Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvi Bondye se medikaman l!

Sèvi Bondye se medikaman l!

Lè yo te envite de pyonye ki t ap preche pou yo antre nan yon kay nan peyi Kenya, yo te sezi wè ti figi yon mesye ki te kouche sou yon kabann. Mesye a te gen yon ti kò epi bra l te tou kout. Mesye a t ap souri bay pyonye yo toutpandan yo t ap li pou mesye a yon pwomès Bondye fè ki di: “Moun ki enfim nan pye a pral grenpe tankou sèf.” — Iza. 35:6, NW.

Pyonye yo te aprann Onesmus, kounye a ki nan fen trantèn li, te fèt ak yon maladi ki rele osteogenesis imperfecta. Zo l tèlman frajil opwen nenpòt ti efò l fè sou yo ka fè yo kase. Piske pa gen okenn tretman pou maladi sa a, Onesmus atann li l ap pase tout rès vi l ap soufri sou yon chèz woulant.

Onesmus te aksepte fè yon etid biblik. Sepandan, manman l pa t dakò pou l asiste reyinyon yo paske l te panse sa te ka lakòz Onesmus fè aksidan ki t ap fè l soufri plis. Pou rezon sa a, frè yo te anrejistre reyinyon yo, e annapre Onesmus te koute yo lakay li. Apre Onesmus fin pase senk mwa ap etidye, li te deside pou l al asiste reyinyon yo malgre tout risk ki te genyen.

Èske lefètke Onesmus t al asiste reyinyon yo sa te fè l soufri plis? Anfèt, se te lekontrè ki te rive. Men sa Onesmus fè konnen: “Sanble doulè m te toujou genyen yo te diminye pandan reyinyon yo.” Li panse se nouvo espwa li vin genyen an ki fè l santi l miyò. Manman Onesmus te tèlman kontan lè l te wè jan pitit gason l lan te chanje tanperaman, li te aksepte etidye Labib tou. Men sa l te konn di: “Sèvi Bondye se medikaman pitit gason m nan.”

Sa pa t pran tan pou Onesmus te vin yon pwoklamatè ki poko batize. Apre sa, li te batize, e kounye a l ap sèvi antanke asistan ministeryèl. Byenke Onesmus pa ka sèvi ak pye l ansanm ak youn nan bra l yo, li gen dezi pou l fè tout sa l kapab nan sèvis Jewova a. Li te vle vin pyonye oksilyè, men li te pè ranpli fich la. Sa k fè sa? Se paske l konnen li t ap bezwen konte sou yon lòt moun pou pouse chèz woulant li an pou li toutan. Lè l te fè kwayan parèy li yo konn sa, yo te pwomèt li yo t ap ede l. Yo te fè sa vre, e sa te ede l vin pyonye oksilyè.

Onesmus te anvi vin pyonye pèmanan, men, menm pwoblèm nan te fè l pè ranpli fich la. Sepandan, yon lè, li te jwenn ankourajman l te bezwen an nan tèks pou jounen an ki te soti nan Sòm 34:8 (NW). Men sa l di: “Goute e n a wè jan Jewova bon.” Apre Onesmus te fin medite sou vèsè sa a, li te deside vin pyonye pèmanan. Kounye a, li preche kat jou nan semèn nan e l gen plizyè etidyan Labib k ap fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl. Nan ane 2010, li te asiste Lekòl pyonye. Se pa ti kontan Onesmus te kontan pou l wè se youn nan de pyonye ki te vin pou premye fwa lakay li a ki te enstriktè l!

Paran Onesmus yo mouri pou kounye a, men, frè ak sè yo nan kongregasyon an kontinye pran swen l chak jou. Li rekonesan anpil pou tout benediksyon l ap jwi kounye a, e l ap tann avèk enpasyans moman kote “pa gen moun ki abite la k ap di: ‘Mwen malad.’” — Iza. 33:24, NW.