Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mari — Fè kay ou vin yon bon ti kote pou fanmi w viv

Mari — Fè kay ou vin yon bon ti kote pou fanmi w viv

KI SA yon gason dwe bay madanm li? Gen anpil moun, depi lè y ap leve yo, yo aprann yo objektif prensipal yon mari genyen se ede fanmi l nan domèn finansye. Sepandan, gen kèk madanm ki chaje ak bagay materyèl ki pa toujou santi yo byen nan domèn afektif, yo konn menm santi yo pè anpil. Pa egzanp, men sa Rosa, yon dam ki soti nan peyi Espay fè konnen konsènan mesye li marye avè l la: “Lè l ak moun deyò, li se yon bon moun anpil, men lè l nan kay la, li pa yon mari ki janti ditou.” Men sa Joy, yon dam ki soti nan peyi Nijerya admèt: “Lè m pa t dakò ak mari m, li te konn di m: ‘Ou dwe fè tout sa m di w paske m se mari w.’”

Ki jan yon gason ka ranpli wòl li genyen antanke mari yon fason ki gen lanmou? Ki sa yon mari bezwen fè pou kay li ka vin yon bon ti kote pou fanmi l viv, “yon kote ki trankil pou madanm li”? — Rit 1:9, NW.

SA BIB LA DI SOU OTORITE YON MARI GENYEN

Byenke yon mari ak yon madanm gen menm enpòtans nan je Bondye, Bib la di chak konjwen gen yon wòl byen presi nan fanmi an. Women 7:2 fè konnen yon fi ki marye vin anba “lwa mari l”. Menm jan anpil enstitisyon nome yon chèf pou sipèvize tout sa k ap fèt nan enstitisyon an, Bondye nome mari a chèf madanm li (1 Korentyen 11:3). Mari yo dwe pran latèt nan kay la.

Antanke mari, ki jan w dwe sèvi ak otorite Bondye ba w la? Men sa Bib la di: “Kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an.” (Efezyen 5:25). Se vre Jezi pa t janm marye, men, egzanp li bay ka ede w vin yon bon mari. Annou wè ki fason.

FASON JEZI TE VIV SE YON EGZANP PAFÈ POU MARI YO

Jezi te chèche konsole moun yo epi l te ede yo. Men sa Jezi te pwomèt tout moun ki te santi yo aflije e ki te dekouraje akoz pwoblèm pèsonèl yo genyen: “Vin jwenn mwen [...] e m ap ban nou fòs.” (Matye 11:28, 29). Li te konn soulaje yo anba soufrans yo genyen nan domèn fizik e l te konn ede yo pwoche bò kote Jewova. Se pa etonan lefètke anpil moun te santi Jezi atire yo, yo te gen asirans li t ap ede yo!

Fason mari yo ka imite Jezi. Chèche mwayen pou w ede madanm ou nan travay li gen pou l fè yo. Gen kèk madanm ki santi yo menm jan ak Rosa, y ap plenyen, yo di: “M pa lòt bagay pou mari m, mwen se sèvant li.” Yon lòt bò, men sa yon mesye ki rele Kweku ki gen yon bon maryaj fè konnen: “Souvan m mande madanm mwen ki fason m ka ede l nan travay li gen pou l fè yo. Etandone m renmen madanm mwen, byen souvan, mwen pran inisyativ pou m ede l nan travay li gen pou l fè nan kay la.”

Jezi te pran ka moun e li te mete l nan plas yo. Gen yon dam ki te gen 12 an depi l t ap soufri ak yon gwo pwoblèm sante. Lè l tande Jezi gen pouvwa pou l fè mirak, “li te di tèt li: ‘Si m touche rad li sèlman, m ap geri.’” Dam nan te gen rezon. Li te pwoche bò kote Jezi, li touche franj rad Jezi epi menm kote a dam nan geri. Byenke kèk moun ki t ap gade te ka panse dam nan pa t gen dwa aji konsa, Jezi te remake dam sa a te sanzespwa *. Avèk jantiyès li te di l: “Pitit fi m [...] Ou geri nèt anba maladi ki t ap fè w soufri a.” Nonsèlman li te evite fè dam nan wont e li pa t reprimande li, men tou, li te rekonèt dam nan se yon moun malad. Konsa, Jezi te montre ki kalite moun li ye, li se yon moun ki konn mete l nan plas lòt moun. — Mak 5:25-34.

Fason mari yo ka imite Jezi. Lè madanm ou pa santi l byen, montre w gen plis konsiderasyon pou li epi montre w gen plis pasyans. Fè efò pou w wè bagay yo menm jan avè l epi chèche konprann reyaksyon l. Pa egzanp, men sa Ricardo fè konnen: “Lè m remake madanm mwen pa vrèman sou san l, mwen fè yon efò espesyal pou m pa di bagay ki ka fè l vin pi mal.”

Jezi te konn kominike ak disip li yo. Jezi te esplike zanmi l yo anpil bagay e li te fè yo konnen santiman li genyen tou. Men sa l te di: “Mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” (Jan 15:15). Se vre kèk fwa Jezi te vle rete poukont li pou l medite e pou l priye. Men, byen souvan, li te pataje santiman ki pi pwofon li genyen ak disip li yo. Nan nuit anvan yo te kondane Jezi e yo t apral touye kòm yon kriminèl, avèk franchiz, li te di yo li te “nan gwo lapenn”. (Matye 26:38.) Menm lè aksyon disip yo te fè Jezi desi, Jezi pa t janm sispann pale ak zanmi l yo. — Matye 26:40, 41.

Lè yon gason medite sou egzanp Jezi, sa ka ede l vin yon pi bon mari e yon pi bon papa.

Fason mari yo ka imite Jezi. Kominike ak madanm ou, fè l konnen sa k nan panse w ak sa ki nan kè w. Yon madanm gendwa ap plenyen paske mari l sanble pa gen okenn pwoblèm pou l pale an piblik, men, lè l nan kay la li fè silans. Yon lòt bò, remake ki jan Ana santi l lè mari l di l sa k nan panse l ak sa ki nan kè l, li di: “Mwen santi li vrèman renmen m, e m vin santi m pwòch ak li.”

Pa sèvi ak silans kòm yon zam pou w pini madanm ou. Men sa yon dam fè konnen: “Lè mari m fache kont mwen, li refize pale avè m pandan plizyè jou. Li fè m santi m koupab epi li meprize m.” Sepandan, gen yon mari ki rele Edwin ki fè efò pou l imite egzanp Jezi. Men sa li di: “Lè madanm mwen agase m, mwen pa reponn menm kote a, men mwen tann moman ki apwopriye a pou n pale sou pwoblèm nan ak sou fason pou n rezoud li.”

Joy, dam nou te pale de li nan kòmansman atik la, te wè mari l chanje lè mari l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Men sa Joy di: “Li amelyore e li fè anpil efò pou l vin yon mari ki gen anpil lanmou, konsa, li imite Jezi.” Gen plizyè milyon koup marye ki jwenn byenfè grasa menm enstriksyon sa yo ki nan Bib la. Èske w ta renmen jwenn byenfè sa yo tou? Ou ka mande yon Temwen Jewova pou l fè yon etid biblik gratis avè w.

^ § 10 Dapre Lwa Bondye te bay Moyiz la, sitiyasyon dam sa a te fè li pa t pwòp nan domèn relijye, konsa, nenpòt moun li ta touche yo t ap konsidere moun nan pa pwòp tou. — Levitik 15:19, 25.