Sòm 86​:​1-17

  • Pa gen dye ki tankou Jewova

    • Jewova dispoze padone (5)

    • Tout nasyon yo ap adore Jewova (9)

    • “Montre m chemen w yo” (11)

    • “Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w” (11)

Yon priyè David te fè. 86  O Jewova, panche zòrèy ou* pou w koute m epi reponn mwen,Paske m ap soufri e mwen pòv+.   Pwoteje lavi m* paske mwen fidèl avè w+.Sove sèvitè w la ki gen konfyans nan ou,Paske se ou menm ki Bondye m+.   Fè m favè, o Jewova+,Paske se tout lajounen m ap rele w+.   Fè sèvitè w la* kontan, o Jewova,Paske se ou mwen vin jwenn*.   Paske, ou bon+ e w dispoze padone+, o Jewova.Ou demontre lanmou fidèl ou genyen an pou tout moun ki envoke non w+.   Koute priyè m, o Jewova,Koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou+.   Lè m gen pwoblèm, se ou menm mwen rele+Paske w ap reponn mwen+.   Pa gen okenn dye ki tankou w, o Jewova+.Aksyon w fè yo san parèy+.   Tout nasyon w te fè yoAp vin pwostène devan w, o Jewova+,E y ap bay non w glwa+. 10  Paske, ou gen pouvwa e ou fè yon seri bagay estrawòdinè+.Se ou menm sèl ki Bondye+. 11  O Jewova, montre m chemen w yo+.M ap mache nan verite w yo+.Fè se ak tout kè m mwen* gen lakrentif pou non w+. 12  M ap fè louwanj pou ou ak tout kè m, o Jewova+, Bondye m nan,E m ap toujou bay non w glwa. 13  Paske, lanmou fidèl ou demontre pou mwen an estrawòdinè,Ou sove lavi m* pou m pa desann nan Tonm nan*+. 14  O Bondye, gen yon seri moun k ap pran dwa ki pa pou yo ki kont mwen+,Gen yon bann moun ki san pitye k ap chèche touye m*E ki san respè pou ou*+. 15  Men, ou menm, o Jewova, ou se yon Bondye ki gen mizèrikòd, ki gen konpasyon*,Ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou* e ki fidèl*+. 16  Vire gade m, fè m favè+,Bay sèvitè w la fòs+,Sove pitit gason sèvant ou an. 17  Ban m yon siy ki montre w* bon anvè mPou moun ki rayi m yo ka wè sa e pou yo ka wont.Paske, se ou menm k ap ede m e k ap konsole m, o Jewova.

Nòt anba paj

Oswa: “bese”.
Oswa: “Pwoteje nanm mwen”.
Oswa: “Fè nanm sèvitè w la”.
Oswa: “se devan w mwen leve nanm mwen”.
Oswa: “Ban mwen yon kè ki pa divize pou m ka”.
Oswa: “sove nanm mwen”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ki pa mete w devan yo”.
Oswa: “chèche nanm mwen”.
Oswa: “kè sansib”.
Oswa: “lanmou fidèl”.
Oswa: “ak verite”.
Oswa: “Fè m wè prèv ki montre ou”.