Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou bwason ki gen alkòl? Èske bwè se yon peche?

Ki sa Bib la di sou bwason ki gen alkòl? Èske bwè se yon peche?

Repons Bib la bay

 Se pa yon peche pou moun bwè bwason ki gen alkòl avèk moderasyon. Bib la pale de diven kòm yon kado Bondye bay ki fè moun gen kè kontan nan lavi a (Sòm 104:14, 15; Eklezyas 3:13; 9:7). Bib la rekonèt tou diven bon pou kèk pwoblèm sante. — 1 Timote 5:23.

 Lè Jezi te sou tè a, li te konn bwè diven (Matye 26:29; Lik 7:34). Youn nan mirak Jezi te fè moun pi byen konnen, se lè l te fè dlo tounen diven nan yon resepsyon maryaj, se te yon bèl kado li te fè moun yo. — Jan 2:1-10.

Danje ki genyen lè moun bwè twòp

 Byenke Bib la pale de diven kòm yon bon bagay, li pa dakò pou moun bwè twòp ni pou moun bwè pou sou. Konsa, yon kretyen ki chwazi bwè bwason ki gen alkòl ta dwe fè sa sèlman avèk moderasyon (1 Timote 3:8; Tit 2:2, 3). Labib bay plizyè rezon ki fè nou dwe evite bwè twòp.

  •   Li deranje kapasite nou genyen pou n reflechi e pou n byen egzamine yon sitiyasyon (Pwovèb 23:29-35). Yon moun ki sou pa ka fè sa Bib la mande lè l di pou n “prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone”. — Women 12:1.

  •   Lè n bwè twòp li fè n vin san kontwòl, e sa retire “bon entansyon nou genyen pou nou fè sa ki dwat”. — Oze 4:11; Efezyen 5:18.

  •   Sa ka fè n vin pòv e sa ka ban nou gwo pwoblèm sante. — Pwovèb 23:21, 31, 32.

  •   Moun ki bwè twòp ak moun ki bwè pou sou pa fè Bondye plezi. — Pwovèb 23:20; Galat 5:19-21.

Ki lè yon moun bwè twòp?

 Yon moun bwè twòp bwason ki gen alkòl lè efè alkòl la fè li mete lavi pa l oswa lavi lòt moun an danje. Selon Bib la, se pa lè yon moun pèdi konesans sèlman li sou, men yon moun sou lè li kòmanse aji yon fason ki dwòl tankou li pèdi bonsans li, l ap kilbite, li sou fè kont oswa li pa pale klè (Jòb 12:25; Sòm 107:27; Pwovèb 23:29, 30, 33). Menm moun ki evite bwè pou yo sou kapab vin “lou akoz [yo] bwè twòp” e yo peye konsekans grav sa pote. — Lik 21:34, 35.

Pa bwè ditou

 Labib fè konnen gen moman kretyen yo pa ta dwe bwè bwason ki gen alkòl ditou:

  •   Si sa ap fè lòt moun bite. — Women 14:21.

  •   Si lalwa peyi kote nou ye a entèdi sa. — Women 13:1.

  •   Si moun nan pa ka kontwole tèt li. Si yon moun se yon alkolik oubyen si li konn mal sèvi ak alkòl, li dwe dispoze pran desizyon ki fèm. — Matye 5:29, 30.