Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chak jou gen pwòp pwoblèm pa l

Chak jou gen pwòp pwoblèm pa l

Telechaje:

  1. 1. Mwen byen konnen talè konsa pral g’on paradi.

    Se grasa Wayòm Bondye a, n’ap gen yon bèl avni.

    Men, pwoblèm ki nan lavi a

    Konn fè’m pa aji ak lafwa.

    E lè’m santi’m dekouraje, li trè fasil pou’m bliye

    Jewova toujou toupre’m.

    (REFREN)

    Donk, mwen lapriyè ak tout kè’m

    Lè enkyetid vle anvayi’m.

    Sou fòs li mwen ka konte.

    Mwen pa poukò’m, li la avè’m.

    Li fè’m jwenn konsolasyon

    Ak zanmi ki kenbe’m fèm.

    Wi, chak jounen genyen pwòp pwoblèm pa’l,

    Donk, mwen viv yon jou alafwa.

    M’kite pwoblèm demen pou demen.

    M’anpè lè mwen viv

    Yon jou alafwa.

  2. 2. Kenbe konsèy sa’m ba’w zanmi’m

    Paske mwen renmen’w.

    Konte benediksyon’w yo,

    Pa gad pwoblèm k’ap minen’w.

    Pou Bondye ban nou lavi,

    Sonje’l ban nou pwòp Pitit li.

    Donk, fè’l konfyans, pa janm doute.

    Li peye chè pou’n pa peri.

    Kidonk, pa panike.

    (REFREN)

    Donk, priye ak tout kè’n

    Lè enkyetid vle anvayi’n.

    Sou fòs li nou ka konte.

    Nou pa poukò’n, li la avè’n.

    Li fè’n jwenn konsolasyon

    Ak zanmi ki kenbe’n fèm.

    Wi, chak jounen genyen pwòp pwoblèm pa’l,

    Donk, viv yon jou alafwa.

    Kite pwoblèm demen pou demen.

    N’anpè lè nou viv

    Yon jou alafwa.

    (REFREN)

    Donk, priye ak tout kè’n

    Lè enkyetid vle anvayi’n.

    Sou fòs li nou ka konte.

    Nou pa poukò’n, li la avè’n.

    Li fè’n jwenn konsolasyon

    Ak zanmi ki kenbe’n fèm.

    Wi, chak jounen genyen pwòp pwoblèm pa’l,

    Donk, viv yon jou alafwa.

    Kite pwoblèm demen pou demen.

    N’anpè lè nou viv

    Yon jou alafwa,

    Yon jou alafwa.