Pwovèb 4​:​1-27

  • Konsèy ki gen sajès yon papa bay (1-27)

    • Bat pou w gen sajès, se sa ki pi enpòtan (7)

    • Evite chemen mechan yo (14, 15)

    • Chemen moun ki dwat la kontinye vin pi klere (18)

    • “Pwoteje kè w” (23)

4  Pitit mwen yo, koute lè yon papa ap ban nou disiplin+.Se pou nou byen koute pou n ka vin gen bon konprann.   Paske m ap ban nou bon fòmasyon.Pinga nou bliye sa m montre nou*+.   Mwen te yon bon pitit pou papa m+,E mwen se yon pitit manman m te renmen yon fason espesyal+.   Lè papa m t ap anseye m, li te di m: “Se pou w byen konsève pawòl mwen yo nan kè w+.Obeyi kòmandman m yo, e w ap viv lontan+.   Bat pou w gen sajès e bat pou w gen bon konprann+.Pinga w bliye e pinga w pa fè sa m di w yo.   Pinga w sispann chèche gen sajès, e l ap pwoteje w.Renmen l, e l ap veye sou ou.   Sajès se bagay ki pi enpòtan*+. Se sa k fè, bat pou w gen sajès.Anplis tout sa w genyen, chèche gen bon konprann+.   Bay sajès anpil valè, e l ap fè w jwenn glwa+.L ap fè yo onore w paske w aksepte l nèt+.   L ap met yon bèl kouwòn flè sou tèt ou.L ap fè w bèl ak yon bèl kouwòn.” 10  Pitit mwen, koute m, epi aksepte sa m di w yo,Konsa, w ap viv lontan+. 11  M ap gide w nan wout sajès la+E m ap mennen w nan chemen ki dwat la+. 12  Lè w ap mache, ou pap frape pye w nan anyen,E menmsi w kouri, ou pap bite. 13  Kenbe disiplin, pinga w lage l+.Konsève l, paske li se lavi w+. 14  Pinga w antre nan chemen mechan yo.Pa mache nan wout moun k ap fè sa ki mal yo+. 15  Evite wout sa a, pa pase ladan l+,Pa al nan wout sa a, fè lòt wout+. 16  Paske moun sa yo pa ka dòmi si yo pa fè sa ki mal.Dòmi pap pran yo toutotan yo pa fè yon moun tonbe. 17  Mechanste ak vyolansTankou pen ak diven pou yo. 18  Men, chemen moun ki dwat yo tankou klète douvanjouKi kontinye ap vin pi klere jiskaske l fin jou nèt+. 19  Wout mechan yo tankou fènwa.Yo pa konn sou ki sa yo bite. 20  Pitit mwen, tande pawòl m ap di w yo,Pran san w* pou w koute sa m ap di yo. 21  Toujou sonje pawòl sa yo,Sere yo nan fon kè w+. 22  Paske yo se lavi pou moun ki jwenn yo+,E yo fè tout kò moun sa yo* ret an sante. 23  Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w+,Paske se ladan l sous ki bay lavi yo soti. 24  Evite pawòl kwochi+,Epi rete byen lwen pawòl blòf. 25  Se pou je w gade dwat devan,Wi, se pou w fikse je w* dwat devan w+. 26  Fè chemen kote w ap met pye w la vin plat*+,E pap gen okenn danje sou wout ou. 27  Pa vire ni adwat, ni agoch+.Fè pye w ret lwen sa ki mal.

Nòt anba paj

Oswa: “bliye lwa m nan”.
Oswa: “se premye bagay”.
Lit.: “Panche zòrèy ou”.
Lit.: “tout chè yo”.
Oswa: “je w ki byen klere”.
Se kapab tou: “Byen gade kote w ap met pye w”.