Al gade sa k anndan l

Ki jan nou ta dwe priye? Èske pi bon fason pou n priye se resite priyè yo rele Nòtrepè a?

Ki jan nou ta dwe priye? Èske pi bon fason pou n priye se resite priyè yo rele Nòtrepè a?

Repons Bib la bay

 Priyè yo rele Nòtrepè a ede nou wè ki jan nou ta dwe priye e ki sa nou ka mande nan priyè nou yo. Lè Jezi te bay li a, se te pou l reponn disip li yo ki te di l: “Seyè, montre nou ki jan pou nou priye.” ​(Lik 11:1). Nòtrepè a, se pa sèl priyè Bondye aksepte a. Men, Jezi te bay li kòm yon modèl disip li yo kapab suiv ki montre ki kalite priyè Bondye koute.

Nan atik sa a

 Ki sa Jezi te di nan priyè yo rele Nòtrepè a?

 Nou jwenn priyè yo rele Nòtrepè a nan Matye 6:9-13, e li pa parèt menm jan an nan tout tradiksyon Labib yo. Ann gade de egzanp.

 Tradiksyon monn nouvo a: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la. Ban nou pen nou bezwen pou jounen an. Padone peche nou, menm jan nou menm tou nou padone moun ki peche kont nou. E pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba Mechan an.”

 Bib La: “Papa nou ki nan syèl la, nou mande pou yo toujou respekte non ou. Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l’ nan syèl la. Manje nou bezwen an, ban nou l’ jòdi a. Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n’ tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan.” b

 Ki sans priyè Nòtrepè a genyen?

 Sa Jezi te anseye yo ann amoni avèk rès Ekriti yo, donk nou ka atann lòt pati nan Bib la ap ede n konprann sans priyè Nòtrepè a.

“Papa nou ki nan syèl la”

 Li toutafè nòmal pou n rele Bondye “Papa nou”, paske se li ki kreye nou e se li ki ban nou lavi. — Ezayi 64:8.

“Se pou non w vin sen”

 Nou dwe onore non Bondye ki se Jewova e nou dwe konsidere l kòm yon non ki sen oswa ki sakre. Lèzòm patisipe nan fè non Bondye vin sen lè yo pale de kalite l yo e lè yo fè lòt moun konnen objektif li yo. — Sòm 83:18; Ezayi 6:3.

“Se pou Wayòm ou an vini”

 Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la e se Jezi Kris ki wa ladan l. Jezi te anseye nou pou nou priye pou gouvènman sa a domine sou tout tè a. — Dànyèl 2:44; Revelasyon 11:15.

“Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la”

 Menm jan pa gen mechanste ak lanmò nan syèl la, se menm jan an tou, volonte Bondye gen pou tè a se pou lèzòm viv sou li pou toutan nan lapè ak sekirite. — Sòm 37:11, 29.

“Ban nou pen nou bezwen pou jounen an”

 Nan epòk Jezi a pen se yon manje moun te konn manje chak jou. Se pou n sonje nou dwe konte sou Kreyatè nou an pou nou jwenn sa nou bezwen pou n viv. — Travay 17:24, 25.

“Padone peche nou, menm jan nou menm tou nou padone moun ki peche kont nou”

 Tout moun peche e yo bezwen jwenn padon pou peche yo fè. Men, si nou vle Bondye padone nou, nou dwe dispoze padone lòt moun lè yo fè nou mal. — Matye 6:14, 15.

“Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba Mechan an”

 Jewova pa janm tante nou pou nou fè sa ki mal (Jak 1:13). Men, se “mechan an”, Satan Ledyab, ki tante nou, se li ki abitye “tante” moun (1 Jan 5:19; Matye 4:1-4). Donk, nou mande Jewova pou nou kontinye obeyi l lè nou jwenn tantasyon pou nou fè sa ki mal.

 Èske sèl fason pou yon moun priye se lè l resite Nòtrepè a?

 Lè Jezi te bay priyè Nòtrepè a, li te bay li kòm yon modèl pou moun suiv. Li pa t bay li pou yo resite l mo pou mo. Yon tikras tan anvan Jezi te bay priyè sa a, men ki avètisman li te bay: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” ​(Matye 6:7). Nan yon lòt okazyon kote Jezi t ap montre moun yo ki jan pou yo priye, li pa t sèvi ak menm mo yo. — Lik 11:2-4.

 Pi bon fason pou nou priye, se lè nou di pawòl ki soti nan kè nou. — Sòm 62:8.

 Ki jan nou ta dwe priye?

 Priyè Nòtrepè a bay bon egzanp ki montre ki jan nou ka priye pou Bondye tande nou. Ann gade kèk lòt vèsè nan Bib la ki ale nan menm sans ak priyè Nòtrepè a.

  •   Se Bondye sèlman nou dwe priye

     Vèsè: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi.” — Filipyen 4:6.

     Sa l vle di: Se Bondye sèlman nou dwe priye. Se pa Jezi, se pa Mari, se pa sen yo. Lefètke premye pawòl ki nan priyè Nòtrepè a se “Papa nou”, sa aprann nou se Jewova Dye sèlman nou dwe priye.

  •   Priye pou bagay ki ann amoni ak volonte Bondye

     Vèsè: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.

     Sa l vle di: Nou ka priye pou nenpòt bagay ki ann amoni ak volonte Bondye. Lefètke Jezi te sèvi ak ekspresyon “se pou volonte w fèt” la nan priyè Nòtrepè a, li te montre nou jan volonte Bondye enpòtan. Lè nou etidye Bib la, nou ka aprann konn volonte Bondye pou tè a e pou lèzòm.

  •   Priye pou sa k ap trakase nou yo

     Vèsè: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” — Sòm 55:22.

     Sa l vle di: Bondye gen sousi pou nou lè nou gen pwoblèm. Menm jan Jezi te ajoute plizyè bagay pèsonèl nan priyè Nòtrepè a, se menm jan an tou, nou ka priye Bondye pou bagay nou bezwen chak jou, pou l ban nou direksyon lè n ap pran desizyon ki enpòtan, pou l ede nou lè nou gen pwoblèm e pou l padone nou pou peche nou fè. c

a Pa egzanp, Jezi ak disip li yo te fè plizyè lòt priyè, men yo pa t sèvi ak menm mo ki nan priyè yo rele Nòtrepè a. — Lik 23:34; Filipyen 1:9.

b Tradiksyon ki rele Bib la fini priyè Nòtrepè a avèk pawòl sa yo: “Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.” Nou jwenn ekspresyon sa a ki bay Bondye louwanj, nan plizyè lòt tradiksyon Labib, e yo rele l doksoloji. Men, selon yon ansiklopedi biblik, “doksoloji a [...] pa egziste nan pifò maniskri yo ka fè konfyans”. — The Jerome Biblical Commentary.

c Moun ki santi yo bezwen Bondye padone yo ka santi yo twò koupab pou yo priye. Poutan, men ki sa Jewova ankouraje yo fè: “Annou ranje bagay yo.” ​(Ezayi 1:18). Li pap pouse okenn moun k ap chèche padon nan men l ak tout kè yo.