Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI

Fason pou w ede pitit ou fè pi bon nòt

Fason pou w ede pitit ou fè pi bon nòt

 Ou gen yon timoun ki pa twò sou lekòl, li pa vle fè devwa l e li pa vle etidye. Ki rezilta sa bay? Nòt li yo bese, e li vin gen yon move konduit. Ki jan w ka ede pitit ou pi byen travay lekòl?

 Sa w dwe konnen

 Presyon kapab fè pwoblèm nan vin pi mal. Lè w ap fè presyon sou pitit ou a, sa kapab fè l vin strese ni lè l lekòl ni lè l nan kay la! Pou l ka chape anba strès la, li ka tonbe bay manti, kache vye nòt li fè, imite siyati w sou kanè l oubyen li ka rate jou lekòl. Konsa, pwoblèm nan ap vin pi mal.

 Rezilta ou jwenn nan kapab pa sa w t ap chèche a. Men sa yon papa ki rele Andrew di: “Pou n ankourage pitit fi nou an, nou te fè efò pou n rekonpanse l lè li fè bon nòt. Men, sa te fè l konsantre l sèlman sou rekonpans lan. E konsa, lè li te fè yon vye nòt, li te konn plis regrèt rekonpans lan pase li regrèt vye nòt li fè a.”

 Li pap nan avantaj pitit ou pou w blame pwofesè yo. Pitit ou a ka panse li pa bezwen fè efò pou l jwenn bon rezilta. Li ka vin aprann lage fot li yo sou do lòt moun, e l ka atann pou se lòt moun ki rezoud pwoblèm li genyen yo. Sa ka fè pitit ou a rate yon leson enpòtan ki t ap ede l nan lavi granmoun li, sa vle di pou l aprann aksepte responsablite l pou aksyon li fè yo.

 Sa w ka fè

 Demontre w gen metriz. Si w santi w an kòlè, pale ak pitit ou sou nòt li yo yon lòt lè. Men sa yon papa ki rele Brett di: “Madanm mwen avè m jwenn pi bon rezilta lè nou kalm e lè n montre nou gen konsiderasyon.”

 Prensip biblik: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” — Jak 1:19.

 Idantifye vrè pwoblèm nan. Pi souvan, rezon ki konn fè timoun yo gen move nòt lekòl se paske yo konn ap sibi brimad, oubyen yo chanje lekòl, yo strese lè y ap konpoze, gen pwoblèm nan fanmi yo, yo manke dòmi oswa yo pa gen yon bon pwogram pou yo etidye oubyen ankò yo manke konsantre. Donk, pa kouri panse se parese pitit ou a parese.

 Prensip biblik: “Moun ki montre li gen bon konprann nan ap reyisi nan sa l ap fè.” — Pwovèb 16:20.

 Kreye yon anbyans ki fè l anvi aprann. Fè yon pwogram pou timoun yo etidye e pou yo fè devwa yo. Chèche yon kote ki kalm pou timoun yo fè devwa yo san yo pa distrè (san televizyon e san telefòn pòtab). Pou pitit ou kapab rete konsantre, pa fè l fè devwa l yo yon sèl kou men an plizyè ti etap. Hector, yon papa k ap viv nan peyi Almay, di: “Si pral gen egzamen, nou fè yon ti revizyon chak jou olye n tann se nan dènye minit pou n fè l.”

 Prensip biblik: “Gen yon lè pou tout bagay.” — Eklezyas 3:1.

 Ankouraje l etidye. Plis pitit ou konprann jan sa l ap etidye kounye a ap ede l pi devan se plis sa ap pouse l aprann. Pa egzanp, montre l ki jan matematik kapab ede l jere lajan li.

 Prensip biblik: “Bat pou w gen sajès e bat pou w gen bon konprann. [...] Bay sajès anpil valè.” — Pwovèb 4:5, 8.

 Men yon konsèy: Ede pitit ou a fè devwa l yo, men pa fè yo pou li. Men sa Andre remake: “Pitit fi nou an te konte sou sèvo pa nou pou fè devwa li yo olye li te konte sou sèvo pa l.” Aprann pitit ou a fason pou l fè devwa l yo poukont li.