Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou ka ret nan limit nou menm lè n jwenn eprèv

Nou ka ret nan limit nou menm lè n jwenn eprèv

“Mache avèk Bondye w la, e [...] fè sa avèk imilite.” — MICHE 6:8.

KANTIK: 48, 95

1-3. Ki sa pwofèt ki te sot Jida Bib la pa bay non l lan te bliye fè, e ki konsekans sa te genyen? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

YON lè, sou rèy wa Jewobowam, Jewova te voye yon pwofèt ki sot Jida vin bay wa Izrayèl la, ki te yon aposta, yon mesaj kondanasyon. Pwofèt sa a ki te gen imilite te bay mesaj Bondye te voye l bay la fidèlman, e Jewova te pwoteje sèvitè l la kont kòlè Jewobowam ki te vyolan. — 1 Wa 13:1-10.

2 Pandan pwofèt la nan wout pou l al lakay li, sanzatann, li te rankontre ak yon granmoun gason ki te sot toupre Betèl. Mesye a te di li se yon pwofèt Jewova. Li te twonpe jèn gason an e l te fè l dezobeyi enstriksyon byen klè Jewova te ba li pou l ‘pa manje pen ni bwè dlo ann Izrayèl’ e pou l ‘pa retounen nan menm wout li vini an’. Sa pa t fè Jewova plezi. Pi ta, pandan pwofèt Jewova a sou wout pou l al lakay li, gen yon lyon ki vin kwaze l sou wout la e lyon an touye l. — 1 Wa 13:11-24.

3 Poukisa pwofèt sa a ki te konn limit li yon lè vin pran dwa ki pa pou li epi l koute granmoun ki te twonpe l la? Bib la pa di anyen sou sa. Men, sanble li pa t sonje ditou li te dwe ‘mache avèk Bondye avèk imilite’. (Li Miche 6:8.) Nan Bib la, mache avèk Jewova bay ide fè l konfyans, soutni souvrènte l epi suiv direksyon l bay. Yon moun ki konn limit li se yon moun ki byen rann li kont li kapab toujou kominike ak Papa l ki gen lanmou e ki toupisan e li dwe fè sa. Pwofèt la te kapab mande Jewova pou l ede l pi byen konprann enstriksyon li te ba l yo, men, Bib la pa di li te fè sa. Pafwa, nou menm tou nou konn anfas desizyon ki difisil, e nou ka pa fin byen wè ki sa n dwe fè. Lè n chèche direksyon nan men Jewova avèk imilite, sa ap ede n evite fè gwo erè.

4. Ki sa nou pral aprann nan atik sa a?

4 Nan atik ki vin anvan an, nou te aprann poukisa l toujou bon pou kretyen yo konn limit yo e ki fason yo ka montre sa. Sepandan, ki sitiyasyon konsa ki ta ka fè l difisil pou n konn limit nou? Epi, ki jan nou ka aprann ret nan limit nou e pou n kontinye fè sa menm lè nou anba presyon? Pou n reponn kesyon sa yo, nou pral egzamine twa sitiyasyon ki rive souvan ki kapab fè l difisil pou n konn limit nou, e nou pral wè ki jan nou ka aji avèk sajès nan chak sitiyasyon sa yo. — Pwo. 11:2.

LÈ SITIYASYON NOU CHANJE

5, 6. Ki jan Bazilayi te montre li konn limit li?

5 Lè sitiyasyon nou oswa asiyasyon nou chanje sa ka fè l difisil pou n konn limit nou. Lè David te envite Bazilayi, ki te gen 80 an, pou l vin viv nan palè wa a, Bazilayi dwe te santi David fè l yon gwo onè. Si l te aksepte envitasyon David te fè l la, sa t ap pèmèt li kontinye ret bò kot wa a. Epoutan, Bazilayi pa t aksepte envitasyon an. Poukisa? Piske l te granmoun anpil, li te di David li pa vle vin yon chay pou wa a. Se sa k fè Bazilayi te mande pou Kimam, ki te petèt youn nan pitit gason l yo, pran plas li. — 2 Sam. 19:31-37.

6 Lefètke Bazilayi te konn limit li sa te ede l pran yon desizyon ki rezonab. Li pa t refize envitasyon David la poutèt li pa t santi l ka pran responsablite oswa paske l te vle mennen yon vi trankil pandan l ap pran retrèt li. Li te senpleman rekonèt sitiyasyon l te chanje, li te konn limit li, e l te aksepte sa. Li pa t vle aksepte plis responsablite pase sa l te ka fè nòmalman. (Li Galat 6:4, 5.) Si nou konsantre sou pozisyon nou, renome nou oswa n ap chèche fè moun konn kiyès nou ye, sa ka lakòz nou vin egoyis, n ap fè konpetisyon, e alafen, nou ka vin desi (Gal. 5:26). Men, lè tout moun konn limit yo, sa ap ede yo konsantre tout kapasite yo ak efò yo nan chèche bay Bondye glwa ak nan chèche fè sa k pi bon an pou ede lòt moun. — 1 Kor. 10:31.

7, 8. Lè nou konn limit nou, ki jan sa ka ede n evite konte sou tèt nou?

7 Byen souvan, plis nou gen responsablite se plis nou gen otorite, e sa ka fè l difisil pou n konn limit nou. Lè Neyemi te tande nan ki sitiyasyon difisil pèp la te ye nan Jerizalèm, li te priye Jewova ak tout kè l (Ney. 1:4, 11). Jewova te beni Neyemi lè wa Atagzèsès te nome l gouvènè zòn nan. Epoutan, byenke Neyemi te nan gwo pozisyon, li te rich e li te gen anpil otorite, li pa t janm konte sou pwòp eksperyans li ak kapasite l. Li te kontinye mache avèk Bondye. Li te kontinye chèche direksyon Jewova bay lè l te egzamine Lwa Bondye a (Ney. 8:1, 8, 9). Neyemi pa t dirije pèp la ak gwo ponyèt, okontrè, li te itilize sa l te posede pou l te ede yo. — Ney. 5:14-19.

8 Egzanp Neyemi montre lè nou konn limit nou sa ka ede n evite plede konte sou tèt nou lè n resevwa yon lòt asiyasyon oswa lè n vin gen plis responsablite. Lè yon ansyen konte sou pwòp eksperyans li sèlman, sa ka fè l kòmanse jere sitiyasyon ki gen rapò ak kongregasyon an san l pa priye Jewova anvan. Gen lòt moun ki gendwa fin pran yon desizyon, epi se annapre yo priye Jewova pou l beni desizyon an. Men, èske moun ki aji konsa montre yo konn limit yo? Yon moun ki konn limit li ap toujou sonje plas li devan Bondye ak wòl li genyen nan dispozisyon Bondye pran yo. Se pa kapasite n genyen ki enpòtan. Nou dwe veye pou n pa konte sou tèt nou, sitou lè n ap fè fas ak yon pwoblèm oswa yon sitiyasyon nou te deja rankontre. (Li Pwovèb 3:5, 6.) Antanke moun ki fè pati fanmi Bondye, nou aprann reflechi yon fason pou n ranpli wòl nou antanke moun ki fè pati yon fanmi oswa yon kongregasyon olye pou n ap chèche gen gwo pozisyon oswa n ap chèche pran grad. — 1 Tim. 3:15.

LÈ MOUN AP KRITIKE N OSWA Y AP FÈ LWANJ POU NOU

9, 10. Lè nou konn limit nou, ki jan sa ka ede n lè moun kritike n yon fason ki pa jis?

9 Li kapab difisil pou n kontwole santiman nou lè n oblije sipòte moun k ap kritike n yon fason ki pa jis. Byen souvan, Ana te konn kriye akoz Penina, ki te yon lòt madanm mari l te genyen, ki te toujou ap tingting li. Mari Ana te renmen Ana, men Ana pa t ka fè timoun. Annapre, lè l t ap priye nan tabènak la, gran prèt Eli te akize l kòmkwa li sou. Ou imajine sa! Epoutan, malgre tout bagay sa yo, Ana ki te konn limit li te metrize tèt li e li te reponn Eli avèk respè. Bondye fè konsève priyè touchan Ana te fè a nan Bib la. Priyè sa a gen yon pakèt pawòl ki montre jan Ana te gen lafwa, jan l te fè louwanj pou Bondye e jan l te gen rekonesans. — 1 Sam. 1:5-7, 12-16; 2:1-10.

10 Mete sou sa, lè n konn limit nou sa ka ede n “kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè [n] fè sa ki byen”. (Wom. 12:21.) Souvan, lavi nan sistèm Satan an enjis, e nou bezwen goumen pou n pa vin an kòlè akoz konduit moun k ap fè mechanste yo (Sòm 37:1). Lè se frè ak sè nan domèn espirityèl ki gen pwoblèm youn ak lòt, sa ka lakòz plis soufrans toujou. Yon moun ki konn limit li ap imite Jezi. Men sa Bib la di: “Lè yo te joure l, li pa t joure tou. [...] Men, li te remèt tèt li nan men Sila a ki jije avèk jistis la.” (1 Pyè 2:23). Jezi te konnen se Jewova ki gen dwa fè vanjans (Wom. 12:19). Menm jan an tou, kretyen yo jwenn konsèy pou yo gen imilite e pou yo pa “rann mal pou mal”. — 1 Pyè 3:8, 9.

11, 12. a) Lè nou konn limit nou, ki jan sa ede n byen reyaji lè moun ap flate n oswa lè yo fè twòp lwanj pou nou? b) Lè nou konn limit nou, ki efè sa ta dwe genyen sou rad nou chwazi mete, sou aparans nou ak konduit nou?

11 Lè moun flate n twòp oswa yo fè twòp lwanj pou nou sa ka fè l difisil pou n konn limit nou tou. Ann konsidere bèl fason Estè te reyaji devan yon seri evènman ki te rive sanzatann. Estè te bèl anpil e yo te dòlote l tèlman yo te ba l yon seri swen espesyal pandan yon ane. Chak jou, li te konn pase tan ak anpil jèn fi ki soti toupatou nan Anpi pès la ki te nan konpetisyon youn ak lòt paske yo chak ta renmen se yo menm wa a chwazi. Aktout sa, Estè te kontinye gen respè pou moun e l te metrize tèt li. Menm apre wa a te fin chwazi l kòm rèn, li pa t vin pran tèt li pou yon pakèt afè ni li pa t aji kòmkwa li pa t konn limit li. — Estè 2:9, 12, 15, 17.

Èske abiman nou ak aparans nou montre nou respekte Jewova ak lòt moun, oubyen èske yo montre nou pa fin konn limit nou? (Gade paragraf 12.)

12 Lè nou konn limit nou, sa fè n veye pou abiman nou, aparans nou, ak konduit nou toujou kòrèk e pou yo demontre respè pou lòt moun. Nou rann nou kont se pa lè n ap vante tèt nou oubyen n ap atire atansyon sou nou yon fason ki pa kòrèk nou fè lòt moun renmen nou, men, se lè nou demontre nou gen “yon lespri ki dou e ki pezib”. (Li 1 Pyè 3:3, 4; Jer. 9:23, 24.) Si nou pran tèt nou pou yon pakèt afè nan kè nou, towouta, sa ap parèt nan aksyon nou. Pa egzanp, nou ka ap fè konprann nou gen privilèj espesyal, nou gen enfòmasyon lòt moun pa genyen, oubyen nou gen relasyon espesyal ak frè responsab yo. Oubyen, nou kapab ap esplike yon seri bagay kòmkwa se nou menm ki te vin ak ide yo oswa se nou menm ki te reyalize yo alòske gen lòt moun ki te patisipe tou. La a ankò, Jezi kite yon bèl egzanp pou nou. Yon bon pati nan sa l te di yo se te swa yon sitasyon ki sot nan Liv ki te ekri ann ebre yo oubyen yon referans li te fè ak yo. Avèk imilite, li te konn pale fason sa a pou moun ki t ap koute l yo te ka konnen se nan Jewova sa l t ap di yo soti, se pa ak pwòp entèlijans li oswa ak sajès li li te di yo. — Jan 8:28.

LÈ N PA KONN SA K PRAL RIVE

13, 14. Lè nou konn limit nou, ki jan sa ka ede n pran pi bon desizyon?

13 Yon lòt bagay ki ka fè l difisil pou n konn limit nou se lè yo pran desizyon ki konsène nou. Pandan apot Pòl te Sezare, pwofèt Agabis te fè l konnen si l kontinye vwayaj li rive Jerizalèm, y ap arete l. Yo ka menm touye l. Piske frè yo te pè pou malè pa rive Pòl, yo te sipliye l pou l pa ale. Men, Pòl pa t kite yo konvenk li. Li pa t twò kwè nan tèt li ni li pa t kite laperèz pote l ale. Li te gen yon konfyans total nan Jewova e l te prepare l pou l fè travay yo te ba l fè a, kèlkeswa kote Jewova t ap kite sa mennen l. Lè frè yo tande sa, piske yo te konn limit yo, yo te sispann opoze ak desizyon Pòl te pran pou l al Jerizalèm nan. — Travay 21:10-14.

14 Lè nou konn limit nou, sa ka ede n pran bon desizyon menmsi n pa fin byen konnen jan bagay yo ap fini oubyen nou gen kontwòl sou yo. Pa egzanp, si n antre nan youn nan fòm sèvis aplentan yo, ki sa k ap rive n si n vin malad? E si paran nou yo ki granmoun vin bezwen èd nou? Ki jan n ap fè pran swen tèt nou lè nou vin granmoun? Kèlkeswa kantite priyè oswa kantite rechèch nou ta fè, nou pap jwenn tout repons kesyon sa yo (Ekl. 8:16, 17). Konfyans nou gen nan Jewova ap ede n nonsèlman rekonèt limit nou, men tou, l ap ede n aksepte yo. Apre nou fin fè rechèch, nou pale ak lòt moun e n priye Bondye pou n mande l direksyon, nou bezwen suiv direksyon lespri Bondye ban nou. (Li Eklezyas 11:4-6.) Sa bay Jewova posiblite pou l beni efò nou, oubyen li kapab ede n chanje objektif nou yo. — Pwo. 16:3, 9.

CHÈCHE KONN LIMIT NOU

15. Lè n medite sou Jewova, ki jan sa ede n kenbe imilite n?

15 Piske sa gen anpil avantaj lè yon moun konn limit li, ki jan nou ka chèche vin pi byen konn limit nou? Ann egzamine kat fason nou kapab fè sa. Premyèman, n ap vin pi byen konn limit nou e n ap vin gen plis respè pou Jewova lè n pran tan pou n reflechi sou pakèt gwo kalite ak gwo pozisyon li genyen (Eza. 8:13). Sonje sa, se avèk Bondye Toupisan an n ap mache, se pa avèk yon zanj oswa yon moun parèy nou. Lè n byen konprann sa, sa ap fè n “soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan”. — 1 Pyè 5:6.

16. Lè n medite sou lanmou Bondye, ki jan sa ankouraje n ret nan limit nou?

16 Dezyèmman, lè n medite sou lanmou Jewova, sa ap ede n chèche konn limit nou. Apot Pòl te fè konnen Jewova bay pati nan kò nou ki gen mwens onè yo “plis onè”. (1 Kor. 12:23, 24.) Menm jan an tou, Jewova gen sousi pou nou chak malgre nou gen limit. Li pa konpare nou ak lòt moun e li pa sispann renmen nou lè nou fè erè. Piske n konnen Jewova renmen nou, nou kapab santi nou alèz pou n sèvi l kèlkeswa kote n ye lakay li.

17. Lè n aprann wè sa ki bon lakay lòt moun, ki efè sa ap gen sou nou?

17 Twazyèmman, n ap bay wòl nou nan sèvis Jewova a plis valè lè n chèche sa ki bon lakay lòt moun menm jan ak Jewova. Olye pou n ap chèche atire atansyon sou nou oubyen pou n toujou ap chèche pran devan, avèk imilite, n ap chèche konsèy pi souvan nan men lòt moun e n ap suiv sijesyon yo ban nou (Pwo. 13:10). N ap rejwi avèk yo lè yo ba yo privilèj. Epi, n ap fè louwanj pou Jewova lè n wè fason li beni “tout frè nou yo nan monn nan”. — 1 Pyè 5:9.

18. Ki jan n ka fòme konsyans nou pou n ka vin pi byen konn limit nou?

18 Katriyèmman, n ap vin pi byen konn limit nou lè n fòme konsyans nou ann amoni ak prensip ki nan Bib la. N ap vin gen bon jijman lè nou aprann wè bagay yo menm jan ak Jewova e nou fè sa avèk imilite. Lè n etidye Labib regilyèman, nou priye Jewova, e nou aplike sa nou aprann yo, ofiramezi n ap vin gen yon pi bon konsyans (1 Tim. 1:5). Nou aprann mete lòt moun anvan nou. Si n fè sa n dwe fè, Jewova pwomèt l ap “fin fòme nou”, sa vle di l ap ede nou vin pi byen konn limit nou ak lòt kalite l genyen yo. — 1 Pyè 5:10.

19. Ki sa k ap ede nou ret nan limit nou pou toutan?

19 Yon sèl aksyon pwofèt ki te sot Jida Bib la pa bay non l lan te fè te lakòz li pèdi vi l ak bon relasyon l ak Bondye. Men, li posib pou nou ret nan limit nou lè n jwenn eprèv. Egzanp moun ki fidèl ki te la anvan nou yo ak moun ki konn limit yo jodi a montre sa posib. Tank nou fè plis tan ap mache ak Jewova, se tank nou ta dwe pi byen konn limit nou (Pwo. 8:13). Kèlkeswa plas nou genyen kounye a, mache ak Jewova se yon bèl privilèj ki san parèy. Se pou n bay privilèj sa a anpil valè e se pou n kontinye fè tout sa n kapab pou n mache avèk Jewova pou toutan toutpandan nou ret nan limit nou.