Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BONDYE PANSE SOU FIMEN?

Ki sa Bondye panse sou fimen?

Ki sa Bondye panse sou fimen?

Nou te pale de Naoko nan premye atik la. Men sa l te di konsènan viktwa li te ranpòte sou fimen: “Mwen te rive chanje lavi m paske m te aprann laverite sou kalite Bondye genyen yo ak sou objektif Bondye.” Se nan Bib la li te jwenn sa l te aprann yo. Byenke Bib la pa janm pale de tabak, li ede n konprann sa Bondye panse sou fimen *. Anpil moun te jwenn motivasyon pou yo reziste kont abitid sa a oswa pou yo kite l grasa konesans yo te vin gen sou Bib la (2 Timote 3:16, 17). Ann egzamine twa move konsekans fimen lakòz, yon seri konsekans anpil moun byen konnen, epi annou wè sa Bib la di sou yo.

FIMEN FÈ MOUN ESKLAV

Tabak gen youn nan pwodui ki fè moun pi esklav, yo rele l nikotin. Li aji alafwa kòm yon fòtifyan e kòm yon kalman. Lè yon moun fimen, nikotin antre nan sèvo l byen vit e sa rive yon kantite fwa. Piske chak nway gen yon ti dòz nikotin ladan l, yon moun ki fimen yon pòch sigarèt pa jou, an mwayèn, pran 200 dòz nikotin chak jou. Dòz sa a pi fò pase tout lòt dòz moun konn pran nan lòt dwòg. Moun ki fimen yo tèlman pran dòz nikotin nan souvan, sa fè nikotin nan espesyal nan fason l fè moun vin esklav. Yonfwa moun ki fimen an fin pran nan pyèj sa a, depi kò l pa jwenn nikotin, li vin gen kèk sentòm ki fè l santi li manke yon bagay.

“Nou se esklav moun sa a paske nou obeyi l.” — Women 6:16.

Èske w ka obeyi Bondye vre si w esklav tabak?

Bib la ede n gen yon pwennvi ki kòrèk sou sijè sa a. Men sa l di: “Èske nou pa konnen si nou kontinye prezante tèt nou bay yon moun kòm esklav pou nou obeyi l, nou se esklav moun sa a paske nou obeyi l?” ​(Women 6:16). Lè anvi fimen domine ni panse yon moun ni aksyon l, byen vit, moun sa a ap vin esklav yon vye abitid. Sepandan, Bondye, ki rele Jewova, vle pou n libere anba abitid ki nui kò nou e ki kòwonp lespri nou, sètadi tandans ki pi fò lakay nou an (Sòm 83:18; 2 Korentyen 7:1). Konsa, tank yon moun vin gen apresyasyon pou Jewova e li vin gen respè pou li, se tank l ap rekonèt Jewova merite pou l ba l sa ki pi bon an. Anfèt, li pap ka bay Bondye sa li genyen ki pi bon an si l ret esklav yon abitid ki danjere. Lè yon moun byen konprann reyalite sa a, sa ap motive l pou l reziste kont vye anvi.

Olaf ap viv ann Almay. Li te kòmanse fimen sigarèt lè l te gen 12 an e li te kite abitid sa a apre l te fin pase 16 an ap fimen. Men sa l te di: “Premye sigarèt la te tankou yon ti boul nèj ki pa reprezante okenn danje. Men, ofiramezi ane ap pase, li vin tounen yon gwo pil nèj. Yon lè mwen pa t gen sigarèt, m te sitèlman fache m te ranmase tout pòy sigarèt ki te nan yon sandriye, m te pran tabak ki ladan yo, m woule yo nan yon moso papye jounal epi m fè yon sigarèt. Lè m te reflechi sou sa k te pase a, m wè se vrèman yon wont sa te ye.” Ki sa k te ede l kite vye abitid sa a? Men sa l te di: “Sa k te plis motive m se anvi m te genyen pou m fè Jewova plezi. Lanmou Jewova gen pou limanite ansanm ak espwa li bay la te ban m fòs pou m kite vye abitid sa a nèt.”

FIMEN DETWI KÒ MOUN

Men sa yon liv fè konnen: “Gen prèv syantifik ki montre lè yon moun fimen sigarèt [...] sa andomaje prèske tout ògàn nan kò l e sa ogmante posiblite pou l malad e pou l mouri.” ​(The Tobacco Atlas). Tout moun konnen lè moun fimen sa lakòz yo fè yon seri maladi ki pa trapan tankou kansè, maladi kè ak maladi nan poumon. Sepandan, dapre Òganizasyon mondyal lasante (OMS), fimen se youn nan koz prensipal ki fè moun mouri anba yon seri maladi trapan tankou tibèkiloz.

“Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w.” — Matye 22:37.

Èske w montre lanmou ak respè pou Bondye si w mal sèvi ak kò li ba ou a akoz yon vye abitid?

Jewova sèvi ak Bib la, Pawòl li a, pou l aprann nou gen yon pwennvi ki kòrèk sou lavi nou, sou kò nou ak sou kapasite nou genyen. Jezi, Pitit li a, te met aksan sou pwen sa a lè l te di: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w.” ​(Matye 22:37). Sa klè, Bondye vle nou byen itilize ni lavi nou ni kò nou e li vle n trete yo avèk respè. Tank n ap aprann konnen Jewova ak pwomès li yo, se tank n ap vin renmen tout sa li fè pou nou e n ap ba yo anpil valè. Sa ap pouse n pou n pa vin esklav okenn bagay k ap sal kò nou.

Jayavanth se yon doktè k ap viv nan peyi End. Li te pase 38 an ap fimen. Men sa l te di: “M te aprann danje ki gen nan fimen nan jounal medikal yo. M te konnen se yon move bagay, e m te konseye pasyan m yo pou yo kite abitid sa a. Men, m pa t kapab kite l malgre m te eseye fè sa senk fwa oswa sis fwa.” Finalman, ki sa k te ede l kite abitid sa a? Men sa li di: “M kite fimen grasa etid Labib mwen te fè. Anvi m genyen pou m fè Jewova plezi te pouse m kite abitid sa a byen vit.”

FIMEN MET LAVI LÒT MOUN AN DANJE

Lafimen moun rejte lè y ap fimen ak lafimen k ap soti nan sigarèt la se pwazon. Lè yon moun respire lafimen sa yo, sa ka lakòz li fè kansè ak lòt maladi ankò. Chak ane, lafimen sa yo touye 600 000 moun ki pa fimen, e pifò nan yo se fi ak timoun. Men avètisman OMS bay nan yon rapò: “Kèlkeswa kantite tan yon moun ta fè ap respire lafimen sa yo, menmsi l ta toupiti, moun nan toujou an danje.”

“Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.” — Matye 22:39.

Èske w renmen pwochen w ak fanmi w vre si w ekspoze yo anba danje lafimen sigarèt reprezante a?

Selon Jezi, lanmou pou pwochen nou, sètadi fanmi nou, zanmi nou ak lòt moun ki nan anviwònman nou, vini tousuit apre lanmou nou gen pou Bondye. Men sa Jezi te di: “Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.” ​(Matye 22:39). Si nou gen yon abitid ki fè moun ki pwòch nou ditò, nou pa montre nou gen lanmou pou pwochen nou. Vrè lanmou an pouse n suiv konsèy Bib la bay ki di: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.

Men sa Armen k ap viv nan peyi Ameni fè konnen: “Fanmi m te sipliye m pou m kite fimen paske sa te ba yo pwoblèm. Men, m pa t vle admèt sa te ka gen move efè sou yo.” Men sa li di ki te ede l chanje pwennvi: “Konesans m genyen sou Bib la ak lanmou m genyen pou Jewova te ede m kite fimen e m te vin admèt se pa mwen menm sèlman sa fè ditò, men, sa fè moun ki nan anviwònman m ditò tou.”

MOUN PAP JANM FIMEN ANKÒ!

Konesans Olaf, Jayavanth ak Armen genyen sou Bib la te ede yo libere anba yon vye abitid ki te fè ni yo menm ni lòt moun ditò. Se pa jis paske yo konnen lè yo fimen sa gen move konsekans sou sante yo ki fè yo rive kite fimen, men se paske yo te vin renmen Jewova e yo te anvi fè l plezi. Lanmou jwe yon wòl trèzenpòtan, e wòl sa a parèt aklè nan 1 Jan 5:3 ki di: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” Anfèt, li pap toujou fasil pou yon moun suiv prensip ki nan Bib la, men, lè se gwo lanmou yon moun gen pou Bondye ki pouse l fè sa, li pap konsidere obeyi Bondye kòm yon chay pou li.

Jodi a, Jewova ede plizyè milyon moun libere tèt yo anba esklavaj tabak grasa yon kanpay fòmasyon k ap fèt nan lemonnantye (1 Timote 2:3, 4). Talè konsa, Jewova pral sèvi ak Wayòm li an, yon gouvènman ki nan syèl la, ki anba otorite Jezi Kris, Pitit li a, pou l elimine sistèm komèsyal ki avid la ki lakòz plizyè milyon moun vin esklav tabak. Li pral mete fen nan afè fimen an ki se yon epidemi e l pral fè moun ki obeyisan yo vin pafè ni nan kò yo ni nan lespri yo. — Izayi 33:24; Revelasyon 19:11, 15.

Si w ap lite pou w kite fimen, pa dekouraje. Si w aprann renmen Jewova e w chèche gen menm pwennvi avè l sou kesyon fimen, ou menm tou ou ka jwenn ankourajman ou bezwen pou w rive kite fimen. Temwen Jewova yo ap byen kontan ba w yon èd k ap itil ou, y ap ede w aprann konnen prensip ki nan Bib la pou w ka aplike yo, e y ap fè sa avè w pèsonèlman. Ou mèt gen asirans, si w ta renmen Jewova ede w libere anba esklavaj fimen lakòz la, l ap ba w fòs ak kouraj ou bezwen pou w rive fè sa. — Filipyen 4:13.

^ § 3 Nan atik la, mo fimen an fè referans ak lafimen moun respire lè y ap fimen sigarèt, siga, pip oswa pip dlo. Sepandan, prensip yo egzamine nan atik la, valab ni pou moun ki chike tabak, ni pou moun ki pran priz tabak, ni pou moun ki fimen sigarèt elektwonik ki gen nikotin oswa ki fimen lòt pwodui.