Al gade sa k anndan l

Ki sa ki te rive Temwen Jewova yo nan moman Olokos la?

Ki sa ki te rive Temwen Jewova yo nan moman Olokos la?

 Anviwon 1 500 Temwen Jewova te mouri pandan peryòd yo rele Olokos la, se yon sitiyasyon ki te afekte anviwon 35 000 Temwen ki t ap viv ann Almay ak nan lòt peyi Nazi yo te okipe. Nou pa konn ki jan chak grenn Temwen te mouri. Piske rechèch yo ap kontinye, nou ka konn plis detay sou sa ki te pase yo.

 Ki jan yo te mouri?

  • Giyotin Nazi yo te konn itilize.

      Egzekisyon: Yo te touye anviwon 400 Temwen ann Almay ak nan lòt peyi Nazi yo te okipe. Anpil nan yo te pase devan yon tribinal, ki te kondane yo pou yo mouri, epi yo te koupe tèt yo. Gen lòt yo te tire e yo te pann san yo pa t pase devan tribinal.

  •   Vye kondisyon nan prizon yo: Gen plis pase 1 000 Temwen ki te mouri nan kan Nazi yo ak nan prizon yo. Yo te fè yo travay di jis yo mouri oubyen yo te konn maltrete yo jis yo mouri, yo te konn kite yo san manje, yo te konn kite yo nan fredi, yo te konn kite yo ret malad san doktè pa wè yo, pou jis yo mouri. Akoz vye trètman yo te sibi, genyen nan yo ki te mouri sèlman yon ti tan apre yo te libere yo nan fen dezyèm gè mondyal la.

  •   Lòt rezon ki fè yo te mouri: Gen lòt Temwen ki te mouri nan yon seri chanm kote yo te fè yo respire gaz ki gen pwazon, yo te fè vye eksperyans medikal sou yo, e yo te ba yo yon piki ki gen pwazon ki touye moun.

 Poukisa yo te pèsekite yo?

 Temwen Jewova yo te jwenn pèsekisyon paske yo suiv sa Bib la di. Lè Nazi yo te mande pou Temwen yo fè yon seri bagay Bib la kondane, Temwen yo pa t dakò fè yo. Yo te fè moun yo konnen “se Bondye yo dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm”. (Travay 5:29.) Annou wè de domèn kote yo te chwazi pa obeyi.

  1.   Yo pa t mele nan zafè politik. Menm jan nou wè Temwen Jewova yo kontinye fè sa jodi a, lè yo t ap viv anba rejim Nazi a, yo pa t mele nan zafè politik (Jan 18:36). Konsa, yo te refize

  2.   Yo pa t sispann pratike relijyon yo. Menmlè yo te entèdi yo pratike relijyon yo, Temwen Jewova yo te toujou kontinye

    •   Reyini pou priye ansanm e pou yo adore Jewova ansanm. — Ebre 10:24, 25.

    •   Bay mesaj ki nan Bib la e distribye piblikasyon ki baze sou Bib la. — Matye 28:19, 20.

    •   Montre yo gen bonte pou vwazen yo e pou juif yo tou. — Mak 12:31.

    •   Kenbe lafwa yo fèm lè yo te refize siyen yon papye ki t ap fè konnen yo pa Temwen Jewova ankò. — Mak 12:30.

 Pwofesè Robert Gerwarth fè konnen se “sèl Temwen Jewova yo Nazi yo te pèsekite antanke gwoup anba rejim Twazyèm Reich la akoz kwayans yo”. a Konpayon prizon Temwen Jewova yo te vin gen admirasyon pou yo paske yo te kanpe fèm. Yon prizonye otrichyen te di: “Yo pa al nan lagè. Yo pito moun touye yo pase pou se yo ki ta touye yon moun.”

 Ki kote yo te mouri?

  •   Nan kan konsantrasyon yo: Pifò Temwen Jewova yo te mouri nan kan konsantrasyon yo. Yo te mete yo nan prizon nan kan sa yo: Auschwitz, Buchenwald, Dachau, Flossenbürg, Mauthausen, Neuengamme, Niederhagen, Ravensbrück ak Sachsenhausen. Nan kan Sachsenhausen nan sèlman, yo te rive idantifye anviwon 200 Temwen Jewova ki te mouri.

  •   Nan prizon yo: Gen Temwen yo te maltrete nan prizon jis yo mouri. Gen lòt ki te mouri akoz kou yo te resevwa lè yo t ap poze yo kesyon.

  •   Kote yo te konn fè egzekisyon yo: Se sitou nan prizon Berlin-Plötzensee, Brandenburg ak Halle/Saale yo yo te touye Temwen Jewova yo. Anplis de kote sa yo, rechèch yo fè montre gen anviwon 70 lòt kote Nazi yo te konn touye Temwen yo.

 Kèk moun yo te egzekite pami yo

  •  Non: Helene Gotthold

     Kote yo te egzekite l: Plötzensee (Bèlen)

     Yo te arete Helene plizyè fwa, yon madan marye ki te gen de timoun. An 1937, yo te tèlman maltrete l lè yo t ap poze l kesyon yo, sa te fè l pèdi tibebe ki te nan vant li an. Jou ki te 8 desanm 1944 la, yo te koupe tèt li ak yon giyotin nan prizon Plötzensee, nan Bèlen.

  •  Non: Gerhard Liebold

     Kote yo te egzekite l: Brandenburg

     Jou ki te 6 me 1943 a, yo te koupe tèt Gerhard. Se te dezan apre yo te fin koupe tèt papa l nan menm prizon sa a. Men sa li te ekri nan dènye lèt li te fè pou fanmi l ak fiyanse l la: “Si Bondye pa t ban m fòs, m pa t ap ka andire tribilasyon sa a.”

  •  Non: Rudolf Auschner

     Kote yo te egzekite l: Halle/Saale

     Rudolf te gen 17 an lè yo te koupe tèt li nan jou ki te 22 septanm 1944 la. Nan dènye lèt li te ekri manman l lan, men sa l te di: “Gen anpil frè ki te pase anba menm eprèv la, e m ap suiv egzanp yo.”

a Sòlda san pitye Hitler a: Lavi Heydrich (anglè) paj 105.