Al gade sa k anndan l

Wòwik: 6yèm ekspozisyon foto (soti mas rive out 2016)

Wòwik: 6yèm ekspozisyon foto (soti mas rive out 2016)

Ekspozisyon foto sa a montre ki jan travay nan nouvo Syèj mondyal Temwen Jewova yo ap pwogrese e ki jan volontè yo te soutni travay konstriksyon sa a soti mas 2016 pou rive out 2016.

Foto tout bilding ki nan konplèks Wòwik la, soti anwo agoch kontinye adwat:

  1. Bilding kote yo repare machin

  2. Pakin vizitè

  3. Bilding antretyen ak pakin pou moun ki abite la yo

  4. Rezidans B

  5. Rezidans D

  6. Rezidans C

  7. Rezidans A

  8. Bilding pou biwo ak sèvis yo

16 mas 2016 — Chantye Wòwik

Jadinye pwofesyonèl k ap debake pye chèn ak pye erab. Yo plante plis pase 1 400 pyebwa sou chantye Wòwik la.

23 mas 2016 — Bilding kote yo repare machin

Moun ki travay Wòwik yo k ap asiste soupe Seyè a. Nan lokal sa a, te gen 384 moun ki te asiste evènman espesyal sa a Temwen Jewova yo fè chak ane sou tout tè a.

15 avril 2016 — Chantye Wòwik

Ebenis yo mete fenèt nan gerit ki bò baryè a. Moun k ap travay nan resepsyon ki devan baryè a pral gen pou resevwa vizitè yo, veye sou sekirite lokal la, jere machin k ap antre oswa k ap kite lokal la.

19 avril 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon papa ak pitit li k ap mete kapèt nan yon koulwa nan premye etaj la. Yo itilize ti moso kapèt ki gen fòm kare nan espas piblik yo, konsa si yo gen yon pwoblèm l ap pi fasil pou ranplase yo pase gwo moso kapèt yo.

27 avril 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Bòs chapant k ap mete separatè nan biwo yo, konsa l ap pi fasil pou chak depatman ranje biwo yo jan l ap pi bon pou yo.

10 me 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon moun k ap fè preparasyon nan espas kote twalèt piblik ki kole ak resepsyon an pral ye a, pou yo ka enstale bòl twalèt yo ak separatè yo.

26 me 2016 — Chantye Wòwik

Ekip ki la pou lè gen ijans lan ap fè yon antrènman kote l ap prepare l pou l etenn yon dife. Lè ponpye sa yo byen prepare, sa pèmèt yo pwoteje moun k ap travay yo ak lokal la e anmenmtan yo soulaje sèvis ponpye ki nan zòn nan.

30 me 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon sèvè k ap bay moun kote pou yo chita nan salamanje prensipal la yon ti tan anvan yo kòmanse suiv premye kilt matinal yo te fè nan pyès sa a.

31 me 2016 — Bilding antretyen ak pakin pou moun ki abite la yo

Yon bòs chapant k ap itilize yon aparèy pou mete youn nan 2 500 siy k ap bay vizitè ak moun ki rete Wòwik yo direksyon.

1ye jen 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon bòs soudi ap enstale sipò pou moun ka mete men yo nan eskalye prensipal la, ki soti nan resepsyon an rive nan oditoryòm nan. Gwo dra ki pa ka pran dife ki parèt nan tèt foto a pwoteje enstalasyon ki toupre yo pou yo pa andomaje.

9 jen 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon manm nan depatman mi ak twati ap fè finisyon nan mi ki mennen nan “lafwa ann aksyon” an youn nan twa vizit ou ka fè poukont ou yo. Fason yo fè achitekti a byen prezante w tèm ki gen nan chak ekspozisyon.

16 jen 2016 — Bilding kote yo repare machin

Travayè yo ap prepare beton an pou yon tretman espesyal. Tretman espesyal sa a yo bay beton an fè dlo pa ka travèse l, li dire pi lontan, li pi byen reziste ak pousyè mak kawotchou machin e li pi fasil pou netwaye.

29 jen 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon gwoup bòs chapant ap mete fib en vè sou tèt resepsyon an. Gwo moso glas sa yo fè w wè yon bèl ti limyè dou nan antre prensipal la.

29 jen 2016 — Bilding pou biwo ak lòt sèvis yo

Yon mari ak yon madanm k ap mete kawo granit nan antre sal ekspozisyon ki gen tit “Bib la ak non Bondye”.

6 jiyè 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon bòs ebenis ap enstale youn nan 1 018 chèz ki nan oditoryòm nan. Se nan oditoryòm sa a yo pral fè etid Toudegad ak lòt pwogram espirityèl pou fanmi betèl la.

9 jiyè 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Nan resepsyon prensipal la, bòs ebenis, elektrisyen ak lòt travayè ap enstale yon ansèy ki limen pou di vizitè yo byenveni.

13 jiyè 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

De manm ekip ki la pou sipòte travayè yo, pote dlo pou ouvriye yo nan resepsyon prensipal la. Yo toujou raple ekip konstriksyon an pou yo bwè dlo sitou lè li fè cho.

19 jiyè 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon bòs ebenis ap enstale bwat ki pral kenbe bib yo pou ekspozisyon ki gen tit “Bib la ak non Bondye”. Nan ekspozisyon sa a yo mete yon systèm ki fè w wè ansyen Bib yo ak kèk ansyen materyèl yo te konn itilize anrapò ak Bib la.

22 jiyè 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Yon teknisyen ap itilize yon plan ki pwojte sou yon mi pou l trase Ostrali ak lòt zile ki nan sidès Azi nan yon kat ki nan resepsyon prensipal la. Non Temwen Jewova a parèt sou mi sa a nan prèske 700 lang.

23 jiyè 2016 — Bilding pou biwo ak sèvis yo

Manm fanmi betèl la ap asiste yon kou oryantasyon. Yo te fè kou sa a pou akeyi, oryante ak avèti betelit ki pral rete Wòwik yo kont kèk danje ki toujou genyen sou chantye a.

17 out 2016 — Stidyo Tele JW a

Yon bòs ap mete limyè ki sou tèt biwo Tele JW a. Prèske tout sa ki gen nan stidyo a soti Bwouklin.

24 out 2016 — Chantye Wòwik

Yon elektrisyen ap enstale yon ansèy ki gen limyè nan antre prensipal la. Depi 1ye septanm, anpil biwo nan syèj mondyal la ap travay Wòwik.