Al gade sa k anndan l

Èske Jezi te jis yon bon moun?

Èske Jezi te jis yon bon moun?

Repons Bib la bay

 Jezi te plis pase yon bon moun. Li se moun ki gen plis enfliyans nan istwa lèzòm nan tout ti detay. Ann wè sa kèk istoryen ak ekriven moun byen konnen di sou li:

 “Jezi moun Nazarèt la [...] se moun yo plis pale de li nan listwa.” — H. G. Wells, yon istoryen anglè.

 “Lavi [Jezi] se lavi moun ki gen plis enfliyans pase tout lòt moun ki te pase sou tè a e li kontinye gen plis efè toujou.” — Kenneth Scott Latourette, yon istoryen e ekriven ameriken.

 Labib fè konnen sa k fè Jezi te gen plis enfliyans sou moun pase tout lòt bon moun ki te pase sou tè a. Lè Jezi te mande disip ki te pi pwòch li yo kiyès yo panse li ye, youn ladan yo te byen reponn lè l te di: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” — Matye 16:16.