Egzòd 20​:​1-26

  • Dis Kòmandman yo (1-17)

  • Bagay estrawòdinè ki fè Izrayelit yo pè (18-21)

  • Enstriksyon sou fason pou yo adore Bondye (22-26)

20  Apre sa, men sa Bondye di+:  “Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip+.  Nou pa dwe gen okenn lòt dye apa mwen menm*+.  “Nou pa dwe fè zidòl oubyen yon bagay ki sanble ak kèlkeswa bagay ki anwo nan syèl la oubyen ki sou tè a oubyen ki nan dlo ki sou tè a*+.  Nou pa dwe pwostène devan yo ni nou pa dwe kite moun fè nou sèvi yo+, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman+, ki pini pitit ak pitit pitit moun ki rayi m yo pou bagay mal papa yo fè, rive nan twazyèm ak nan katriyèm jenerasyon,  men, ki montre yon lanmou ki fidèl pou moun ki renmen m e ki obeyi kòmandman m yo rive jis nan mil jenerasyon+.  “Nou pa dwe mal sèvi ak non Jewova+, Bondye nou an, paske Jewova pap manke pa pini yon moun ki mal sèvi ak non l+.  “Se pou nou sonje jou saba a, se pou nou konsidere l kòm yon jou ki sakre+.  Nou dwe fè tout travay nou gen pou n fè nan sis jou+. 10  Men, setyèm jou a, se yon jou saba pou Jewova, Bondye nou an. Nou pa dwe fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni gason ki esklav nou, ni fi ki esklav nou, ni bèt nou, ni etranje ki ret nan zòn ki toupre nou yo*+. 11  Paske, Jewova te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo nan sis jou, e li te kòmanse repoze nan setyèm jou a+. Se poutèt sa, Jewova beni jou saba a e li mete l apa pou li. 12  “Onore papa nou ak manman nou+ pou n ka viv lontan nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an+. 13  “Nou pa dwe asasinen moun+. 14  “Nou pa dwe fè adiltè+. 15  “Nou pa dwe vòlè+. 16  “Nou pa dwe bay manti lè n ap sèvi kòm temwen kont pwochen nou+. 17  “Nou pa dwe gen tanta sou kay pwochen nou. Nou pa dwe gen tanta sou madanm pwochen nou+, ni sou gason ki esklav li oswa sou fi ki esklav li, ni sou towo bèf li, ni sou bourik li, ni sou kèlkeswa bagay ki pou pwochen nou+.” 18  Pèp la te tande kout loray yo ak son kòn yo, yo te wè kout zèklè yo ak lafimen ki t ap sot nan mòn nan. Lè yo te tande e lè yo te wè tout bagay sa yo, yo te pran tranble e yo te ret kanpe lwen mòn nan+. 19  Lè sa a, yo di Moyiz: “Pito se ou menm ki pale avèk nou. N ap koute w. Men, nou pa vle Bondye pale avèk nou paske nou pè pou nou pa mouri+.” 20  Moyiz di pèp la: “Nou pa bezwen pè, paske vrè Dye a vini pou l teste+ nou yon fason pou nou ka kontinye gen lakrentif pou li e pou nou pa peche+.” 21  Pèp la te kontinye kanpe lwen mòn nan, men Moyiz t al toupre nyaj tou nwa kote vrè Dye a te ye a+. 22  Apre sa, Jewova di Moyiz: “Men sa pou w di Izrayelit yo: ‘Nou wè ki jan m te pale avèk nou detan m nan syèl la+. 23  Nou pa dwe fè dye ann ajan pou nou adore toutpandan n ap adore m, e nou pa dwe fè dye annò+. 24  Se pou nou fè yon lotèl an tè pou mwen, e se sou li pou nou ofri m sakrifis n ap boule nèt, sakrifis kominyon* nou yo ansanm ak sakrifis mouton oswa bèf. Kèlkeswa kote m chwazi pou m fè sonje non m+, m ap vin jwenn nou e m ap beni nou. 25  Si n ap fè yon lotèl ak wòch pou mwen, nou pa dwe fè l ak wòch nou taye ak zouti*+. Paske, si nou sèvi ak sizo pou n taye wòch yo, nou pap ka sèvi ak lotèl sa a pou mwen. 26  Nou pa dwe fè mach pou nou monte sou lotèl mwen an, yon fason pou pati entim nou pa parèt sou li.’

Nòt anba paj

Oswa: “lòt dye pou nou defye m”. Lit.: “devan figi m”.
Lit.: “dlo ki anba tè a”, sanble se paske dlo ki sou tè a nan yon nivo ki pi ba pase nivo tè a.
Lit.: “ki ret anndan pòtay nou yo”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “ak wòch taye”.