Jan 17​:​1-26

  • Dènye fwa Jezi priye pou apot li yo (1-26)

    • Aprann konnen Bondye ap fè nou gen lavi ki pap janm fini an (3)

    • Kretyen yo pa fè pati monn nan (14-16)

    • “Pawòl ou se laverite” (17)

    • “Mwen fè yo konnen non w” (26)

17  Apre Jezi fin di bagay sa yo, li leve je l gade syèl la, li di: “Papa, lè a rive. Fè Pitit ou a jwenn glwa, pou Pitit ou a ka ba w glwa+.  Ou ba l pouvwa sou tout moun*+. Ou fè sa pou l ka bay tout moun ou ba li yo+ lavi ki pap janm fini an+.  Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an+, se pou yo aprann konnen w*, ou menm, sèl vrè Dye a+, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris+.  Mwen te ba w glwa sou tè a+, mwen fini travay ou te ban m fè a+.  Kounye a, Papa, fè m jwenn glwa, fè m vin bò kote w pou m ka gen glwa mwen te genyen lè m te bò kote w anvan monn nan te egziste a+.  “Moun ou te retire nan mitan monn nan pou w ban mwen yo, mwen fè yo konnen non w+. Yo te pou ou, ou ban mwen yo, e yo obeyi pawòl ou.  Kounye a, yo vin konnen tout sa w ban mwen yo se nan men w yo soti.  Paske, mwen fè yo konnen pawòl ou te di m yo+, e yo aksepte yo. Yo vin konnen toutbon mwen vini kòm reprezantan w+, e yo kwè se ou ki voye m+.  M ap fè w yon demann pou yo. Se pa pou monn nan m ap fè l, men se pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. 10  Tout sa m genyen se pou ou, tout sa w genyen se pou mwen+, e mwen jwenn glwa nan mitan yo. 11  “M ap kite monn nan, m ap vin jwenn ou, men yo menm, yo nan monn nan+. Papa, ou menm ki sen, voye je sou yo+ poutèt non w ou ban mwen an, dekwa pou yo ka vin fè youn* menm jan mwen menm avè w nou fè youn*+. 12  Lè m te avèk yo, mwen te konn voye je sou yo+ poutèt non w ou ban mwen an, e mwen te pwoteje yo. Pa gen youn nan yo ki detwi+, eksepte pitit destriksyon an+, yon fason pou pasaj ki nan Ekriti a ka akonpli+. 13  Men kounye a, m ap vin jwenn ou, e m ap di bagay sa yo nan monn nan, yon fason pou yo ka gen kè kontan nèt, menm jan avè m+. 14  Mwen ba yo pawòl ou, men monn nan rayi yo, paske yo pa fè pati monn nan+, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan. 15  “Mwen pa mande w pou w retire yo nan monn nan, men mwen mande w pou w voye je sou yo akoz Mechan an+. 16  Yo pa fè pati monn nan+, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan+. 17  Fè yo vin sen* grasa laverite+. Pawòl ou se laverite+. 18  Menm jan w te voye m nan monn nan, mwen menm tou, mwen voye yo nan monn nan+. 19  E mwen rete sen pou yo, pou yo menm tou yo ka vin sen grasa laverite. 20  “Mwen pa fè w demann pou yo sèlman, men mwen fè w demann tou pou moun k ap mete lafwa nan mwen grasa sa y ap anseye, 21  yon fason pou yo tout ka vin youn+, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou+, pou yo menm tou ka vin ann inyon avèk nou, dekwa pou monn nan ka kwè se ou ki te voye m. 22  Mwen ba yo glwa ou te ban mwen an, dekwa pou yo ka vin youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn+. 23  Mwen ann inyon avèk yo e ou ann inyon avèk mwen, yon fason pou yo ka vin youn toutbon*, pou monn nan ka konnen se ou ki te voye m, e pou l ka konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m nan. 24  Papa, mwen ta renmen pou kote mwen ye se la moun ou ban mwen yo ye tou+, yon fason pou yo ka wè glwa ou ban mwen an, paske w te renmen m depi anvan monn nan te fonde*+. 25  Papa, ou menm ki jis, monn nan pa rive konnen w vre+. Men mwen menm, mwen konnen w+, e moun sa yo rive konnen se ou ki te voye m. 26  Epi, mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l+, dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo+.”

Nòt anba paj

Lit.: “sou tout chè”.
Oswa: “se pou yo vin gen konesans sou ou”. Vèb yo itilize nan lang grèk la montre se yon aksyon k ap kontinye fèt.
Oswa: “pou yo ka vin ini”.
Oswa: “nou ini”.
Oswa: “Mete yo apa”.
Oswa: “ka vin ini nèt”.
Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.