Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKRÈ POU GEN KÈ KONTAN NAN YON FANMI

Pale ak pitit ou ki adolesan san nou pa fè kont

Pale ak pitit ou ki adolesan san nou pa fè kont

“Lè pitit fi m nan te gen 14 an, li te kòmanse ap ban m repons. Si m ta di l ‘li lè pou l manje’ li t ap reponn mwen ‘m ap manje lè m vle’. Si m ta mande l si l fini travay m te ba l fè yo, li t ap di m ‘sispann annuiye m!’ Plizyè fwa, lè m ap pale avè l nou pale fò youn ak lòt e youn rele sou lòt.” — MAKI, JAPON *.

Si w se yon paran ki gen pitit ki adolesan, kont ou genyen avè yo ka mete kapasite w genyen antanke paran aleprèv e sa ka mande pou w gen anpil pasyans. Marya ap viv nan peyi Brezil, li gen yon pitit fi ki gen 14 an. Men sa l di: “Lè pitit fi m nan pa respekte otorite m, sa fè tout san m mache. Nou konn tèlman fache, youn rele sou lòt.” Kamela ap viv ann Itali. Li gen menm pwoblèm nan tou. Men sa l di: “Lè mwen menm ak pitit gason m nan pran fè diskisyon, bagay yo toujou myèl. Finalman li vire do l, li antre nan chanm li e li fèmen pòt li.”

Poukisa gen kèk adolesan ki sanble renmen fè kont? Èske se jèn parèy yo pou moun blame? Petèt. Bib la di, zanmi yon moun genyen ka gen gwo enfliyans sou li. Enfliyans lan ka bon konsa tou li ka pa bon (Pwovèb 13:20; 1 Korentyen 15:33). Mete sou sa, pifò divètisman ki enterese jèn jodi a, se divètisman ki montre lè jèn yo rebele e yo manke respè pou lòt moun se bagay ki akseptab.

Men gen lòt bagay nou ka konsidere, bagay ki pa twò difisil pou n pale de yo yon fwa w fin konprann kòman yo ka gen efè sou pitit ou ki adolesan. Ann egzamine kèk egzanp.

L AP DEVELOPE ‘KAPASITE L GENYEN POU L REZONE’

Men sa Pòl te ekri: “Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou timoun, mwen te konn reflechi tankou timoun, mwen te konn rezone tankou timoun. Men kounye a mwen vin granmoun, mwen elimine sa ki gen rapò ak timoun.” ​(1 Korentyen 13:11). Jan pawòl apot Pòl yo montre sa, timoun ak granmoun pa panse menm jan. Nan ki sans?

Jèn yo gen tandans panse yon fason konkrè, sa vle di, pou yo swa yon bagay bon swa l pa bon, swa yon bagay blan oubyen li nwa. Tandiske, byen souvan granmoun yo pi ka konprann bagay ki abstrè, sa vle di, yo ka rezone sou bagay ki pa fin twò klè. Yo ka reflechi yon fason ki pi pwofon sou yon sijè anvan yo abouti ak yon konklizyon oubyen anvan yo pran yon desizyon. Pa egzanp, granmoun yo plis gen tandans egzamine kesyon moral ki kache dèyè yon pwoblèm e yo reflechi sou konsekans aksyon yo ap gen sou lòt moun. Petèt se konsa yo abitye panse. Kontrèman ak granmoun yo, jèn yo nouvo nan domèn nan.

Bib la ankouraje jèn yo pou yo devlope “kapasite yo genyen pou yo reflechi”. (Pwovèb 1:4.) Anfèt, Bib la mande tout kretyen pou yo sèvi ak “kapasite yo genyen pou yo rezone”. (Women 12:1, 2; Ebre 5:14.) Sepandan, pafwa, kapasite adolesan an genyen pou l rezone a ka fè l fè diskisyon avè w. Li ka fè kont avè w menm sou bagay ki pa gen okenn enpòtans. Oubyen li ka di w yon bagay ki montre aklè li pa gen bon jijman (Pwovèb 14:12). Nan ka sa yo, ki jan w ka rezone ak pitit ou san w pa fè kont avè l?

YON BAGAY OU KA FÈ: Met nan tèt ou se aprann pitit ou a ka ap aprann fason pou l sèvi ak kapasite li genyen pou l rezone, yon kapasite li fèk ap dekouvri lakay li, men sa pa vle di li atache ak opinyon li genyen. Pou w ka konnen sa l kwè toutbonvre, premye bagay pou w fè se felisite l paske l sèvi ak kapasite li genyen pou l reflechi (ou ka di l: “M konprann fason w panse a, menmsi m pa fin dakò ak konklizyon ou abouti a”). Epi ede l egzamine sa l panse a (ou ka di l: “Èske w panse sa w sot di a valab nan tout sitiyasyon?”). Ou ka sezi wè jan pitit ou a reegzamine panse l te genyen an epi li korije fason l panse.

Yon bagay ou dwe veye: Lè w ap rezone ak pitit ou ki adolesan, pinga w panse fòk ou montre l se ou ki gen rezon. Menmsi sa w di a sanble antre nan yon zòrèy epi li soti nan lòt zòrèy la, li posib pou l aprann plis bagay nan konvèsasyon an pase sa w te espere, oubyen pase sa l dakò. Pinga w sezi si w ta wè apre kèk jou sèlman, li vin gen menm pwennvi avè w sou kesyon an, petèt li ka menm di se li ki te gen pwennvi sa a.

“Pafwa mwen menm ak pitit gason m nan konn fè kont pou ti bagay raz. Pa egzanp, nou fè kont sou nesesite pou l pa gaspiye, oubyen paske l ap nui ti sè l. Men nan pifò ka, sanble li te vle pou m mande l sa l panse epi pou m montre l m konprann li, pou m ta di l: ‘O, se konsa sa te ye’ oubyen ‘Se sa w panse.’ Lè m reflechi sou pwoblèm nou te konn genyen, m rann mwen kont si m te konn jis di l kèk ti pawòl konsa, petèt gen anpil kont nou fè nou te ka evite yo.” — Kenji, Japon.

L AP ETABLI KONVIKSYON L

Paran ki gen sajès yo kreye yon anbyans kote pitit yo santi yo alèz pou yo bay opinyon yo.

Yon pati enpòtan nan travay yon paran k ap leve pitit li ki adolesan gen pou l fè, se prepare pitit li pou jou l ap gen pou l kite kay la epi prepare l pou l vin yon adilt responsab (Jenèz 2:24). Travay sa a mande pou paran an ede pitit li etabli idantite l, sa gen ladan l, yon seri bèl kalite, kwayans ak prensip ki fè timoun nan moun li ye a. Lè yon adolesan ki deja byen konnen ki moun li ye jwenn presyon pou l fè sa ki mal, nonsèlman l ap reflechi sou konsekans aksyon l lan ap genyen men l ap fè plis pase sa. L ap mande tèt li: ‘Ki jan de moun mwen ye? Ki prensip m ap suiv? Ki sa yon moun k ap suiv prensip sa yo t ap fè nan sitiyasyon sa a?’ — 2 Pyè 3:11.

Bib la pale de Jozèf, yon jèn gason ki te byen konnen kiyès li ye. Pa egzanp, lè madan Potifa t ap ba l presyon pou l kouche avè l, Jozèf te di l: “Ki jan ou ta vle pou m’ fè yon bagay konsa, pou m’ fè peche sa a kont Bondye?” ​(Jenèz 39:9). Malgre yo potko bay Izrayelit yo yon lwa ki entèdi moun fè adiltè, Jozèf te konprann pwennvi Bondye genyen sou kesyon an. Anplis de sa, ekspresyon “Ki jan ou ta vle pou m’ fè” a montre Jozèf te fè pwennvi Bondye vin pwennvi pa l. — Efezyen 5:1.

Pitit ou a ki adolesan tou ap etabli idantite l. Se yon bon bagay, paske kwayans li genyen ap ede l fè fas ak presyon l ap jwenn nan men jèn parèy li e sa ap ede l reziste (Pwovèb 1:10-15). Yon lòt bò, idantite sa a li vin genyen an ka fè l ap kenbe tèt avèk ou. Lè sa rive, ki sa w ka fè?

YON BAGAY OU KA FÈ: Olye pou w ap plede fè diskisyon avè l, annik repete sa l te di a (ou ka di l: “Kite m repete sa w te di a pou m ka sèten m byen konprann li. Ou te di...”). Apre sa, poze l kèk kesyon (tankou: “Ki sa k fè w panse konsa?” oubyen “Ki sa k fè w abouti ak konklizyon sa a?”). Fè l di sa k nan kè l. Kite l bay opinyon l. Si diferans ki genyen ant opinyon pa l ak opinyon pa w se jis yon kesyon preferans, men se pa paske opinyon li genyen an pa bon, montre pitit ou ou respekte pwennvi l, menmsi w pa fin dakò avè l.

Nonsèlman se yon bagay ki nòmal pou yon moun chèche bay tèt li yon idantite e pou l vin gen konviksyon ki mache ak idantite sa a, men se yon bagay ki pwofitab tou. Anfèt, Bib la di kretyen yo pa dwe tankou timoun piti k ap ‘fè ale vini tankou se lanm lanmè k ap balanse yo, pou tout van ansèyman ap pote yo ale adwat agoch’. (Efezyen 4:14.) Kidonk, ankouraje pitit ou ki adolesan pou l chèche bay tèt li yon idantite e pou l gen bonjan konviksyon ki mache ak idantite sa a.

“Lè m montre pitit fi m yo mwen dispoze koute yo, yo plis anvi pran opinyon m an konsiderasyon, menmsi opinyon m pa menm ak opinyon pa yo. M veye pou m pa fòse yo panse menm jan avè m, men m kite yo gen pwòp konviksyon yo.” — Ivana, Repiblik tchèk.

SE POU W FÈM, MEN SE POU W REZONAB

Menm jan ak timoun piti, gen kèk adolesan ki fò nan sa, yo plede pale de yon bagay dekwa pou yo ka fè paran yo sede. Si sa rive souvan nan fanmi pa w, fè atansyon. Menmsi lè w sede sa ka fè pitit ou ki adolesan jwenn soulajman pou yon ti moman, men sa ka fè yo konprann depi yo vle yon bagay, pi bon mwayen pou yo jwenn li se fè kont avè w. Ki sa w ka fè pou w rezoud pwoblèm sa a? Suiv konsèy Jezi te bay la: “Se pou ‘wi’ nou vle di wi, e se pou ‘non’ nou vle di non.” ​(Matye 5:37). Adolesan yo ap gen mwens tandans pou yo fè kont avè w si yo konnen w se moun ki respekte sa w di.

Anmenmtan, se pou w rezonab. Pa egzanp, kite adolesan an esplike rezon ki fè li ta renmen pou w fè yon ti chanjman nan lè ou konn mande l pou l antre nan kay la nan yon sikonstans byen presi. Lè w aji konsa, se pa nan presyon w pran, men tou senpleman ou suiv konsèy Bib la bay ki di: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” — Filipyen 4:5.

YON BAGAY OU KA FÈ: Fè yon reyinyon ak fanmi an pou w pale sou lè pou timoun yo antre nan kay la e pou w pale sou lòt règ ki gen nan fanmi an. Montre yo ou dispoze koute yo e ou prèt pou w egzamine tout aspè nan kesyon an anvan ou pran yon desizyon. Men sa Wobèto, yon papa k ap viv nan peyi Brezil fè konnen: “Adolesan yo dwe wè paran yo dispoze di yo wi lè sa yo mande a pa vyole yon prensip nan Bib la.”

Natirèlman, pa gen okenn paran ki pafè. Bib la di: “Nou tout nou bite tanzantan.” ​(Jak 3:2). Si w rann ou kont, nan yon sèten degre, se ou menm ki lakòz yon diskisyon, pa ezite mande pitit ou eskiz. Si w rekonèt fot ou, se egzanp w ap ba li nan domèn imilite e w ap prepare l pou l aji menm jan an lè l antò.

“Apre nou fin diskite, lè m vin kalme, m di pitit gason m nan eskize poutèt m te eksploze sou li. Sa ede l kalme tou e li vin pi fasil pou l koute m.” — Kenji, Japon.

^ § 3 Yo chanje non moun yo nan atik sa a.

MANDE TÈT OU...

  • Ki bagay lè m fè l ki fè m nan kont ak pitit mwen ki adolesan?

  • Ki jan m ka sèvi ak enfòmasyon ki nan atik sa a pou m pi byen konprann li?

  • Ki sa m ka fè pou m pale ak pitit mwen ki adolesan san nou pa fè kont?