Al gade sa k anndan l

Sa k fè Bondye pa t anpeche sa fèt?

Sa k fè Bondye pa t anpeche sa fèt?

 Anpil nan moun ki poze kesyon sa a pa sèlman bezwen yon repons, paske yo te fè gwo pèt nan lavi yo, yo bezwen konsolasyon tou. Gen lòt moun ki panse Olokos la se pi gwo zak mechanste lèzòm fè, e sa fè l difisil pou yo kwè nan Bondye.

Move lide pifò moun genyen sou Bondye ak Olokos la

 Sa moun yo di: Li pa bon pou moun mande poukisa Bondye te kite Olokos la fèt.

 Sa ki verite: Gen moun ki te gen lafwa solid ki te mande poukisa Bondye pèmèt mechanste. Pa egzanp, men ki kesyon pwofèt Abakouk te poze Bondye: “Poukisa w’ap fè m’ wè tout mechanste sa yo? Ki jan ou ka rete kanpe konsa ap gade tout lenjistis sa yo?” (Abakouk 1:3, Bib la). Olye pou Bondye te reprimande Abakouk, li te fè ekri kesyon sa yo nan Bib la pou tout moun ka li yo.

 Sa moun yo di: Bondye pa enterese nan soufrans lèzòm.

 Sa ki verite: Bondye rayi mechanste ak soufrans li lakòz (Pwovèb 6:16-19). Nan epòk Noye a, Bondye “te santi sa fè l mal nan kè l” lè l te wè jan mechanste ak vyolans te gaye sou tè a (Jenèz 6:5, 6). Li klè, Bondye te gen gwo lapenn pou Olokos ki te fèt la. — Malachi 3:6.

 Sa moun yo di: Olokos la se pini Bondye te pini Juif yo.

 Sa ki verite: Nan premye syèk la, Bondye te kite Women yo detwi Jerizalèm (Matye 23:37–24:2). Sepandan, depi lè sa a, Bondye pa gen yon pèp li fè yon favè espesyal oswa li pini. Pou Bondye, “nanpwen diferans ant moun ki juif ak moun ki pa juif”. — Women 10:12, Bib la.

 Sa moun yo di: Si te gen yon Bondye ki gen lanmou e ki Toupisan, li pa t ap kite yo fè Olokos la.

 Sa ki verite: Menmsi Bondye pa janm lakòz gen soufrans, pafwa li pèmèt sa pou yon ti tan. — Jak 1:13; 5:11.

Poukisa Bondye te kite Olokos la rive?

 Rezon ki fè Bondye pèmèt lèzòm ap soufri a se pou menm rezon an li te pèmèt yo fè Olokos, sa vle di: pou regle yon seri kesyon ki te soulve depi lontan. Bib la montre aklè pou kounye a se pa Bondye men se Dyab la k ap dirije monn nan (Lik 4:1, 2, 6; Jan 12:31). Byenke atik ki mache ak sijè sa a bay bonjan enfòmasyon sou rezon ki fè Bondye pèmèt mechanste, gen de pwen nan Bib la ki montre rezon ki fè Bondye te kite Olokos la fèt.

  1.   Desizyon kiyès ki lakòz Olokos la fèt? Bondye te di premye gason an ak premye fi a, Adan ak Èv, sa l te vle yo fè, men li pa t fòse yo obeyi l. Yo te chwazi deside pou tèt yo sa ki byen ak sa ki mal, e move desizyon yo te pran ansanm ak tout move desizyon lèzòm pran nan tout listwa lage nou tout nan gwo tètchaje (Jenèz 2:17; 3:6; Women 5:12). Sa ann amoni ak sa yon liv fè konnen: “Pifò soufrans ki nan monn nan se rezilta move fason nou sèvi ak libète nou genyen pou n deside a.” (Statement of Principles of Conservative Judaism.) Olye Bondye retire libète sa a nan men lèzòm, li ba yo tan pou yo eseye dirije tèt yo san li.

  2.   Bondye kapab repare tout dega Olokos la lakòz e li pral fè sa. Bondye pwomèt l ap resisite plizyè milyon moun ki mouri, san wete moun ki te viktim nan Olokos la. Epi, li pral efase lapenn moun ki chape nan Olokos la santi akoz move souvni yo genyen (Ezayi 65:17; Travay 24:15). Piske Bondye renmen lèzòm, se yon garanti l ap reyalize pwomès sa yo. — Jan 3:16.

 Anpil nan moun ki te soufri akoz Olokos la ak sila yo ki te chape vivan ladan l yo te rive konsève lafwa yo, e lavi yo te vin gen yon sans lè yo te vin konprann rezon ki fè Bondye pèmèt mechanste ak fason l pral repare dega mechanste lakòz.