Al gade sa k anndan l

Èske Bondye ap ede m si m priye l?

Èske Bondye ap ede m si m priye l?

Repons Bib la bay

 Wi. Bondye ede moun ki mande l bagay ki ann amoni ak volonte l ak tout kè yo. Menmsi w pa konn abitye priye, Bib la gen egzanp yon pakèt moun ki te konn priye ki ka ankouraje w, yo te konn di: “Ede m, o Jewova.” Pa egzanp:

  •   “Ede m, o Jewova, Bondye m nan. Sove m akoz lanmou fidèl ou genyen an.” — Sòm 109:26.

  •   “Koute m’ non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m’ sekou!” — Sòm 30:10, Bib la.

 Se vre, moun ki te ekri pawòl sa yo te gen yon lafwa solid nan Bondye. Men, Bondye tande tout moun ki priye l ak yon kè ki byen dispoze, tankou moun “kè yo ap fann yo”, oswa “moun ki gen lespri yo kraze”. — Sòm 34:18.

 Ou pa bezwen pè kòmkwa Bondye twò lwen e pwoblèm ou yo pa enterese l. Men sa Bib la di: “Byenke Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo, Men li rete byen lwen moun ki ògeye yo.” (Sòm 138:6). An reyalite, men sa Jezi te di disip li yo yon lè: “Ata branch cheve nan tèt nou li konte.” (Matye 10:30). Bondye ap obsève tout ti detay lakay nou, yon seri detay nou pa ka konnen. Nou pa bezwen menm mande si Bondye ap ede nou si nou priye l pou n mande l èd ak tètchaje nou yo! — 1 Pyè 5:7.