Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Byen sèvi ak JW Library pou w fè lekti sou iOS

Byen sèvi ak JW Library pou w fè lekti sou iOS

Gen kèk opsyon nan JW Library ki la pou ede w lè w ap sèvi ak aplikasyon an pou w fè lekti. W ap jwenn opsyon sa yo nan meni prensipal la, y ap parèt pa anlè ekran an lè w ap li yon chapit oswa yon atik.

Ou ka bezwen chwazi Plis pou w ka jwenn kèk nan opsyon sa yo.

Suiv enstriksyon ki vin apre yo pou w ka byen sèvi ak JW Library pou w fè lekti:

 Chanje lang

Ou gen posiblite pou w chanje lang chapit oswa atik w ap li a.

  • Chwazi opsyon Lang pou w wè nan ki lang sa w ap li a disponib. Lang ou plis itilize yo ap anlè nan lis la. Toudegad vèsyon senplifye a ap parèt la tou. Ou ka chèche lang ou vle a lè w ekri non lang sa a.

  • Si w potko telechaje piblikasyon w ap li a nan yon lang, ap gen yon ti desen nyaj k ap parèt bò kot lang lan. Chwazi lang ou vle a pou w telechaje piblikasyon an. Yonfwa ou fin telechaje l nan lang ou vle a, ou pap wè ti desen nyaj la ankò. Chwazi lang sa a ankò pou w ka li piblikasyon an.

 Chanje Paramèt pou tèks la

Ou gen posiblite pou w ranje gwosè w vle tèks la parèt nan ekran an pou w ka pi alèz pou w li l.

Chwazi Paramèt pou tèks la pou w ka jwenn posiblite pou w fè tèks la vin pi piti oubyen pi gwo. Gwosè tèks ou chwazi a ap menm nan tout piblikasyon ki nan aplikasyon an.

 Gade l sou fòm imaj oswa sou fòm tèks

Gen kèk atik ou ka wè sou fòm imaj oswa sou fòm tèks. Chwazi opsyon ki pèmèt ou chanje fòm tèks la ap parèt la.

  • Gade l sou fòm imaj: Si w fè l parèt sou fòm imaj, l ap parèt menm jan ak piblikasyon ki enprime a. Gen moun ki prefere fè kèk piblikasyon, tankou liv kantik la, parèt konsa e sa pèmèt yo wè nòt mizik yo.

  • Gade l sou fòm tèks: Si w fè l parèt sou fòm tèks, vèsè yo site yo ap parèt tankou yon lyen w ap ka chwazi, e w ap gen posiblite pou w chanje gwosè tèks la tou.

 Ouvri l nan...

Opsyon Ouvri l nan... an ba w posiblite pou w ouvè sa ki nan JW Library yo nan lòt aplikasyon.

Klike sou Ouvri l nan... pou w ka wè lis tout opsyon yo pwopoze w yo. Pa egzanp, si w chwazi opsyon Ouvri l nan Bibliyotèk sou Entènèt la, l ap ouvè dokiman w ap li a nan BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower a.

 Chwazi tradiksyon Labib ou vle ki pou parèt

Lè w chwazi vèsè yo site nan yon piblikasyon, w ap wè vèsè sa yo parèt. Chwazi opsyon Ranje l jan m vle a ki parèt anba vèsè yo pou w ka chwazi ki tradiksyon Labib nan sa ou te deja telechaje yo ou vle ki pou parèt nan lis la.

Sèvi ak opsyon Ajoute oubyen Retire pou w ka mete oubyen retire tradiksyon Labib ou vle ki pou parèt yo.

Gade “Telechaje epi jere tradiksyon Labib yo sou iOS” pou w aprann kòman w kapab gen lòt tradiksyon Labib nan JW Library.

Tout opsyon sa yo te vin disponib lè JW Library 1.4 la te soti nan mwa fevriye 2015. JW Library 1.4 la mache sou iOS 6.0 pou pi piti. Si w pa jwenn opsyon sa yo sou aparèy ou a, tanpri gade enstriksyon yo nan atik “Kòmanse sèvi ak JW Library sou iOS yo” nan pati Jwenn dènye mizajou yo.