Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Kòmanse sèvi ak JW Library sou Windows

Kòmanse sèvi ak JW Library sou Windows

Nou kontan w ap itilize ak JW Library. Yo fè aplikasyon sa a pou moun kapab li epi etidye Labib. Ou ka jwenn opsyon prensipal aplikasyon sa lè w chwazi twa ti ba ki parèt pa anlè ekran an sou bò goch. Pou w ouvri “App Commands”, glise dwèt ou desann soti pa anlè ekran an.

 Home

Opsyon Home nan pèmèt ou jwenn byen vit tradiksyon Labib ak piblikasyon ou itilize pi souvan yo. Ladan l ou ka wè tou dènye piblikasyon yo ak tèks pou jounen an.

 Bib

Lè w chwazi kote ki make Bib la, ou ka li oswa telechaje lòt tradiksyon Labib. Chwazi yon liv nan Bib la epi chwazi chapit ou vle li a. Pandan w ap li, ou gen posiblite gade nòt yo, referans yo ak lòt tradiksyon Labib yo nan kolòn Lòt enfòmasyon an.

Pou w li yon lòt vèsè, chwazi Bib epi chwazi Liv yo pou w ka retounen nan lis liv yo.

 Piblikasyon

Lè w chwazi kote ki make Piblikasyon an, ou ka wè piblikasyon ki nan fòma tèks odyo oubyen videyo. Chwazi yon piblikasyon epi chwazi sijè ou ta renmen li a. Pandan w ap li, ou gen posiblite gade vèsè yo site yo. Chwazi youn ladan yo epi l ap parèt nan kolòn Lòt enfòmasyon an. Si w chwazi vèsè a ankò nan kolòn Lòt enfòmasyon an, l ap fè w wè vèsè a nan Bib la.

Si w vle ouvri yon lòt piblikasyon, chwazi Piblikasyon epi chwazi Kategori pou w ka retounen nan lis tout piblikasyon yo.

 Tèks pou jounen

Nan meni ki anlè ekran an, chwazi Tèks pou jounen an pou w ka wè tèks la..

 Sou Entènèt

Nan meni ki anlè ekran an, chwazi Sou Entènèt pou w ka jwenn lyen ki voye w to dwat sou sit ofisyèl nou yo.

 Jwenn dènye opsyon yo

Toujou fè mizajou pou w ka jwenn dènye opsyon yo pou aplikasyon JW Library a.

Li bon pou w toujou gen dènye vèsyon Windows ki disponib pou aparèy ou a. Ale sou lyen ki pi ba yo pou w jwenn plis esplikasyon:

Si w vle tou, ou ka pwograme aparèy ou a pou l fè mizajou yo poukont li depi yo disponib. Ale sou lyen ki vin apre a pou w jwenn plis esplikasyon: http://windows.microsoft.com/en-gb/windows-8/automatic-app-updates-help.