met fen nan soufrans? Se sou sa nou pral pale nan atik ki vin apre yo.