Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 25

Jewova beni moun ki padone lòt moun

Jewova beni moun ki padone lòt moun

“Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” — KOL. 3:13.

KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki asirans Jewova bay moun ki peche e ki repanti?

 NONSÈLMAN Jewova se Kreyatè nou, li se Sila a ki ban nou lwa pou nou suiv e li se Jij nou, men tou, li se Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou (Sòm 100:3; Eza. 33:22). Lè n peche kont Jewova e nou repanti toutbon, nonsèlman li kapab padone nou, men tou, li kontan fè sa (Sòm 86:5). Men asirans Jewova te bay pa mwayen pwofèt Ezayi: “Menmsi peche nou yo tankou twal wouj, y ap vin blan kou nèj.” — Eza. 1:18.

2. Si nou vle viv anpè ak lòt moun, ki sa n dwe fè?

2 Piske nou enpafè, nou tout konn di oswa fè yon seri bagay ki fè lòt moun mal (Jak 3:2). Men, sa pa vle di nou pa ka gen bon relasyon ak yo. N ap rive gen bon relasyon ak yo si n aprann padone (Pwo. 17:9; 19:11; Mat. 18:21, 22). Lè youn fè lòt kèk ti bagay ki pa twò grav, Jewova vle nou padone (Kol. 3:13). Nou gen bonjan rezon pou n fè sa. Dayè, Jewova dispoze padone nou “nèt”. — Eza. 55:7.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral wè ki jan moun ki enpafè kapab imite Jewova nan kesyon padone. Ki peche nou dwe fè ansyen yo konnen? Poukisa Jewova ankouraje n padone lòt moun? E ki sa n ka aprann nan egzanp kèk nan frè n ak sè n yo ki te soufri anpil akoz peche lòt moun fè?

LÈ YON KRETYEN FÈ YON PECHE GRAV

4. a) Lè yon sèvitè Jewova fè yon peche ki grav, ki sa l dwe fè? b) Ki responsablite ansyen yo genyen lè yo reyini ak yon moun ki fè yon bagay ki mal?

4 Nou dwe fè ansyen yo konnen peche ki grav yo. Yo site kèk nan peche sa yo nan 1 Korentyen 6:9, 10. Peche sa yo se yon seri peche moun fè lè yo vyole lwa Bondye yo yon fason ki vrèman grav. Si yon kretyen fè yon peche konsa, li dwe priye Jewova Dye sou sa e li dwe al kot ansyen yo nan kongregasyon an (Sòm 32:5; Jak 5:14). Ki responsablite ansyen yo genyen? Se sèlman Jewova ki gen otorite pou l padone peche nèt. Li padone peche nou yo sou baz sakrifis ranson an *. Sepandan, Jewova bay ansyen yo responsablite pou yo sèvi ak Bib la pou chèche konnen si moun ki fè peche a ka ret nan kongregasyon an (1 Kor. 5:12). Youn nan bagay yo ka fè, se chèche jwenn repons kesyon ki vin annapre yo: Èske moun nan te fè espre li peche? Èske se yon bagay li te planifye? Èske l gen yon bon bout tan depi l ap fè peche a? Sa k pi enpòtan an, èske l montre l repanti toutbon? Èske gen prèv ki montre Jewova padone l? — Tra. 3:19.

5. Ki byenfè travay ansyen yo ap fè a pèmèt kongregasyon an jwenn?

5 Lè ansyen yo reyini ak moun ki fè peche a, objektif yo se veye pou desizyon yo pran sou tè a se menm desizyon sa a Jewova deja pran nan syèl la (Mat. 18:18). Ki jan dispozisyon sa a bon pou kongregasyon an? Li pèmèt yo retire moun ki peche e ki pa repanti yo nan kongregasyon an pou yo pa gen move enfliyans sou mouton Jewova yo ki gen anpil valè pou Li (1 Kor. 5:6, 7, 11-13; Tit 3:10, 11). Anmenmtan tou, sa ka ede yon moun ki peche pou l repanti e pou l jwenn padon Jewova (Lik 5:32). Ansyen yo priye Jewova pou moun ki repanti a e yo mande l pou l ede moun nan vin gen bon relasyon avè l ankò. — Jak 5:15.

6. Si yon moun eskominye, èske l ka toujou jwenn padon? Esplike.

6 Ann sipoze ansyen yo reyini ak yon moun ki peche e moun nan pa repanti. Nan ka sa a, y ap eskominye l nan kongregasyon an. Si l vyole lwa peyi kote l ye a, ansyen yo pap kache sa pou li pou l pa ta peye konsekans sa l fè a. Jewova pèmèt otorite nan gouvènman yo jije epi pini nenpòt moun ki vyole lalwa, kit moun nan repanti, kit li pa repanti (Wom. 13:4). Epoutan, si annapre moun sa a retounen nan bonsans li, li repanti ak tout kè l, e li kase tèt tounen, Jewova ap dispoze padone l (Lik 15:17-24). Jewova ap padone l menmsi peche l te fè a te grav anpil. — 2 Kwo. 33:9, 12, 13; 1 Tim. 1:15.

7. Ki sa sa vle di padone yon moun ki peche kont nou?

7 Nou santi n soulaje lefètke nou konnen se pa nou ki pou deside si Jewova ap padone yon moun ki peche! Sepandan, gen yon bagay se nou ki pou deside. Ki sa l ye? Nan kèk sitiyasyon, sa ka rive yon moun peche kont nou, e l ka menm fè nou yon bagay ki grav, men, annapre, li ka di nou li regrèt sa l te fè a epi l mande n padon. Nan kèk lòt sitiyasyon, moun nan ka pa fè sa. Aktout sa, nou ka chwazi padone l, sa vle di nou ka deside pase sou sa l fè nou an, epi fè efò pou n pa fache avè l. Nòmalman, sa ka mande tan ak efò pou n fè sa, sitou si sa moun nan te fè a te fè n mal anpil. Men sa Toudegad 15 septanm 1994 (fransè) di: “Lè nou padone yon moun ki peche, sa pa vle di nou dakò ak peche l te fè a. Pou yon kretyen, padone vle di fè Jewova konfyans, epi kite bagay yo nan men l. Li se Jij tout linivè, li jije avèk jistis, e l ap fè nou jwenn jistis nan bon moman.” Poukisa Jewova vle pou n padone e pou n kite se li menm ki jije bagay yo?

REZON KI FÈ JEWOVA VLE N PADONE

8. Lè n padone, ki jan sa montre nou gen rekonesans pou mizèrikòd Jewova fè nou?

8 Lè n padone, nou montre nou gen rekonesans. Nan yon parabòl Jezi te bay, li te konpare Jewova ak yon mèt ki te anile yon gwo dèt pou youn nan esklav li yo ki pa t ka peye. Men, esklav sa a pa t vle montre mizèrikòd pou yon esklav ki te dwe l yon ti kòb ki te pi piti lontan (Mat. 18:23-35). Ki sa Jezi te vle montre nou? Si nou vrèman gen rekonesans pou kokenn mizèrikòd Jewova fè nou, sa ap pouse n padone lòt moun (Sòm 103:9). Men sa Toudegad te di sa gen kèk ane: “Kèlkeswa kantite fwa nou padone pwochen nou, nou pap janm rive padone nan nivo Bondye padone nou ak nan nivo li fè nou mizèrikòd pa mwayen Kris.”

9. Pou ki moun Jewova montre l gen mizèrikòd? (Matye 6:14, 15).

9 Si nou padone lòt moun, Jewova ap padone nou tou. Jewova montre l gen mizèrikòd pou moun ki gen mizèrikòd (Mat. 5:7; Jak 2:13). Jezi te fè konn sa aklè lè l te aprann disip li yo fason pou yo priye. (Li Matye 6:14, 15.) Nou aprann yon leson menm jan an nan pawòl Jewova te di Jòb, sèvitè l la. Mesye sa a ki te fidèl te soufri anpil akoz yon seri pawòl ki te fè l mal twa mesye te di l, anpalan de Elifaz, Bildad ak Sofa. Jewova te di Jòb pou l priye pou yo. Apre Jòb te fin fè sa, Jewova te beni l. — Jòb 42:8-10.

10. Poukisa lè n ret fache se tèt nou nou fè mal? (Efezyen 4:31, 32).

10 Lè n ret fache se tèt nou nou fè mal. Lè n pa kenbe moun sou kè se yon chay lou ki sot sou do n, e se sa Jewova vle. (Li Efezyen 4:31, 32.) Men konsèy li ban nou: “Pinga w fè kòlè, pinga w move.” (Sòm 37:8). N ap montre n gen sajès lè n suiv konsèy sa a. Lè nou ret fache, sa ka gen move efè sou kò nou ak lespri nou (Pwo. 14:30). Pa egzanp, si n ta bwè pwazon, se pa yon moun ki te mal aji avè n k ap gen pwoblèm. Menm jan an tou, si n ta kenbe yon moun ki te mal aji avè n sou kè, se pa li k ap gen pwoblèm. Okontrè, lè n padone lòt moun, se tèt nou nou fè byen (Pwo. 11:17). Lespri nou ak kè nou anpè, e nou kapab kontinye sèvi Jewova.

11. Ki sa Bib la di sou vanjans? (Women 12:19-21).

11 Se Jewova ki gen dwa fè vanjans. Jewova pa ban nou dwa pou n tire revanj lè yon moun peche kont nou. (Li Women 12:19-21.) Lefètke nou enpafè e nou pa konn tout bagay, nou pa gen kapasite pou n byen jije menm jan ak Bondye (Ebre 4:13). E pafwa, nou konn kite santiman anpeche n fè sa n dwe fè. Men sa Jewova te fè Jak ekri: “Kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande.” (Jak 1:20). Nou kapab gen asirans Jewova ap fè sa ki kòrèk la e l ap veye pou jistis fèt jan l dwe fèt la.

Pa kite kòlè ak rankin anvayi w. Kite bagay yo nan men Bondye. L ap elimine tout pwoblèm peche lakòz. (Gade paragraf 12.)

12. Ki jan n ka montre nou gen konfyans Jewova ap fè n jwenn jistis?

12 Lè nou padone, nou montre nou gen konfyans Jewova ap fè n jwenn jistis. Lè nou kite bagay yo nan men Jewova, nou montre nou gen konfyans Jewova ap elimine tout pwoblèm peche lakòz. Nan monn nouvo l pwomèt la, bagay ki te konn fè moun soufri yo “pap vin nan lespri [nou], e [nou pap janm] gen bagay konsa nan kè” nou ankò (Eza. 65:17). Men, lè moun fè nou soufri anpil, èske l vrèman posib pou n elimine kòlè ak rankin nou ta ka gen nan kè nou? Ann wè ki jan kèk moun te rive fè sa.

NOU JWENN BYENFÈ LÈ NOU PADONE LÒT MOUN

13-14. Ki sa egzanp Tony ak José aprann nou sou padon?

13 Gen anpil nan frè n ak sè n yo ki te deside padone lòt moun, menm lè moun sa yo te fè yo yon seri bagay ki te fè yo soufri anpil. Ki byenfè yo te jwenn dèske yo te fè sa?

14 Tony * se yon frè k ap viv nan peyi Filipin. Byen lontan anvan l te aprann laverite, li te vin konnen gen yon mesye ki rele José ki te touye yon gran frè l. Nan epòk sa a, Tony, ki te agresif anpil e ki te vyolan, te vle tire revanj. Yo te arete José e yo te mete l nan prizon pou krim li te fè a. Annapre, lè yo te lage l, Tony te sèmante l ap jwenn li e l ap touye l, se sa k fè l t achte yon zam. Nan menm epòk la, Tony te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova. Men sa l te di: “Pandan m t ap fè etid la, mwen te aprann mwen bezwen chanje fason m aji, e sa te mande tou pou m sispann fè kòlè.” Rive yon lè, Tony te batize e l te vin ansyen nan yon kongregasyon. Imajine jan l te sezi aprann José te batize tou e l ap sèvi Jewova! Lè yo te rankontre, youn te bay lòt bèl akolad, e Tony te di José li padone l. Tony di lefètke l padone José, li tèlman kontan, li pa menm ka esplike jan sa fè l santi l byen. Vrèmanvre, Jewova te beni Tony paske l te dispoze padone.

Egzanp Peter ak Sue montre nou ka sispann an kòlè e nou ka elimine rankin nou genyen. (Gade paragraf 15-16.)

15-16. Ki sa egzanp Peter ak Sue aprann nou sou padon?

15 An 1985, pandan Peter ak Sue t ap asiste yon reyinyon nan Sal Wayòm, bridsoukou, te gen yon gwo eksplozyon ki te fèt. Yon mesye te met yon bonm anndan Sal Wayòm nan! Sue te blese grav e sa vin fè l gen pwoblèm je, li pa tande byen jis kounye a, e li pa kapab pran okenn sant *. Byen souvan, Peter ak Sue te konn ap mande tèt yo: ‘Kòman yon moun fè fè yon mechanste konsa?’ Plizyè ane annapre, yo te arete moun ki te fè zak la, ki pa t yon sèvitè Jewova, e yo te kondane l pou l pase tout vi l nan prizon. Lè yo te mande Peter ak Sue si yo padone mesye a, men sa yo te di: “Jewova aprann nou lè nou ret fache e n gen rankin, sa pa bon ni pou kò nou ni pou lespri nou. Se sa k fè, tousuit apre aksyon an te fin fèt, nou te mande Jewova pou l ede nou pou n pa ret fache e pou n pa kenbe rankin, epi pou n kontinye viv anpè.”

16 Èske l te fasil pou yo te padone? Sa pa t toujou fasil. Men sa yo te di apre sa: “Pafwa, lè Sue konn ap soufri akoz blese li te blese a, nou konn santi n an kòlè ankò. Men, nou pa ret ap panse ak sa, e sa fè santiman sa yo disparèt byen vit. Anfèt, nou ka di ak tout kè nou si mesye ki te met bonm nan vin yon frè nou yon jou, n ap kontan akeyi l. Eksperyans sa a aprann nou lè n aplike prensip ki nan Bib la, nou santi nou lib. Prensip sa yo libere nou fason nou pa ka imajine! Yon lòt bagay ki konsole n se lefètke n konnen talè konsa Jewova pral elimine tout sa ki mal.”

17. Ki sa egzanp Myra aprann ou sou padon?

17 Lè Myra te aprann laverite, li te gentan marye e l te gen de timoun piti. Mari l pa t aksepte laverite. Rive yon lè, mari l te fè adiltè e l te abandone fanmi an. Men sa Myra di: “Lè mari m te kite m ak de pitit nou yo, mwen te santi sa anpil moun konn santi lè yon moun yo renmen trayi yo. Mwen te vekse, mwen pa t ka kwè sa k rive a, mwen te tris, mwen te regrèt, mwen t ap repwoche tèt mwen e m te an kòlè.” Byenke maryaj la kraze, Myra kontinye soufri poutèt mari l te trayi l. Men sa l di ankò: “Santiman sa yo pa t sispann boulvèse m pandan plizyè mwa, e m te rann mwen kont sa te gen efè sou relasyon m ak Jewova e ak lòt moun.” Kounye a, Myra di li pa fache ankò, e li pa swete anyen mal pou ansyen mari l la. Li espere yon jou l ap vin sèvi Jewova. Myra ret konsantre sou lavni. Li te kontinye leve pitit li yo poukont li, e li te ede yo vin sèvi Jewova. Jodi a, Myra kontan sèvi Jewova ansanm ak pitit li yo ak fanmi yo.

JEWOVA SE JIJ PAFÈ A

18. Ki sa nou ka sèten Jewova pral fè antanke pi Gran Jij la?

18 Nou vrèman soulaje lefètke n konnen se pa nou k ap deside ki jan pou yo jije moun yo! Piske Jewova se pi Gran Jij la, se li ki pral fè travay enpòtan sa a (Wom. 14:10-12). Nou kapab gen yon konfyans total Jewova byen konnen sa ki byen ak sa ki mal e l ap toujou jije ann amoni ak prensip li yo ki pafè (Jen. 18:25; 1 Wa 8:32). Li pap janm fè enjistis!

19. Ki sa jistis Jewova ki pafè pral pèmèt li reyalize?

19 Se pa ti tann n ap tann moman kote Jewova pral elimine tout move efè enpèfeksyon ak peche gen sou lèzòm! Lè sa a, tout sa ki nan kò nou ak nan lespri nou k ap fè n soufri pral geri nèt (Sòm 72:12-14; Rev. 21:3, 4). Nou pap janm sonje yo ankò. Pandan n ap tann bèl moman sa a rive, se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova ban nou kapasite pou n imite l nan kesyon padone!

KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an

^ Jewova kontan padone moun ki peche e ki repanti. Antanke kretyen, nou vle suiv egzanp li lè yon moun fè n yon bagay ki fè nou mal. Nan atik sa a, nou pral egzamine peche moun fè nou kapab padone nou menm, ak peche moun fè nou dwe di ansyen yo sa. Epitou, nou pral wè rezon ki fè Jewova vle nou padone youn lòt e ki benediksyon n ap jwenn lè n fè sa.

^ Gade “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad 15 avril 1996 (fransè).

^ Gen kèk non yo chanje.

^ Gade Reveye n! 8 janvye 1992, paj 9-13 (fransè). Epitou, gade videyo ki gen tit Peter et Sue Schulz: Un traumatisme peut être surmonté, sou Tele JW.