1 Jan 5​:​1-21

  • Moun ki gen lafwa nan Jezi venk monn nan (1-12)

    • Sa lanmou Bondye vle di (3)

  • Nou gen konfyans nan pouvwa lapriyè genyen (13-17)

  • Veye kò nou nan monn mechan sa a (18-21)

    • Lemonnantye anba pouvwa Mechan an (19)

5  Tout moun ki kwè se Jezi ki Kris la, se pitit Bondye yo ye+, e tout moun ki renmen Papa a renmen pitit li tou.  Men ki jan nou konnen nou renmen pitit Bondye yo+: Se lè nou renmen Bondye e nou obeyi kòmandman l yo.  Paske, men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo+. Epoutan, kòmandman l yo pa lou+.  Paske, tout moun* ki pitit Bondye pot laviktwa sou monn nan+. E men sa ki pot laviktwa sou monn nan: lafwa nou+.  Kiyès ki ka pot laviktwa sou monn nan+, si se pa moun ki kwè Jezi se Pitit Bondye+?  Se li menm, Jezi Kris, ki te vini ak dlo epi ak san. Se pa t nan dlo sèlman+, men se te nan dlo ak nan san+. E se lespri a k ap bay temwayaj+, paske lespri a se laverite.  Paske, gen yo twa k ap bay temwayaj:  lespri a+, dlo a+ ak san an+, e yo twa a dakò.  Si nou aksepte temwayaj lèzòm bay, temwayaj Bondye bay la pi gran. Paske, temwayaj Bondye bay la se temwayaj sou Pitit li a. 10  Yon moun ki mete lafwa li nan Pitit Bondye a resevwa temwayaj Bondye ba li a. Yon moun ki pa gen lafwa nan Bondye, se yon moun ki fè Bondye pase pou yon mantè+, paske li pa mete lafwa l nan temwayaj Bondye bay sou Pitit li a. 11  E men temwayaj Bondye bay la: li ban nou lavi ki pap janm fini an+, e lavi sa a se nan Pitit li a li ye+. 12  Moun ki ann inyon ak Pitit la gen lavi sa a. Moun ki pa ann inyon ak Pitit Bondye a pa gen lavi sa a+. 13  Nou menm ki mete lafwa nou nan non Pitit Bondye a+, mwen ekri nou bagay sa yo pou nou ka konnen nou gen lavi ki pap janm fini an+. 14  E men asirans nou gen nan Bondye*+: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou+. 15  E si nou konnen li tande nou pou kèlkeswa sa nou mande l, nou konnen n ap gen bagay nou mande yo, piske nou mande l yo+. 16  Si yon moun wè frè l fè yon peche ki pa mennen nan lanmò, li dwe priye pou li, e Bondye ap bay frè a lavi+. Sa valab pou nenpòt moun ki pa fè peche ki mennen nan lanmò a+. Gen yon peche ki mennen nan lanmò. Se pa pou peche sa a mwen di l pou l priye a. 17  Tout aksyon ki pa jis se peche+. Epoutan, gen yon peche ki pa mennen nan lanmò. 18  Nou konnen yon moun ki pitit Bondye pa pratike peche, men sila a ki Pitit Bondye a* ap veye sou li, e Mechan an pa ka fè l anyen*+. 19  Nou konnen se nan Bondye nou soti, men lemonnantye anba pouvwa Mechan an+. 20  Men, nou konnen Pitit Bondye a vini+, e li ban nou bon konprann* pou nou ka konnen Sila a ki vrè a+. E nou ann inyon ak Sila a ki vrè a pa mwayen Pitit li a, Jezi Kris. Se vrè Dye a, e se sous lavi ki pap janm fini an+. 21  Timoun, veye kò nou ak zidòl+.

Nòt anba paj

Lit.: “tout bagay”.
Oswa: “men sa nou alèz pou n di konsènan Bondye”.
Oswa: “pa ka manyen l”.
Anpalan de Jezi Kris.
Lit.: “li ban nou kapasite entèlektyèl”.