Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kenbe lafwa w djanm

Kenbe lafwa w djanm

Telechaje:

  1. 1. Pafwa’m santi sa twòp pou mwen.

    Se yon gwo konba pou’m fè sa’k byen.

    Gen jou tout bagay tèt anba.

    Mwen gen dlo nan je, m’santi’m faya.

    (ANVAN REFREN)

    Lè’m santi’m tris, li pa lage’m.

    M’konn sa pou’m fè pou pwoblèm pa kraze’m.

    Lè’m li Labib chak jou,

    Mwen tande Jewova k’ap di’m:

    (REFREN)

    ‘Nan yon tikras tan ankò,

    Mwen pral siye tout dlo nan je.

    Sa pap pran lontan ankò,

    Monn nouvo a toupre.

    Kontinye andire.

    M’ap ede’w kenbe djanm.

    Djanm.

    M’ap ede’w kenbe djanm.’

  2. 2. Lè mwen li Labib, sa ban’m kouraj.

    Lè pwoblèm met pye, mwen pap fè nofraj.

    (ANVAN REFREN)

    Lè’m santi’m tris, li pa lage’ m.

    Menmsi’m faya, pwoblèm yo pa kraze’m.

    Lè’m li Labib chak jou,

    Mwen tande Jewova k’ap di’m:

    (REFREN)

    ‘Nan yon tikras tan ankò,

    Mwen pral siye tout dlo nan je.

    Sa pap pran lontan ankò,

    Monn nouvo a toupre.

    Kontinye andire.

    M’ap ede’w kenbe djanm.

    Djanm.

    M’ap ede’w kenbe djanm.

    M’ap ede’w kenbe djanm.

    M’ap ede’w kenbe djanm.

    (YON TI DIPLIS)

    M’ap ede’w kenbe djanm.

    Ede’w kenbe djanm.

    Ede’w kenbe djanm.

    (REFREN)

    ‘Nan yon tikras tan ankò,

    Mwen pral siye tout dlo nan je.

    Sa pap pran lontan ankò,

    Monn nouvo a toupre.

    Kontinye andire.

    M’ap ede’w kenbe djanm.