Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anna Moneymaker/Getty Images

KONTINYE VEYE!

Syantifik yo avanse òlòj lafendimonn nan — Ki sa Bib la di?

Syantifik yo avanse òlòj lafendimonn nan — Ki sa Bib la di?

 Nan dat 24 janvye 2023, syantifik yo avanse òlòj lafendimonn nan pi pre minui. a

  •   “Madi a, se premye fwa yo avanse òlòj lafendimonn nan toupre minui konsa pandan gè a ap kontinye ann Ikrèn, pandan gen risk pou yon gè nikleyè eklate e gen yon kriz nan domèn anviwònman an. Òlòj sa a se senbòl pou montre danje ki pandye sou limanite yo.” — AFP International Text Wire.

  •   “Madi a, syantifik yo fè konnen yo avanse ‘òlòj lafendimonn nan’ 90 segonn anvan minui, se premye fwa limanite toupre lafen konsa.” — ABC News.

  •   “Gen yon gwoup syantifik nan diferan peyi ki fè konnen lavi lèzòm sou tè a an danje nan yon pwen li potko janm ye anvan sa.” — The Guardian.

 Èske lèzòm ap sispann egziste talè konsa oswa èske planèt nou an pral detwi talè konsa? Èske nou bezwen pè sa k pral rive demen? Ki sa Bib la di?

Sa demen sere pou nou

 Selon Bib la, “tè a [ap] ret la pou toutan” e ap gen moun k ap “viv sou li pou toutan”. (Eklezyas 1:4; Sòm 37:29.) Donk, lèzòm pap rive detwi tè a nitou yo pa ka fè l enposib pou moun viv sou tout planèt la.

 Sepandan, Labib di ap gen yon fen. Pa egzanp, li di “monn nan ap pase.” — 1 Jan 2:17.

Rete pozitif

 Bib la kapab ede nou rete pozitif malgre pwoblèm ki genyen nan monn nan jodi a. Ki jan l ka ede nou?

  Pou w aprann plis bagay sou Bib la, nou envite w fè yon etid Labib avèk yon anseyan, li gratis.

a “Òlòj lafendimonn nan se yon òlòj ki la pou fè moun konnen ki jan nou pa lwen pou n detwi monn nan akoz teknoloji ki danjere n ap envante yo. Se yon senbòl pou fè nou sonje jan l ijan pou nou jere gwo danje ki pandye sou nou yo si nou vle ret vivan sou tè a.” — Bulletin of the Atomic Scientists.