Al gade sa k anndan l

Puneet Aggarwal, Delroy Williamson, Ashok Patel (anwo, soti agoch al adwat); Mark Sleger, Jouni Palmu, Hiroshi Aoki (anba, soti agoch al adwat).

10 JIYÈ 2020
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Yo anonse Bib la disponib nan sis lòt lang nan espas yon semèn

Yo anonse Bib la disponib nan sis lòt lang nan espas yon semèn

Sa fè dezyèm wikenn suivi suivi, Temwen Jewova yo pibliye Bib la nan sis nouvo lang. Jou ki te 4 jiyè 2020 an, Labib — Tradiksyon monn nouvo a te parèt nan lang bislama ak owomo. Nan demen, ki te 5 jiyè, Labib — Tradiksyon monn nouvo a te parèt nan lang leton ak marati, e Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo te parèt nan lang bengali ak karenn esgò. Yo te anonse Bib sa yo disponib sou fòma elektwonik pandan yon seri diskou ki te anrejistre alavans. Frè ak sè yo te suiv pwogram espesyal sa yo sou aparèy elektwonik yo e yo te kontan resevwa kado sa yo nan men Jewova.

Bislama

Frè Mark Sleger, yon manm Komite filyal peyi Fidji, te prezante Tradiksyon monn nouvo revize a nan lang fidji. Gen pwoklamatè nan Vanouwatou ki te konekte pou suiv pwogram nan tou. Pwogram nan te fèt nan lang bislama e yo te entèprete l nan lang siy bislama.

Yo te pran plis pase twazan pou yo fin tradui Bib la, e se de ekip tradiksyon ki te travay sou li. Gen yon tradiktè ki di: “Frè ak sè yo ap renmen Tradiksyon monn nouvo revize a paske li fasil pou moun li, e fason yo ekri mo yo koresponn ak fason moun yo pale jounen jodi a. L ap ede nou tout pi byen konprann laverite toujou.”

Nou gen konfyans vèsyon revize Bib sa a pral ede plis pase 700 pwoklamatè ki pale bislama yo nan etid pèsonèl y ap fè e nan travay predikasyon an.

Owomo

Frè Delroy Williamson, yon manm Komite filyal peyi Etyopi, te prezante Tradiksyon monn nouvo a nan lang owomo. Antou, te gen 12 548 frè ak sè ki te suiv pwogram nan, san wete 2 000 pwoklamatè ki pale owomo yo.

Akoz kèk limit nan domèn teknik, Kolèj santral la te apwouve pou yo anrejistre pwogram nan e pou yo fè pase l nan yon estasyon televizyon. E pwoklamatè yo te ka tande l tou sou telefòn yo.

Se senk tradiktè ki te travay sou tradiksyon Bib sa a pandan senkan. Bib sa a ap yon bon zouti pou frè ak sè yo k ap preche pakèt moun ki pale owomo yo.

Leton

Apre 12 an travay di, Tradiksyon monn nouvo a te parèt nan lang leton. Yo te envite tout kongregasyon lang leton ak ris nan peyi Letoni pou yo asiste pwogram nan.

Frè Jouni Palmu, yon manm Komite filyal peyi Fenlann, te bay diskou pou prezante nouvo Bib la. Li te di: “M kontan prezante tout moun ki pale leton yo tradiksyon Labib sa a ki itilize yon langaj modèn, e ki fasil pou moun li. Nou espere l ap ede n gen plis kè kontan lè n ap etidye Pawòl Bondye a e lè n ap medite sou li.”

Gen yon tradiktè ki fè yon kòmantè sou opsyon rechèch ki genyen nan nouvo tradiksyon Labib sa a, li di: “Nouvo tradiksyon Labib sa a tankou yon ‘aparèy entèlijan’ nan domèn espirityèl, li bay anpil posiblite pou n fè etid pèsonèl ki pwofon e pou n byen medite.”

Marati

Tradiksyon monn nouvo a te parèt nan lang marati nan yon reyinyon yo te fè pou tout kongregasyon ki pale marati nan peyi End. Se frè Puneet Aggarwal, yon manm Komite filyal nan peyi End, ki te prezante nouvo piblikasyon sa a.

Pou tradiksyon sa a te ka disponib nan lang marati, sis tradiktè te pase twazan ap travay sou li. Youn nan tradiktè yo di: “Tradiksyon Labib sa a ap sitou ede paran yo lè y ap anseye pitit yo, e l ap ede pwoklamatè yo lè y ap anseye moun ki enterese nan ansèyman ki nan Bib la.”

Gen yon lòt tradiktè ki di: “Sa bay anpil kè kontan lè n konnen tradiksyon Labib sa a remete non Bondye, Jewova, tout kote li parèt nan tèks orijinal la. Moun ki pral li ladan l yo ap ka wè non Jewova nan prèske chak paj li, konsa non Jewova ap ka jwenn glwa li merite a.”

Gen plis pase 83 milyon moun ki pale marati nan sant peyi End.

Bengali

Frè Ashok Patel, yon manm Komite filyal nan peyi End, te prezante Tradiksyon monn nouvo a­ — Liv ki te ekri an grèk yo nan lang bengali. Plis pase 1 200 pwoklamatè nan peyi End ak Bengladèch te konekte pou suiv pwogram sa a.

Plis pase 265 milyon moun pale bengali. Li se 7yèm lang moun plis pale nan monn nan. Pou yo te rive fè yon tradiksyon Labib majorite moun nan peyi a ka konprann, yon gwoup tradiktè ki soti divès kote nan peyi End ak Bengladèch te met tèt ansanm pandan twazan pou yo fini pwojè a.

Nan diskou frè Patel te fè a, li te di: “Bengali se youn nan premye lang endyen ki te gen yon tradiksyon Labib. Nan ane 1801, yo te pibliye tout Liv ki te ekri an grèk yo nan lang bengali. Sa ki te fè fòs premye tradiksyon Labib ki te fèt nan lang bengali yo se lefètke yo te itilize non Bondye, Jewova, ladan yo. Sepandan, nan tradiksyon ki pi resan yo, tradiktè yo te met tit ‘Seyè’ nan plas non Bondye. Tradiksyon monn nouvo a­ — Liv ki te ekri an grèk yo ap ede moun yo jwenn yon tradiksyon ki egzak e ki fasil pou moun konprann.”

Men sa youn nan tradiktè yo di: “Tradiksyon sa a montre jan Jewova renmen moun ki soti nan tout pèp, tout lang, e li envite yo pou yo aprann konnen ni li menm ni Jezi, Pitit gason l lan.”

Karenn esgò

Frè Hiroshi Aoki, yon manm Komite filyal nan peyi Myanma, te prezante Tradiksyon monn nouvo a­ — Liv ki te ekri an grèk yo nan lang karenn esgò. Antou, 510 frè ak sè ki soti nan sis kongregasyon ak kat gwoup te konekte pou yo suiv pwogram nan.

Sa te pran yon tikras plis pase ennan pou yo te fè tradiksyon sa a. Men sa youn nan tradiktè yo di: “Frè ak sè yo ak lot moun nan tèritwa yo ap kontan li tradiksyon sa a ki fèk parèt nan lang karenn esgò paske yo remete non Jewova nan plas li e yo itilize langaj moun yo pale jounen jodi a ladan l. Li klè, li egzak e li fasil pou moun konprann. Nou di Jewova mèsi pou kado estrawòdinè sa a k ap ede nou vin pi pwòch avè l paske li nan lang ki touche kè nou.”

Gen yon tradiktè ki di: “Tradiksyon monn nouvo a ekri nan langaj nou itilize chak jou, sa ap ede moun k ap li yo byen konprann santiman k ap travèse pèsonaj ki nan Bib la, y ap ka imajine sèn yo e y ap ka imite lafwa moun sa yo.”

Nou kontan pou frè ak sè nou yo ki jwenn Bib sa yo. Nou gen konfyans Bib sa yo ki fèk parèt ap ede pwoklamatè ki pale lang sa yo kontinye vin pi pwòch Jewova e y ap ede yo pataje laverite ak lòt moun. — Jan 17:17.