Al gade sa k anndan l

7yèm albòm foto Wòwik (Soti septanm 2016 rive fevriye 2017)

7yèm albòm foto Wòwik (Soti septanm 2016 rive fevriye 2017)

Nan albòm foto sa a, n ap wè ki jan yo te rive fini nouvo syèj mondyal Temwen Jewova yo ak fason moun ki te volontè yo te kòmanse itilize lokal la soti septanm 2016 rive fevriye 2017.

Foto lokal Wòwik la ki fin konstwi. Soti anwo agoch al adwat:

  1. Bilding pou antretyen machin

  2. Pakin pou vizitè

  3. Bilding pou antretyen ak pakin pou moun ki rete la yo

  4. Rezidans B

  5. Rezidans D

  6. Rezidans C

  7. Rezidans A

  8. Bilding pou biwo ak sèvis yo

8 septanm 2016 — Bilding Wòwik yo

Nan moman sa a, gen moun nan tout bilding nan Wòwik yo. Nan kòmansman mwa septanm nan, te gen anviwon 500 moun ki t ap viv Wòwik. Pami moun sa yo te gen moun ki te vini kòm volontè pou konstriksyon an ansanm ak moun ki pèmanan yo transfere soti Bwouklin.

20 septanm 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon atis k ap enspekte vèni ki sou kawo miwa yo mete sou mi ki nan antre ekspozisyon ki gen tit: “Yon pèp pou non Jewova.” Yo fè miwa sa yo yon fason pou yo gen aparans yon bagay ansyen, sa ki byen mache ak tèm ekspozisyon an.

28 septanm 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Stephen Lett, youn nan manm Kolèj santral la, te prezide premye adorasyon nan maten ki te fèt Wòwik yo te pase nan televizyon. Jou maten sa a, frè Lett te li yon lèt pou remèsye plis pase 27 000 volontè ki te ede nan konstriksyon nouvo bilding nan ak tout lòt moun ki te soutni pwojè sa a yon fason oswa yon lòt.

3 oktòb 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon bòs k ap poze lèt nan plas yo nan yon pankat k ap nan antre youn nan twa ekspozisyon yo. Ekspozisyon sa a ki gen tit “Yon pèp pou non Jewova”, rakonte istwa Temwen Jewova yo nan epòk nou an soti ane 1870 yo rive jodi a.

5 oktòb 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Komite redaksyon Kolèj santral la ki reyini ak frè k ap ede yo ansanm ak moun ki fè pati Depatman redaksyon an. Gen yon seri gwo ekran k ap montre imaj yo pwopoze pou piblikasyon k ap vini yo e yo bay depatman nan lòt bilding yo posiblite pou yo kominike ak komite a pandan reyinyon yo. Yo te soti Bwouklin vin Wòwik ak tab la, yon kado yo te fè Syèj mondyal la sa gen kèk ane.

20 oktòb 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon frè k ap ede nan Komite kowòdonatè a ansanm ak kèk lòt frè k ap travay anba direksyon komite sa a k ap pale sou fason pou yo ede frè ak sè ki te viktim nan gwo siklòn ki rele Hayima ki te frape peyi Filipin nan lavèy. Ekipman pou videyo konferans yo ede depatman ki nan Syèj mondyal la pou l regle kesyon ki ijan yo byen vit e pou l kominike ak filyal yo toupatou tou tè a.

28 oktòb 2016 — Bilding pou antretyen ak pakin pou moun ki rete la yo

Gen yon ti letan pou filtre dlo lapli ki separe bilding kote yo fè antretyen an ak wout ki mennen nan antre prensipal la. Nan letan sa a ansanm ak nan lòt letan menm jan an ki Wòwik yo yo sèvi ak metòd natirèl pou yo filtre dlo lapli e pou yo pran bagay k ap polye dlo a, sa ki pèmèt yo fè 50 pousan ekonomi sou kantite kòb yo t ap depanse si yo te enstale yon lòt kalite sistèm drenaj. Mete sou sa, dlo sa a, ki trete e ki filtre, k al koule nan ti rivyè ki nan zòn nan pèmèt plant yo ak bèt yo rete yon anviwònman ki pwòp.

4 novanm 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon gwoup frè k ap debake yon kamyon ki sot Bwouklin vin Wòwik, kote yo resevwa livrezon yo. Gen apeprè 80 moun ki te ede nan demenajman an.

14 desanm 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon frè ak yon sè k ap retire yon pat pen byen laj yo te fin petri nan yon gwo bòl, e k ap vide l sou yon tab. Kòm pat la ka peze plis pase 100 liv, li pi fasil e gen mwens danje pou yo sèvi ak yon aparèy pou leve bòl yo. Nan boulanjri Wòwik la gen yon aparèy yo ka pwograme pou l ralanti aksyon ledven an oswa fè l al pi vit. Aparèy la pèmèt yo kontwole tanperati ak imidite ki anndan l. Machin sa a pèmèt yo fè mwens travay pou yo rive fè plizyè santèn pen chak semèn.

14 desanm 2016 — Bilding pou antretyen ak pakin pou moun ki rete la yo

Moun ki travay nan sèvis pou bilding nan k ap mete fatra deyò bilding kote yo fè reparasyon an. Kontrèman ak bilding nou te gen Bwouklin yo, pifò bilding nan Wòwik yo konekte youn ak lòt, sa ki fè yo bezwen mwens moun pou travay e mwens machin pou ranmase fatra ak bagay pou resikle.

14 desanm 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Y ap wouze yon chemiz ak dlo pou retire pli ladan l e yo prese l nan yon aparèy ki ka prese nenpòt rad. Depatman lesiv nan Wòwik la netwaye anviwon plis pase 11 000 liv rad ak dra chak semèn. Pou yo ka konnen pou kiyès yon bagay ye, yo mete yon etikèt ki gen nimewo moun sou afè l yo. Yo skane etikèt yo plizyè fwa nan depatman lesiv la pou yo asire yo yo bay bagay la swen li merite e yo remèt bon depatman an li oswa yo mete l nan bon chanm nan.

20 desanm 2016 — Bilding pou antretyen ak pakin pou moun ki rete la yo

Yon mekanisyen k ap enspekte e k ap fè reparasyon nan yon materyèl yo sèvi nan elektrisite. Grasa travay sa a, ekipman yo dire pi lontan e yo pa reprezante danje pou moun k ap sèvi avè yo.

10 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon teknisyen nan enfòmatik k ap chèche pwoblèm ki ka genyen nan aplikasyon ki pral pèmèt yo fè ekspozisyon “Lafwa ann aksyon” an.

11 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Moun yo k ap prepare yon bisiklèt ki te fèt an 1903 pou ekspozisyon ki rele “Yon pèp pou non Jewova” a. Gen moun nan Wòwik ki te travay pou repare bisiklèt sa a ki se yon kado. Yo pral ekspoze bisiklèt sa a pou montre efò ak sakrifis Etidyan Labib yo (ki te vin pote non Temwen Jewova) te fè pou yo deplase ak mwayen transpò sa yo pou al preche mesaj ki nan Bib la.

12 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Moun yo k ap enstale yon vit yo pral mete imaj ki gen rapò ak “Fotodram kreyasyon an”, yon seri imaj yo pase tankou yon fim ki baze sou Bib la yo te prezante pou premye fwa an 1914 e te gen anviwon nèf milyon moun ki te wè l menm ane sa a.

12 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Achivis ak moun ki fè grafik k ap prepare yon edisyon 1544 Labib Zirik an laten an pou ekspozisyon ki rele “Bib la ak Non Bondye”. Flèch wouj ki parèt nan Bib la montre kote non Bondye, Jewova, parèt. Achivis yo pran plizyè prekosyon pou yo pwoteje Bib ki frajil yo. Pa egzanp, yo mete yon riban polyestè sou paj yo pou Bib la ret ouvri, yo kontwole imidite ak tanperati bilding nan e yo byen ajiste limyè fiboptik ki sou liv yo pou anpeche limyè a andomaje papye yo ki fen.

16 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yo mennen vizitè yo nan dènye etaj youn nan bilding Wòwik yo ki 23 mèt wotè, pou yo ka wè tout konplèks la. Yo te kòmanse kite moun vizite ekspozisyon yo ak bilding Wòwik la jou ki te 3 avril 2017 la, grasa yon sistèm ki esplike moun yo sa y ap wè a. Moun ki ta renmen vizite dwe fè rezèvasyon sou Entènèt sou sit nou an nan seksyon ENFÒMASYON SOU NOU > VIZITE BIWO NOU YO.

19 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon achivis k ap mete youn nan premye edisyon 1611 Bib Wa Jak la (anglè) ki ra anpil nan yon kazye pou ekspozisyon an. Se moun k ap travay Wòwik yo menm ki te desine epi fè kazye pou ekspozisyon an.

19 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon atis ki fè grafik k ap ranje yon chapo nan plas li. Chapo sa a se te pou frè Joseph F. Rutherford, ki te pran latèt nan òganizasyon Temwen Jewova yo sa gen yon syèk. Pati sa a nan ekspozisyon ki gen tit “Yon pèp pou non Jewova”, pale sou efò premye Temwen yo te fè pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan.

20 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Grasa èd ekip anrejistreman odyo a, yon lektè ap esplike ki jan pou nou fè vizit ekspozisyon ki gen tit “Bib la ak Non Bondye”. Yon semèn sèlman apre yo te fin demonte kabin pou anrejistreman an ak lòt ekipman yo nan Bwouklin pou yo mete yo Wòwik, yo gentan ap fonksyone ankò. Se nan stidyo anrejistreman sa a (ki anba direksyon stidyo anrejistreman prensipal ki nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo nan Patèsonn) yo anrejistre Tradiksyon monn nouvo a, Toudegad ak Reveye n!, atik pou jw.org ak lòt piblikasyon odyo.

27 janvye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon moun k ap pentire sou kote yon ankadreman pou yon foto twa-dimansyon pou ekspozisyon an. Pati sa a nan ekspozisyon an ki gen tit “Yon pèp pou non Jewova” montre foto Etidyan Labib yo nan fen 19yèm syèk la.

15 fevriye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon atis k ap pentire yon imaj Kalèb, yon pèsonaj nan seri desen anime ki rele Fè zanmi ak Jewova a. Imaj sa a pral parèt nan yon pati nan ekspozisyon an pou montre zouti ak pwogram Temwen Jewova yo mete sou pye pou timoun yo.

15 fevriye 2017 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon moun k ap dekoupe foto ak ansèy pou ekspozisyon ki gen tit “Yon pèp pou non Jewova” a. Depi nan kòmansman pwojè a rive nan finisman l, gen plis pase 250 moun ki te travay pou fè twa ekspozisyon sa yo, soti nan moun ki fè plaka, moun ki fè pwogram enfòmatik, moun ki fè desen, pase nan elektrisyen, moun ki poze seramik oswa til, pou rive nan moun ki fè videyo ak ekriven.