Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di anrapò ak pran swen paran nou ki granmoun?

Ki sa Bib la di anrapò ak pran swen paran nou ki granmoun?

Repons Bib la bay

 Pitit ki fin gran yo gen gwo responsablite pou asire yo paran yo ki granmoun jwenn swen. Bib la di pitit ki fin gran yo dwe “aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo [...]. Konsa, y’a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi”. (1 Timote 5:4, Bib la.) Lè pitit ki fin gran yo asire yo paran yo ki aje jwenn swen, se obeyi yo obeyi lòd Bondye bay pou yo onore paran yo. — Efezyen 6:2, 3.

 Bib la pa bay detay sou jan pou nou pran swen paran ki aje yo. Men, li montre ki jan gason ak fi ki te gen lafwa yo te fè sa. Epitou, li bay bonjan konsèy ki ka ede moun k ap pran swen moun ki granmoun yo.

 Ki jan kèk fanmi nan epòk yo te ekri Bib la te konn fè pou pran swen paran yo ki granmoun?

 Yo te konn fè sa plizyè fason, sa depan de sikonstans lan.

  •   Jozèf t ap viv byen lwen papa l ki aje, anpalan de Jakòb. Lè Jozèf te vin kapab, li te pran dispozisyon pou Jakòb vin pi pre l. Konsa, Jozèf te bay papa l kay, manje e li te pwoteje l. — Jenèz 45:9-11; 47:11, 12.

  •   Rit te kite peyi l pou l al viv nan peyi bèlmè l, e li te travay di anpil pou l pran swen l. — Rit 1:16; 2:2, 17, 18, 23.

  •   Jezi, yon ti tan anvan l mouri, te chwazi yon moun pou pran swen Mari, manman l, ki petèt te vèv. — Jan 19:26, 27. a

 Ki bonjan konsèy Bib la bay ki ka ede moun k ap pran swen moun ki granmoun yo?

 Bib la gen prensip ki ka ede moun k ap pran swen moun aje yo pou yo fè fas ak tout sa sa mande yo pafwa ni fizikman ni afektiman pou yo rive pran swen paran ki aje yo.

  •   Onore paran w.

     Sa Bib la di: “Onore papa nou ak manman nou.” — Egzòd 20:12.

     Ki fason nou ka aplike prensip lan? Montre w onore paran w lè w kite l gen kontwòl sou vi l otank sa posib. Depi sa posib, kite se paran w ki chwazi swen l ap resevwa. Anmenmtan, montre w onore yo lè w fè sa w kapab pou w ede yo.

  •   Montre w konprann yo epi padone yo.

     Sa Bib la di: “Se bon konprann yon moun genyen ki fè l bese kòlè l, e se yon bèl bagay lè l padone bagay mal yo fè l.” — Pwovèb 19:11.

     Ki fason nou ka aplike prensip lan? Si yon paran ki aje di yon bagay ki pa janti oswa li sanble pa gen rekonesans pou èd w ap ba li, mande tèt ou: ‘Ki jan m t ap santi m si m te gen menm limit avè l e mwen te fristre menm jan avè l?’ Lè w fè efò pou w konprann yo epi w padone yo, ou ka evite fè yon sitiyasyon vin pi mal.

  •   Chèche jwenn enfòmasyon.

     Sa Bib la di: “Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache, men, bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwovèb 15:22.

     Ki fason nou ka aplike prensip lan? Fè rechèch sou fason pou w jere pwoblèm sante paran w genyen an. Chèche jwenn sa ki disponib nan zòn ou an pou ede w pran swen paran w. Pale ak lòt moun ki te pran swen paran yo ki aje. Si w gen frè ak sè, chèche reyini fanmi an pou nou pale sou sa paran nou bezwen, fason n ap pran swen l, e ki jan nou tout ka pote èd pa nou.

    Chèche reyini fanmi an pou nou pale sou swen n ap bay paran nou ki aje.

  •   Se pou w rekonèt limit ou.

     Sa Bib la di: “Se moun ki konn limit yo ki gen sajès.” — Pwovèb 11:2.

     Ki fason nou ka aplike prensip lan? Rekonèt limit ou. Pa egzanp, nou tout gen tan ak enèji ki limite. Limit sa yo kapab afekte tout sa w ta vle fè pou paran w. Si w santi pran swen paran w ki granmoun vin twòp pou ou, gade si w ka mande lòt moun nan fanmi an oswa kèk pwofesyonèl pou yo ede w.

  •   Veye sou tèt ou.

     Sa Bib la di: “Pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l. Men, li nouri l e li ancheri l.” — Efezyen 5:29.

     Ki fason nou ka aplike prensip lan? Se vre ou gen responsablite pou w pran swen paran w, men tou, ou gen responsablite pou w pran swen tèt ou ak fanmi w si w marye. Ou bezwen byen manje. Ou dwe byen repoze e byen dòmi (Eklezyas 4:6). E ou bezwen pran poz lè sa posib. Lè w fè bagay sa yo, w ap ka pi byen pran swen paran w.

 Èske Bib la di paran ki granmoun yo dwe jwenn swen lakay yo oswa lakay pitit yo?

 Bib la pa bay detay ki montre si yon pitit ki fin gran dwe pran swen paran l lakay li. Gen kèk fanmi ki chwazi kenbe paran yo ki aje lakay yo toutotan sa posib. Rive yon lè, yo ka santi l ap pi bon pou yo mete paran yo nan yon mezon retrèt. Fanmi an dwe reyini ansanm pou yo deside sa k ap pi bon pou tout moun ki konsène yo. — Galat 6:4, 5.

a Men sa yo di nan yon kòmantè yo fè sou Bib la konsènan istwa sa a: “Li pwobab pou Jozèf [ki te marye ak Mari] te gen lontan depi l mouri e se Jezi ki t ap soutni manman l. Men kounye a li pral mouri, kiyès ki t apral pran swen l? [...]. La a, Kris t ap anseye pou pitit yo bay paran yo ki aje rekonfò.” — The NIV Matthew Henry Commentary in One Volume, paj 428-429.