Women 12​:​1-21

  • Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan (1, 2)

  • Gen diferan don, men gen yon sèl kò (3-8)

  • Konsèy sou fason pou n viv antanke vrè kretyen (9-21)

12  Se sa k fè, frè m yo, m ap sipliye nou, grasa konpasyon Bondye, pou nou prezante kò+ nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen+, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone+.  E sispann konfòme nou ak sistèm sa a*, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon+, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman+ nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.  Paske, grasa favè san parèy Bondye fè m nan, m ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse+, men pou l panse yon fason pou l vin gen bonsans, e chak moun ap fè sa selon mezi lafwa Bondye ba li a+.  Paske, menm jan kò nou gen plizyè pati+, men tout pati yo pa jwe menm wòl,  se konsa tou, nou menm, byenke nou anpil, nou se yon sèl kò ann inyon avèk Kris, men nou chak nou se manm ki ini youn ak lòt+.  Etandone, selon favè san parèy Bondye fè nou an, nou pa gen menm don+, si se pwofetize n ap pwofetize, annou pwofetize selon mezi lafwa Bondye ban nou an;  si se yon sèvis n ap fè, annou kontinye nan sèvis sa a; si se anseye yon moun ap anseye, se pou l kontinye ladan l+;  si se ankourajman yon moun ap bay, se pou l kontinye fè sa+; si se bay l ap bay, se pou l fè sa ak tout kè l+; si se dirije l ap dirije*, se pou l fè sa avèk dilijans*+; si se mizèrikòd l ap fè, se pou l fè sa ak kè kontan+.  Se pou lanmou nou pa gen ipokrizi ladan l+. Gen degoutans pou sa ki mal+, rete atache ak sa ki byen. 10  Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak gwo afeksyon nou gen youn pou lòt. Pran devan nan onore youn lòt+. 11  Se pou nou travay di*, pa fè parès*+. Se pou lespri a chofe nou+. Travay tankou esklav pou Jewova*+. 12  Rejwi nan esperans lan. Andire anba tribilasyon+. Pèsevere nan lapriyè+. 13  Pataje ak moun ki sen yo selon bezwen yo+. Pran abitid akeyi moun+. 14  Kontinye mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite nou yo+. Mande benediksyon, pa mande malediksyon+. 15  Rejwi ak moun k ap rejwi. Kriye ak moun k ap kriye. 16  Konsidere lòt moun menm jan nou konsidere tèt nou. Pa kite ògèy plen tèt nou, men kite imilite dirije nou+. Pinga nou vin saj nan pwòp je pa nou+. 17  Pa rann pèsonn mal pou mal+. Chèche fè sa ki byen nan je tout moun. 18  Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun+. 19  Pa vanje tèt nou, byenneme, men kite kòlè Bondye aji+, paske men sa ki ekri: “‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.’ Se sa Jewova* di+.” 20  Men, “si ènmi w grangou, ba l manje, si l swaf, ba l yon bagay pou l bwè. Paske lè w fè sa, se anpile w ap anpile chabon ki byen limen sou tèt li*+”. 21  Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou, men kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen+.

Nòt anba paj

Oswa: “ak tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “si se latèt li pran”.
Oswa: “avèk serye”.
Oswa: “pa trennen nan travay nou”.
Oswa: “Se pou nou dilijan; Se pou nou zele”.
Sa vle di kalme moun nan, epi fè l pa aji di ankò, menm jan ak yon metal yo mete nan fou epi li fonn.