Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova avè m

Jewova avè m

Telechaje

  1. 1. Mwen leve maten an, epi m’abiye.

    Mwen priye Jewova anvan’m deplase.

    Yo di’m sispann preche, men, mwen pap sede.

    Bondye se chèf mwen, se li’m koute.

    (REFREN)

    Tankon’ ti van ki fre fè’w santi’w byen, m’santi’m byen, m’anpè.

    Piske Jewova avè’m pou ki pou’m ta pè?

    Piske Jewova avè’m pou ki pou’m ta pè?

  2. 2. Lè’m tounen lakay, m’panse ak jounen an.

    Mesye a te poze kesyon k’enpòtan.

    Donk, mwen priye pou mwen ka wè li ankò.

    M’konnen laverite ap ba’l rekonfò. 

    (REFREN)

    Tankon’ ti van ki fre fè’w santi’w byen, m’santi’m byen, m’anpè.

    Piske Jewova avè’m pou ki pou’m ta pè?

    Piske Jewova avè’m pou ki pou’m ta pè?

    (YON TI DIPLIS)

    Pawòl li yo tankon’ dife nan fon kè’m,

    Mwen pap kache yo, m’ap montre’m fèm.

    M’ap louwe non’l otan mwen kapab,

    Wi, m’ap pèsevere pou jis sa kaba.

    Mwen konnen frè’m yo nan menm konba sa’.

    M’ap chèche vin gen bonjan lafwa.

    M’ap louwe Bondye, m’gen konfyans nan li.

    Talè l’ap ban nou yon paradi.

  3. 3. Lè lannuit fin rive, wi, lè’l aswè,

    M’remèsye Jewova, m’etenn limyè.

    Sa demen ap pote, mwen pa konnen.

    Men, mwen pap janm poukò’m, mwen konn sa byen.

    (REFREN)

    Tankon’ ti van ki fre fè’w santi’w byen, m’santi’m byen, m’anpè.

    Piske Jewova avè’m pou ki pou’m ta pè?

    Piske Jewova avè’m pou ki pou’m ta pè?