Al gade sa k anndan l

Èske Tradiksyon monn nouvo a egzat?

Èske Tradiksyon monn nouvo a egzat?

 Yo te pibliye premye pati Tradiksyon monn nouvo a (anglè) nan ane 1950. Depi lè sa a, gen kèk moun ki fè kòmantè oswa k ap mande tèt yo si Tradiksyon monn nouvo a a egzat. Rezon an se paske yo remake, gen kèk vèsè nan tradiksyon sa a ki pa menm ak lòt tradiksyon Labib yo. Gen plizyè rezon ki fè gen diferans sa yo. Pwen nou pral egzamine pi ba yo pral montre sa.

  •   Moun ka fè l konfyans. Tradiksyon monn nouvo a baze sou dènye rechèch biblis yo fè, e li baze sou ansyen maniskri moun plis fè konfyans yo. Kontrèman ak Tradiksyon monn nouvo a, Labib Wa Jak (anglè) edisyon 1611 lan se yon tradiksyon ki baze sou maniskri ki pa twò egzat e maniskri sa yo pa t la twò lontan.

  •   Li fidèl. Objektif Tradiksyon monn nouvo a se tradui mesaj orijinal Bondye te enspire a san l pa chanje mesaj sa a (2 Timote 3:16). Gen anpil tradiksyon Labib ki pa rete kole ak mesaj Bondye a, yon fason pou yo ka suiv tradisyon lèzòm yo. Pa egzanp, yo ranplase non Bondye a, ki se Jewova, ak tit tankou Seyè oswa Bondye.

  •   Li literal. Tradiksyon monn nouvo a pa tankou lòt tradiksyon moun konn rezime yo. Lè sa posib, Tradiksyon monn nouvo a tradui mo yo literal, sa vle di yo tradui mo yo jan yo ye a. Yo fè sa lè sa pap sonnen dwòl lè moun li l oswa lè sa pap kache ide ki nan tèks orijinal yo. Lè moun k ap tradui Labib yo rezime mesaj ki nan tèks orijinal yo, sa ka fè yo rantre opinyon lèzòm nan tradiksyon y ap fè yo oswa sa ka fè yo retire kèk detay ki enpòtan.

Diferans ki genyen ant Tradiksyon monn nouvo a ak lòt tradiksyon yo

 Kèk liv ki pa ladan l. Nan tradiksyon Labib Katolik yo fè ak tradiksyon Labib Legliz òtodòks yo fè, yo mete kèk liv kèk moun konnen antanke liv apokrif. Sepandan, liv sa yo pa fè pati kanon Juif la. Li enteresan pou nou konnen Bib la di se Juif yo “yo te konfye deklarasyon sakre Bondye yo”. (Women 3:1, 2.) Kidonk, Tradiksyon monn nouvo a ak lòt tradiksyon moun fè nan epòk pa nou an gen bonjan rezon pou yo pa mete liv apokrif sa yo nan tradiksyon yo fè yo.

 Kèk vèsè ki pa ladan l. Gen kèk tradiksyon ki ajoute kèk vèsè ak kèk fraz moun pa jwenn nan maniskri ki la pi lontan yo. Men, vèsè sa yo ak fraz sa yo pa nan Tradiksyon monn nouvo a. Gen anpil tradiksyon moun fè jodi a ki pa gen vèsè sa yo ladan yo oswa tradiktè yo fè konnen vèsè sa yo ak fraz sa yo pa soti nan maniskri moun plis fè konfyans yo b.

 Mo yo itilize yo diferan. Pafwa, tradiksyon mo pou mo yo konn pa klè oswa yo konn bay yon ide ki pa sa. Pa egzanp, souvan, moun konn tradui pawòl Jezi te di nan Matye 5:3 a konsa: “Benediksyon pou moun ki pòv nan lespri yo.” (Bib Kreyòl La; English Standard Version; King James Version; New International Version). Anpil moun pa fin konprann sa ekspresyon “pòv nan lespri yo” vle di, toutpandan gen kèk moun ki panse Jezi t ap atire atansyon sou enpòtans pou moun gen imilite oswa sou enpòtans pou moun pòv. Sepandan, pwen Jezi te vle fè pase a sèke moun ap jwenn vrè kè kontan an lè yo rekonèt yo bezwen Bondye gide yo. Tradiksyon monn nouvo a byen tradui sans pawòl Jezi yo, men sa l te di: “Moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3 c.

Kèk kòmantè pozitif biblis ki pa Temwen yo fè sou Tradiksyon monn nouvo a

  •   Nan yon lèt ki gen dat 8 desanm 1950, remake sa Edgar J. Goodspeed, yon moun ki tradui Bib la e ki yon biblis, ekri konsènan Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo (anglè): “Mwen enterese nan travay moun ou yo ap fè, ak nan misyon nou fè toupatou sou tè a, e mwen kontan anpil pou tradiksyon nou an ki gratis e ki vivan. Mwen ka di san grate tèt li gen yon pakèt ansèyman ladan l.”

    Edgar J. Goodspeed.

  •   Allen Wikgren, yon pwofesè nan inivèsite nan Chikago, te pale konsènan Tradiksyon monn nouvo a kòm yon edisyon ki ekri nan lang nou pale e ki pa baze sou lòt tradiksyon, men pito “li baze sou lòt ouvraj moun fè konfyans”. — The Interpreter’s Bible, Volume I, paj 99.

  •   Men sa Alexander Thomson, yon moun ki analize tradiksyon Bib Grann Bretay yo, fè konnen konsènan Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo (anglè): ‘Sa klè, se moun ki maton nan domèn nan e ki entèlijan ki fè tradiksyon sa a. Yo chèche fè parèt vrè sans tèks grèk la nan lang anglè a otan sa posib.’ — The Differentiator, avril 1952, paj 52.

  •   Malgre Charles Francis Potter te remake kèk bagay li te panse ki pa fin nòmal nan tradiksyon an, men sa l te fè konnen: ‘Tradiktè sa yo, ki pa met non yo nan tradiksyon yo fè a, te pi byen travay ak tèks maniskri yo, ki te ni ann ebre ni an grèk. E yo rive montre yo maton e yo saj nan fason yo fè travay sa a.’ — The Faiths Men Live By, paj 300.

  • Malgre Robert M. McCoy te panse Tradiksyon monn nouvo a te gen kèk bagay ki pa sanble ak lòt tradiksyon yo, men sa li te di nan dènye pawòl li te di nan analiz li te fè konsènan tradiksyon sa a: ‘Lefètke gen moun, Temwen Jewova yo, ki tradui Nouvo Testaman an, sa se prèv gen anpil espè ki kalifye pou yo byen jere plizyè pwoblèm ki gen nan travay tradui Labib.’ — Andover Newton Quarterly, janvye 1963, paj 31.

  •   Malgre pwofesè Samuel MacLean Gilmour te fè konnen li pa t fin dakò ak kèk bagay ki nan Tradiksyon monn nouvo a, li te admèt moun ki te fè tradiksyon sa a “te gen bonjan konesans nan lang grèk la, yon konesans pifò moun pa t genyen”. — Andover Newton Quarterly, septanm 1966, paj 26.

  •   Men analiz Pwofesè Thomas N. Winter te fè sou Tradiksyon monn nouvo a, yon tradiksyon ki sèvi kòm baz pou yon pati ki nan Kingdom Interlinear Translation of the Greek Scriptures: ‘Tradiksyon sa a se yon tradiksyon ki ajou e ki toujou egzat e komite ki fè l la pa met non yo ladan l.’ — The Classical Journal, avril-me 1974, paj 376.

  •   Men sa pwofesè Benjamin Kedar, yon espè nan lang ebre ann Izrayèl, te fè konnen nan ane 1989: “Nan rechèch mwen fè nan lang ki gen rapò ak tradiksyon Labib ann ebre ak lòt tradiksyon yo fè yo, souvan m al gade nan edisyon anglè tradiksyon moun rele Tradiksyon monn nouvo a. Chak fwa mwen fè sa, mwen vin wè plis toujou moun yo ki te fè tradiksyon sa a te fè bonjan efò pou yo byen konprann tèks la otan sa posib.”

  •   Dapre analiz Jason David BeDuhn, yon pwofesè nan zafè etidye relijyon, te fè sou nèf pi gwo tradiksyon Labib ann anglè, men sa l te fè konnen: “Lè yo konpare NW [Tradiksyon monn nouvo a] ak lòt tradiksyon ki genyen, li parèt kòm tradiksyon ki pi egzat.” Malgre piblik la ak anpil espè nan Labib yo panse diferans ki genyen nan Tradiksyon monn nouvo a se akoz kwayans tradiktè yo genyen, men sa pwofesè BeDuhn fè konnen: “Pifò diferans ki genyen nan NW a se fason yo tradui tèks yo, ki pi egzat e ki literal, e tradiksyon sa a rete pi kole ak ekspresyon ekriven yo te ekri nan tèks orijinal Nouvo Testaman an.” — Truth in Translation, paj 163, 165.

a Kòmantè yo fè yo gen rapò ak Tradiksyon monn nouvo a (anglè) anvan yo te revize l nan ane 2013.

b Pa egzanp, gade New International Version ak tradiksyon Katolik yo rele New Jerusalem Bible lan. Men vèsè yo ajoute yo: Matye 17:21; 18:11; 23:14; Mak 7:16; 9:44, 46; 11:26; 15:28; Lik 17:36; 23:17; Jan 5:4; Travay 8:37; 15:34; 24:7; 28:29 ak Women 16:24. Nan Labib Wa Jak (anglè) ak nan edisyon Douay-Rheims la, yo te ajoute kèk pawòl nan 1 Jan 5:7, 8 la pou fè moun konprann gen yon trinite, e yo te ajoute pawòl sa yo plizyè santèn ane apre yo te fin ekri Bib la.

c Menm jan an tou, tradiksyon John Bertram Phillips lan tradui pawòl Jezi a konsa: “Moun ki konnen yo bezwen Bondye.” Anplis de sa gen yon lòt tradiksyon (The Translator’s New Testament) ki mete: “Moun ki konnen bezwen yo nan domèn espirityèl.”